Le gagneur d'ames, #5, 1e Jiye 2014
Eske yon KRETYEN ka pran POUL
nan EGZAMEN?
Kisa “pran poul” la ye?
“Pran poul” se ekspresyon nan lang kreyòl la ki tradwi nan
lang fransè a tankou “tricher”. Yo rele sa « kopye » tou. Ou triche lè ou twonpe vijilans siveyan an
oubyen pwofesè ki bay egzamen an.
Kisa ou panse de yon kamarad k’ap kopye pou li pase ak yon
lòt ki pa fè’l e ki pral echwe ? Avèk senserite, plis moun ta prefere kopye
a. Nan yon sosyete kote yo plis jije sou reyisit, l’ap difisil pou yon elèv
aksepte echwe pandanke li te ka evite sa. Eske yon kretyen dwe aji konsa
tou ?
Plizyè fason yo pran poul
Twonpe vijilans yon moun ka fasil, depan de mwayen an. Ou ka
pran poul nan gade sou moun, oubyen nan kopye sa ou te pote. Dèfwa, elèv k’ap
triche a konn pote egzamen an. Yo rele sa
« plake ». Nan kennenpòt fason yon moun ap pran poul, kè li toujou
kase, paske li konnen byen ke sa l’ap fè a pa bon. Antanke limyè, kretyen dwe
aji byen devan tout moun. Li pa ka ap siveye pou’l fè yon bon zèv ankachèt, sof
nan ka pou evite grandizè (Matye 6.3).
Poukisa anpil moun pran poul ?
Tout moun bezwen reyisi nan lavi yo. Asireman, lekòl se
premye kote yon moun pase pou’l kòmanse nan chemen sa, kwake anpil moun pa pase
ladan. Pou ou ka vin medsen, avoka oubyen enjenyè, ou bezwen omwen te fè tout
klas ou. Eksepte kindègadenn, gen
posiblite pou double, triple e menm kwatriple. Chak klas ou double, triple
oubyen kwatriple se ennan, dezan ou twazan de reta. San dout, se pou evite reta
sa yo ki fè yon elèv ta vle toujou pase. Pou sa, li p’ap manke pran poul nan
egzamen pou li ka reyisi.
Yon kesyon de moral
Premye repons ke tout elèv k’ap kopye bay se: « Mèt, ou
pa’t konn pran poul tou ? »
Asireman wi, men se pa tout pwofèsè. Men kèlkeswa verite a, elèv la dwe
konprann ke li pa bon pou fè mal lè ou konnen se mal. Pawòl la di :
« L’erreur est humaine, mais persévérer dans l’erreur est
diabolique ». Se pa paske tout moun ap fè yon bagay ki mal pou’w kontinye
fè’l, sitou Bib la mande pou kretyen an pa aji menm jan ak tout moun sou latè
(Women 12.2). Pou anpil moun, lamoral pa egziste ankò. Se zafè kèk moun ki vle
viv tankou moun lontan. Poutan, Bondye pa chanje (Malachi 3.6), e sitiyasyon
lòm antanke pechè pa chanje tou devan Bondye (Som 90). Odimwens, si pou moun ki
pa kretyen yo, lamoral kaba, pou kretyen yo li toujou la. Lamoral se yon ansanm de prensip ki la pou
dirije lib aktivite lòm nan sosyete a. Prensip sa yo se Bondye ki te mete yo
avan menm latè te ranpli ak moun. Nan Dekalòg la (10 kòmandman yo), nou jwenn
anpil prensip ke Bondye mete tankou: “ Piga
ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. Respekte
papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou »
(Matye 19.16). Yo souvan di ke pran poul se “vòlò”.
Kretyen dwe fè ladiferans
Yon kretyen pa Bondye, ni Jezikri ni Sentespri. Kidonk, li pa san defo (parfait). Anplis de sa,
kretyen an gen volonte pou li fè sa ki byen ak evite sa ki mal, e Bondye p’ap
fòse li nan desizyon li yo. Toutfwa, devwa kretyen pa menm ak devwa tout moun.
Vi li t’ap mennen san Kris la te ba li libète pou fè sa li vle, lè sa li te
esklav enjistis nan lemond. Tandike vi l’ap mennen nan Kris la ba li libète pou
l fè sa ki jis nan Wayòm Bondye a ak nan
lemond (Women 6.20-22). Premye moun kretyen an vyole konfyans nan pran poul la se
Bondye. Se pa ni enspektè a, ni siveyan an oubyen pwofesè a. Wa David te di nan
Som 139.7 : « Ki bò mwen ta ale pou
m pa jwenn ak Ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou ? » .
Pou kèk moun, Bondye se nan syèl la sèlman Li ye, Li pa sou tè a, se yon ti
pase Li fè lè Li bezwen. Pou kèk kretyen, Bondye nan Legliz la chak dimanch
maten ak nan sèvis yo. Depi benediksyon fin bay, Bondye monte nan syèl. Konsa
pwovèb la tou jwenn plas li : « Depi chat pa la rat pran kay ». Poutan,
nan sal egzamen an, Bondye la. Souvan premye vèsè ki nan Som 139 la site pou
pale de pwoteksyon Bondye bay kretyen yo tout kote. Ebyen, li la pou tout sa
kretyen an ap fè tou. Si li onèt, li p’ap fè sa ki pa dwat paske Bondye ap gade.
Pran Bondye pou yon moun ki ka twonpe se pi gwo erè yon kretyen ka fè (Galat
6.7).
Diferans ant pawòl Bondye ak pawòl lèzòm
Non sèlman, gen moun ki pran Bondye pou yon abitan nan syèl,
men tou, yo pran Li tou pou yon Sipèmàn. Lè kretyen an andanje, li mande li
sekou. Men kou lè a rive pou kretyen an fè devwa li, li chaje makout li ak
pretèks. Annou wè kèk diferans…
Sa
anpil moun ap di : “ Pran poul se pa anyen.
Degaje pa peche. Sa Bib
la di : « Moun ki kenbe
pawòl li nan tout tibagay, l’a
kenbe l nan gwo bagay. Men, moun ki
pa serye nan ti bagay, li p’ap serye nan gwo bagay
nonplis.” (Lik 16.10).
Sa
anpil moun ap di : Se pase’m bezwen pase. Tout moun ap fè’l, se pa mwen ki pou pa fè’l
Sa Bib
la di : « Nan tan
lontan, nou te nan fè nwa. Men kounyea,
paske n’ap viv ansanm nan Senyè a, nou
nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou
tankou moun k’ap viv nan limyè a.Paske limyè
a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak
bagay ki vre » (Efezyen 5.8-9)
Sa
anpil moun ap di : « Poutèt yon ti poul pou’m retounen al soufri nan yon lòt ane lekòl ?. Menm Bondye wè sa pa anyen.
Sa Bib
la di : « Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t’ap mennen ansanm ak
tout move lanvi ki nan lemond, pou nou ka
mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki
dwat, ki devwe pou Bondye
pandan nou sou latè a. » (Tit 2.12)
Move egzanp nan fim yo
Pi gran aktè nou renmen yo se moun ki jwe wòl yo pa janm jwe
nan reyalite lavi yo. Nan anpil fim nou gade, modòd la se: “La fin justifie les
moyens” ke nou ka konpare ak pwovèb kreyòl sa a: « Chemen lajan pa
gen pikan ». Daprè filozofi sa a, sa ki konte se reyisi pa kennenpòt
mwayen. Pi bon detektiv yo se moun ki souvan bay manti pou jwenn laverite. Lè
yon aktè ap tiye moun ak zam, epe, kouto oubyen ak men, nou wè se bèl bagay. Sa
ki pi dwòl ankò, kèk paran pran plezi nan gade jan de fim sa yo ak pitit yo,
epi demen yo vle mouri lè pitit yo ap fè vye zak ? Eske sa a pa yon egzanp
de : sa’w simen, se li ou rekòlte? Nan yon liv ke Pastè Eliphète Cadet
ekri, li di: “Lè yon jèn wè paran li, responsab politik yo ak lòt ap pratike
filizofi sa a, li p’ap pran tan pou’l fè menm jan an”. Mank moralite fè anpil
moun pa ka dekouvri vrè sans onètete. Dirijan k’ap mennen sèvis la maten an,
èske se pa li ki pral pran poul demen nan egzamen an ? Siwi, èske sa pa ta
vle di gen 2 Sentespri ? Youn pou dirije sèvis, yon lòt pou ede nou
triche. Se kòmsi tout bagay chavire tèt anba. Asireman, Bondye pa pran plezi
nan jan de aksyon sa yo.
Solèy leve, lapli ap tonbe
Yon paradòks se 2 bagay k’ap fèt an menm tan ki pa ta dwe
fèt. Ou abitye wè lapli ap tonbe, poutan solèy la toujou klere. Dabitid, sa pa
ta dwe fèt, men li fèt, e nou aksepte li. Konsa tou, paradòks la ka yon bagay
ki vrè epi ki fo an menm tan. Sa ou wè a pa ta dwe sa, men se sa li ye paske li
fèt. Menm pastè sa a nou sot site anwo a rakonte ke nan yon egzamen etik
kretyèn, yo bare yon pastè ki t’ap pran poul. Ki fyète yon moun ki reyisi nan
malonètete ? Ki avni yon ministè, ki avni yo moun k’ap prepare pou al di
laverite, epi ki li menm ap pran poul ? Bondye fè ou konn repons la.
Rezilta ou pale de ou
Toujou daprè pastè Cadet, « N’ap viv nan yon mond ki
egzije nou randman ak reyisit. Yo jije nou sou sa nou fè, e non sou sa nou
ye ». Lesansyèl se bay rezilta. Gen yon mizik payèn ki di :
« Byen jwe pou’w genyen...depi’w bay rezilta ». Si ou vle moun renmen
ou nan sosyete sa a, se rezilta pou’w bay. Sa pa enpòtan de ki mwayen ou pral
pase, depi ou reyisi. Nan yon fim mwen t’ap gade, yon wo fonksyonè nan lapolis
la bay yon polisye misyon pou’l al chache pitit li ke yo kidnape. Li di polisye
a konsa : « Mwen inyore pa ki mwayen ou pral pase, men pa nenpòt
mwayen an, mennen pitit mwen an ban mwen ». Yon bon elèv se pa toujou sila
ki premye nan klas la. Ou ka sezi wè se sila ki fè mwayèn 4 la. Wi, paske li
bay rezilta kapasite li. Menm si elèv la pote mwayenn 7, yon bon paran dwe
mennen ankèt pou’l konnen si pitit li a travay vre, paske yon bagay nou genyen
nan malonètete ka disparèt pou tout bon. Dèfwa, li konn twò ta pou tounen dèyè.
Konkirans ant elèv se byen, si pa gen pran poul. Men si tout moun motive pou yo
twonpe pwofesè a li pa bon. L’ap difisil pou nou wè rezilta sa yo, men si nou
gade nan ki eta edikasyon peyi nou ye, nou ka vit konprann ke gen ijans.
Avantaj pa pran poul
Lè yon elèv pa pran poul, li gen anpil avantaj nan klas li,
nan egzamen ak pandan tout egzistans li.
Li
konnen nivo li : Lè ou konnen nivo ou, ou pa wont lè ou pa fè gwo mwayèn
tankou tout moun ki te pran poul. Menmsi se mwayenn 4 ou ta fè nan premye
kontwòl, ou gen motivasyon pou’w travay plis paske se rezilta travay ou ki bay
mwayèn nan. Se pa menm jan pou yon elèv ki toujou fè mwayenn 6-7 epi yon lè gen
pou li devan yon egzamen pou kont li, sitou nan inivèsite. Ou pa bezwen mande
sa ki pral rive, e sa lakoz deja anpil elèv ki fin lekòl pa ka ale pi lwen. Rezilta !
Li pa
konte sou lòt moun : Yon elèv ki pa nan pran poul pa konte sou lòt elèv. Li p’ap
chache bon kote pou’l chita ni reysit li pa depann de yon bon syèj oubyen yon
bon siveyan. Lè ou pa konte sou sekou lòt moun, ou konpoze ak fòs kouraj ou. E
Bondye la pou jije.
Li
alèz nan konpozisyon : Youn nan tout bagay ki pèmèt yon moun konpoze byen, se lè li
alèz. Ou ka repase leson yo, fè kalkil nan trankilite, ekri san estrès, konpòte’w
tankou moundebyen. Yon senp ti refleksyon ka fè’w sonje yon fòmil ki te
chape’w. Tout avantaj sa yo se pou elèv ki konte sou kapasite yo.
Li pa
pè siveyan : Lè ou pa nan pran poul, ou p’ap pè siveyan paske ou pa anafè.
2 pi gwo bagay ou gen sou ou se memwa ou ak plim ou. Ke siveyan an estrik (di)
ou pa, sa pa konsène’w. Ke li vin fouye’w, sa p’ap twouble’w paske’w konnen ou
pa antò.
Li prè
pou tout kote : Tout moun ka gen lajan, men tout moun pa reyisi nan lavi yo.
Siksè pa vle di pase nan egzamen, men kontinye pase nan tout egzamen. Nicolas
de Chamfort te ekri : « Siksè
bay siksè menm jan lajan bay lajan ». Si ou vle toujou reyisi, se
pou’w toujou konte sou kouray ou. Pou’w toujou konte sou kouray ou se pou’w
toujou etidye ak travay. Konsa, tout kote ou pase, siksè’w ap swiv ou.
Kilès ou vle fè plezi ?
Tout kretyen mete yo dakò pou di yo renmen Bondye, yo fou pou
Li e yo vle fè tout sa Li mande. Poutan, souvan nou wè renmen sa a se nan bouch
li pi fasil, aksyon yo difisil. Paske nan 1 Jan 5.3, men sa apot la di :
« Nou renmen Bondye, lè nou fè tou
sa Li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa». Si
ou renmen Bondye, se Li ou va fè plezi. Kijan menm ou va rive fè sa si ou pa
onèt devan lòm ? Jezi te di nan Matye 6.14-15: « Si nou padone moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padone
nou tou. Men, si nou pa padone moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padone
peche nou yo nonplis ». Wi, Bondye ka padone nou, men Li mande pou nou
padone frè nou avan. Se sanse menm prensip la nan 1 Jan 4.20 an : « Si yon moun di : mwen renmen Bondye,
pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen
frè’l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè. » Se
menm jan ankò pou yon kretyen ki ta di li gen krentif pou Bondye. Si li pa gen
krentif pou siveyan an, pwofesè a li ka wè, kòman l’ap fè gen krentif pou
Bondye li pa ka wè ? Si w’ap mal fè Levanjil sou latè, èske ou pral fè’l
pi byen nan Wayòm nan ? Oubyen, èske w’ap ka antre ladan ? (Matye
7.21) Levanjil !
Ou ka kòmanse jodi a
Youn nan pi gran prèv lanmou Bondye pou tout moun sèke Li
toujou prè pou’L padone, depi gen konfesyon pou peche a (1 Jan 1.8-9). Si ou
rekonèt ke ou te konn pran poul, Bondye va padone ou, e otomatikman, ou va
jwenn lajwa pou’w kontinye etid ou nan kalm ak onètete. Si sa ta rive ou fin
lekòl deja, ou ka toujou ankouraje lòt
moun pa fè sa. Bondye tout kote, L’ap veye tout bagay !
Konklizyon
Pa gen yon
moun nan lemond ki ta renmen echwe. Poutan, echèk la fè pati lavi a tou. Sa ki
enpòtan se pa kite echèk la fèw dekouraje ni bay vag. Yon timoun yon lane k’ap
mache te pase anpil traka nan mwa avan yo pou’l te chita, rale, kanpe ak
mache. Atout kriye li te konn kriye, yon bebe pa janm dekouraje leve pou li reeseye.
E li toujou reyisi alafen. Yon elèv ki pè echwe
p’ap dakò yo rele li « bebe», poutan yon bebe fè kè lemond kontan pase li.
Albert Einstein (Albè Achtay-n) ki te viv nan lane 1879-1955 te yon fizisyen alman.
Li te pran pri Nobèl nan lane 1921. Yo aprann ke misye te tèlman gen difikilte
pou pale byen ke menm paran li te kwè li pa’t nòmal. Pwofesè li te di ke Albert
pa’t ka aprann byen lekòl. Kamarad klas li te meprize li. Nan premye egzamen
pou li te antre nan inivèsite, li te echwe. Epoutan, Albert se youn nan pi gran
Nèg Save ke lemond konnen. Jiskaprezan, y’ap etidye li lekòl nan matyè Fizik ak
Chimi. Nan lòt gran peyi, fòmil li te
envante ap etidye nan gwo inivisitè. Eske w’ap kite pè echwe fè ou peche kont
Bondye nan pran poul oubyen ou pral travay pou’w montre onètete’w devan Bondye
e devan lòm? Desizyon an nan men’w paske yon kretyen pa dwe pran poul nan
egzamen! Pa di’w pa’t konnen ■

