LEGLIZ PA'M NAN PI BON
Inyorans se
pwazon !
Yon moun ki pa vle konnen, p’ap janm
konnen sa pou’l konnen ki pou fè’l konnen sa li ta dwe konnen. Nan dezyèm pati Pwovèb 1.7 la, otè a
di : « Moun fou pa konn valè sa
yo rele gen konesans, yo refize aprann”. Inyorans ka gen 2 sous. Swa se yon
moun ki pa vle konnen menm oubyen yon moun ki panse li fin konnen. Pi gran enmi
inyorans se laverite, pi bon zanmi li se ògèy. Kòm nou konnen sa deja :
« Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan » (Pwovèb
12.19). Pwazon touye moun, men rezon fè moun viv. Anpil fwa, se ou menm ki bay tèt
ou pwazon nan refize aprann oubyen nan kache sa’w konnen.
Yon pwoblèm de RELIJYON
Bib la pa bay yon definisyon egzat pou
mo relijyon an, men kòm sa toujou fèt, lòm tante defini sa yo tande, wè ak
touche. Pou anpil bagay nou p’ap ka di nan sijè sa a, n’ap rete sou yon
definisyon pou nou ka rive konnen si gen Legliz ki pi bon pase yon lòt. Pou sa,
n’ap fè yon diferans ant relijyon ak legliz.
Yon relijyon se sa plizyè moun kwè, sa
yo pataje antre yo menm sou yon fòs nan nati a ki pi fò pase yo. Yo rele fòs sa a dye : [dieu,
dieux, déesse] (1 Wa 11.4-5). Kwayans sa a ke moun sa yo genyen an rete pou yo
chak. Se yon bagay pèsonèl. Moun nan kwè nan sa li vle san pèsonn pa dwe fòse
li renye kwayans li. Se sa nou rele LAFWA a. Lè pa egzanp yon relijyon pa
egziste ankò, sa vle di, moun vin pa pratike li, li vin yon mit (MYTHE). Yon
mit se yon istwa yo rakonte men ki pa fyab, ki pa reyèl. Gen anpil mit an Ejyp,
Lagrès ak Wòm. Pwodiktè sinema yo fè anpil fim sou sa tankou Le Seigneur des
Annaux.
Plizyè tip de RELIJYON
Tout relijyon yo pa menm. Gen relijyon
tradisyonèl tankou Vodou ki baze sou
kwayans nan lespri ki nan nati a oubyen moun ki mouri deja (sen yo kòm egzanp
ak sòlda ki te konbat nan bay yon peyi endepandans tankou Desalin). Gen
relijyon politeyis. Pratikan relijyon sa yo kwè nan plizyè bondye (dieu an Fransè), egzanp Indouyis. Gen relijyon monoteyis.
Pratikan sa yo kwè nan yon sèl bondye. Nou site Jidayis, Krisyanis, Islam ak Boudis. Nan kad sijè nou, n’ap
konsidere Krisyanis la sèlman.
Kisa relijyon KRISYANIS la ye ?
Krisyanis la se relijyon kretyen yo ke
Jezikri te fonde (Matye 16.18), sa gen plis pase 2 mil lane konsa. Fòs siperyè
Krisyanis la rele Bondye (Dieu an
Fransè). Pou Temwen yo, non li se
Jeova, men Bib la bay plizyè non ke Bondye manifeste nan yo. Se ak Abraam
Bondye te revele li avan (Jenèz 17.1). Nan Krisyanis, nou jwenn KRIS, se sa ki
fè tout moun ki se kretyen pa ka gen lòt relijyon ke Krisyanis, e li pa ka gen
lòt liv sakre ke Bib la. Nou konprann vit ke se konfizyon ki fè yon moun ka di
li se kretyen, pandanke li pa vle wè kretyen ki nan lòt Legliz. Bib la fè nou
konnen ke gen yon sèl Bondye kreyatè (Efezyen 4.6). E se Bondye sa a ki fòs
siperyè pou relijyon Krisyanis la. (1 Korent 11.3)
Plizyè pati nan KRISYANIS la.
Relijyon Krisyanis la divize nan plizyè
pati, men sa ki enpòtan yo se KATOLIK,
ÒTODÒKS AK PWOTESTAN. Kidonk, lè nou di Pwotestan ak Katolik, sa pa vle di
2 relijyon, men 2 branch nan yon sèl relijyon. Yo pale de Sèk (Secte), se yon gwoup moun ki te nan yon relijyon epi ki vin
kite li pou yon doktrin kèlkonk, epi ki al fonde yon lòt pati. Nan sans sa a, Krisyanis
se yon sèk paske li soti nan relijyon Jidayis la.
Temwen yo pa kwè nan Trinite, Lanfè,
nesesite pou tout moun fèt yon dezyèm fwa, non dye Krisyanis la pa BonDye.
Pou
sa, yo se yon sèk, men yo pa yon relijyon. Si yo te relijyon, yo t’ap gen
Pwofèt pa yo ki t’ap Charles Russel, Liv sakre pa yo ki t’ap yon lòt liv, fòs
siprèm yo ki t’ap yon lòt bondye ak esperans yo ki pa t’ap ni syèl ni Paradi
sou latè. Se menm jan an pou
Advantis yo, Mòmon yo ki se sèk men ki pa relijyon. Jidayis se relijyon monoteyis
ki pi ansyen an. Fondatè yo se 3 pèsonaj nan Bib la ki se Abraam, Izaak ak Jakòb. Yo rele
moun sa yo PATRIYACH. Liv sakre pa yo pa menm jan ak Bib kretyen yo. Li pa gen
Nouvo Kontra a ladan paske yo pa kwè nan Jezikri (Jan 1.12).
Legliz la pa RELIJYON
Legliz la pa yon relijyon, ni li pa
toujou vle di ke se kote kretyen reyini. Nan Matye 16.18, Jezi pa t’ap pale de
yon kay kote moun ap fè sèvis pou Bondye, ni Li pa t’ap pale de yon
denominasyon ak sèk. Li t’ap pale de asanble
li a, moun pa li yo, pèp Bondye a ki ta pral egiziste sou tout latè (Travay
2.39).
Gen plizyè legliz men gen yon sèl
relijyon.
Katolik :
premye legliz ?
Souvan,
gen diskisyon ant pwotestan ak katolik sou zafè legliz ki te la avan. Se pa sa
ki enpòtan pou konnen, men èske tout legliz yo se legliz Kris yo ye. Premye legliz la se Legliz Jerizalèm nan, se li ki manman
tout legliz yo. Se de li yo pale nan Nouvo Kontra a. Jezi pa’t di Li ta pral
bati legliz katolik ni pwotestan. Li
te di “legliz mwen” (mon église). Si tout legliz se legliz Kris la, premye a pa
enpòtan. Ni legliz pwotestan ni legliz katolik pa premye legliz.
Legliz pastè entèl, kay pastè entèl
Genyen 2 tip de legliz. Legliz lokal ki se kay kote kretyen
yo reyini pou fè sèvis pou Bondye oubyen yon gwoup kretyen ki nan yon zòn
oubyen nan yon kay. (Kolosyen 4.16, 1 Korent 16.19). Legliz inivèsèl la ki se tout
kretyen nan tout legliz sou latè ki sove (1 Tesalonisyen 4.16). Pou anpil moun, legliz la se kay la kote moun
yo ye a. Nou di souvan: « Mwen pral legliz».
Pandanke polemik katolik ak pwotestan an ap kontinye, yon
tandans vin egziste kay pwotestan yo ki pa kote katolik yo. Li pi fasil pou yon
moun fonde yon legliz pwotestan ke legliz katolik. Se yon prèt oubyen yon evèk ki
responsab legliz Katolik, tandike nan pati pwotestan yo li pa konsa. Yo pale de “misyon” ki ka gen legliz nan chak zòn nan peyi a:
egzanp Batis, Bon Samarien, Jan 3.16, Nazareyen, elatriye. Lè yon legliz pa nan
misyon, yo rele li “Legliz endepandan”. Se plis legliz endepandan yo ke yo bay
non pastè k’ap dirije li a pote. Dèfwa,
pastè a konn pa menm aktif, e li konn mouri, adrès la rete : “ Pi wo a, bò legliz pastè entèl la”. Konsa,
w’ap tande souvan ke tout moun ap di: “Mwen legliz kay pastè entèl. Legliz
pastè entèl la”. Tandans sa a fè kèk pastè panse ke legliz la se pou yo li ye
vre. Pa bliye Jezi te di : « legliz mwen» (Matye 16.18). Pòl menm te
di : « Kris la se chèf legliz la » (Efezyen 5.23). Se nan
sikonstans sa a manb yon legliz oubyen yon moun ka di : « Legliz mwen
pa’m nan pi bon». Sitou si pastè
a pa gen bon renome nan zòn nan, tout moun ap di : « Legliz sa a pa
bon ».
Denominasyon oubyen RELIJYON ?
Batis pa diferan de Pannkotis. Se non an ki distinge yo, men
yo adore menm Bondye a, yo kwè nan yon sèl Jezi ak nan yon sèl Sentespri. Diferans la sèlman nan fason yo chak konprann yon doktrin.
Pou Pannkotis la, tout don yo toujou la tandike pou Batis, gen don ki pa la
ankò. Gen legliz ki dakò
manb yo met pantalon, gen lòt ki pa dakò. Pou kèk legliz, sentsèn nan dwe bay
nan yon koup, tandike pou yon lòt kategori, se nan plizyè tivè. Legliz X fè lavman pye, legliz Z di non sa pa bon. Poutan, sa
ki dwòl la, yo chak gen yon vèsè pou sa. Eske sa vle di ke Bondye ki lakoz
konfizyon sa yo oubyen lèzòm ? Chak
legliz pote yon non, sa rele denominasyon,
se pa yon relijyon, paske yo kwè nan yon sèl Bondye, yo li nan menm Bib e se ak
menm chan yo yo adore. Kote diferans la?
Mwen jwenn verite a.
Kòmsi verite a te sere yon kote pou pyès moun pa t’ ka jwenn
li. Gen moun ki souvan fè deklarasyon sa a, lè yo vin konn kèk bagay yo ta dwe
konnen lontan sa (Ebre 5.12) : « Mwen jwenn verite a ! ».
Jezi te di nan Jan 8.31-32 : « Si
nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se
disip mwen vre. N’a konnen verite a, lè sa a, verite a va bannou libète”. Kidonk, tout moun ki rete nan Bib la,
k’ap etidye li ak pratike li, ap jwenn verite. Men verite sa a pa nan pyès
moun, se Kris la li ye menm, e se Li menm ki sous la. Daprè entèpretasyon
Temwen yo de Mak 13.33,35-37 ki mande pou kretyen yo pa kite dòmi pran yo paske
Jezi ap tounen san moun pa konnen, yo fè konnen ke se yo menm ki konsa. Tout
lòt kretyen nan lòt denominasyon yo ap dòmi : « Ki kretyen ki pa kite dòmi pran yo, ki rete nan bon kondisyon
espirityèl ? Listwa ki rakonte nan chapit nou sot li
yo montre ke se Temwen yo » (Les Témoins de Jéhovah, Prédicateurs du
Royaume de Dieu, page 714, Bibliothèque Privée de Profesame). Nan ki vèsè, nan ki liv ak chapit
Bondye, Jezi, Sentespri oubyen yon apot te di men ki GWOUP ki se vrè kretyen
yo ? Pa genyen. Youn nan siy Jezi bay pou konnen vrè legliz li a, ki pa fòseman
yon sèl gwoup, se lanmou youn pou lòt : « Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou
ye » (Jan 13.35). Nan kennenpòt legliz kote lanmou fratènèl la reyèl
gras ak ansèyman laverite, se legliz Kris la. E se pa kretyen yo ki pou di yo
bon, Jezi di : tout moun va konnen…Sa
di, pretann ke se legliz ou ki pi bon se yon veritab ògèy ! Li pa ni
biblik, ni evanjelik, pa menm sosyal, alewè edikatif.
Jou ak vrè adorasyon an
Nou tonbe egakteman nan zafè Advantis ak
Pwotestan. Gran deba a se lalwa ak jou dimanch. Nan yon feyè ki make “ Comparez,
Meditez, Choisissez” responsab Advantis yo rapòte fraz sa a : « Legliz la te jije bon pou li voye sèvis la
ak saba a pou dimanch “[français]. Sous yo bay la se : Cathéchisme du Concile de Trente, Traduction de l’ abbé Carpentier,
Ecclesia 23 page 486. Sa jistifye ke se Legliz Katolik, nan non Konstanten
ki chanje jou samdi a nan jou dimanch, daprè yo. Men ann mete tèt nou nan plas
li. Eske se Konstanten ki te mouri pou lòm ? Daprè etid sou Relijyon ak
Mitoloji, jou dimanch la se jou ki konsakre pou “Dye Solèy” (Sunday), men jou
samdi a tou konsakre pou “Dye Satin” (Saturday). Nan yon tiliv pastè Roldy Télasco ekri ki rele
Lalwa ak Saba, li rapòte 3 egzijans
ki te akonpanye Saba a :
1)
Ofri 2 ti
belye mouton ki gen yon lane, ki san defo
2)
Ofri kat ti
mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann
bwason…
3) Chanje pen ofrann yo nan tabènak la chak
saba (Levitik 24.5-8; 1 Kwonik 9.32).
Si saba a pa gen sa yo, li pa saba. Pou
jou dimanch la ke Advantis yo kritike, pastè Roldy kontinye pou’l di: “ Lè sabatis yo endike ke moun ki adore jou
dimanch gen mak Bèt la…Reponn yo: Eske yo ka pale’w de apot Jezi yo, e an jeneral
de Legliz Primitiv ki te konn reyini jou dimanch pou adore, yo oblije gen mak
bèt la tou! Mande sabatis sa yo pou yo ba ou yon
vèsè biblik ki di ou ke moun ki reyini nan non Jezi jou dimanch gen mak Bèt la. »
(Lalwa ak Saba, paj 30). Pòl di : « Se
sa ki fè pa kite pèsonn kritike nou...pou jou nou mete apa pou...jou
repo » (Kolosyen 2.16e)
Nou tout se yon sèl
Si n’ap pran pou’n site tout sèk,
denominasyon ak lòt relijyon, n’ap remake ke chak gen yon pwen fò ak yon pwen
fèb. Youn pa janm fò tout bon vre. Rezon an senp : lè yon gato divize,
okenn pati ki divize yo pa ka konsidere kòm gato a, poutan yo tout fè pati gato
a. Nan Vivre l’unité Chrétienne ke
Alfred Kuen ekri, li fè nou dekouvri inite nan Kris la ki pa janm kraze vre.
Pòl mande nan 1 Korent 1.13 : « Nan
kondisyon sa a, Kris la genlè divize ?... » Nan Jan 17.21, Jezi
te di : « M’ap lapriyè pou yo
tout fè yon sèl…” Bon, si priyè Sovè a se pou tout disip yo fè yon sèl, sou
non kiyès chak moun vle fè konnen ke legliz li pi bon, lòt yo pa bon ? Sou
Jezikri oubyen Satan ?
Retire vwal la...
Ou menm k’ap li atik sa a, ou bezwen
konprann ke pa gen divizyon ant kretyen yo vre. Se travay djab la pou devye
plan Bondye a. otan ke nou rete dezini, nou p’ap janm gen fòs pou’n konbat kont
move lespri yo, al chache nanm ak sèvi Bondye jan sa dwe fèt.
ü
Nou tout se Temwen
Jeova paske tout kretyen resevwa misyon pou al chache nanm pou Kris (Travay
1.8).
ü
Nou tout se Advantis
paske tout kretyen ap ret tann Kris retounen (2 Pyè 3.10)
ü
Nou tout se Batis paske
nou tout te plonje nan dlo batèm. (Travay 8.38)
ü
Nou tout se Pannkotis,
paske don Sentespri bay yo se pou edifikasyon legliz la (Efezyen 4.11-12).
ü
Nou tout se KòdeKris,
paske nou se manb kò Kris la (1 Korent 12.27)
ü
Nou tout se Legliz
DeDye paske legliz la pa pou ni satan ni lòm. Se pou Bondye li ye. (2
Korent 1.1)
ü
Nou tout se Nazareyen
paske se non Kris la ta pral pote daprè pwofèt yo. ( Matye 2.23).
ü
Nou tout se Pwofesi,
paske se sou pwofèt yo legliz la te fonde (Efezyen 2.20).
ü
Nou tout se Jerizalèm,
paske nou tout ap tann nouvèl Jerizalèm nan (Revelasyon 21.1-2)
ü
Nou tout se La Foi
Apostolik, paske nou chita sou ansèyman apot yo (Travay 2.42).
ü
Nou tout se Jan
3.16, paske Jezi te vin mouri pou nou tout e Bondye renmen nou tout (Jan
3.16)
ü
Nou tout se Filadèlfi,
paske Bondye mande pou kretyen yo kenbe pawòl li, pou yo pa renye non li e
pou yo kenbe lafwa (Revelasyon 3.7-13).
ü
Nou tout se Katolik,
paske chak kretyen se yon sen e Bondye mande pou yo mennen yon lavi ki
sensè (Tit 2.11-12).
ü
Nou tout se yon sèl. Bib la di : « Kounye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak
moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant
fanm ak gason. Nou tout nou fè youn nan Jezikri ». (Galat 3.28).
Jezi te vin mouri pou nou tout (Jan
3.16). Li voye nou al fè tout moun disip (Mak 16.15). Tout moun gen pou jije
(Ebre 9.27). Bondye pa gade pèsonn sou figi (Travay 8.34). Pouki nou menm, n’ap
fè’l ?
Dènye koze
Daprè sa plizyè moun rapòte, gen yon
moun ki t’ap chache yon bon legliz pou’l antre. Yon moun te di li konsa :
« Si ou ta rive jwenn yon bon
legliz, pa antre. Paske ou pral gate’l ». Nan jou jijman an modòd la
se p’ap nan ki legliz ou te pèsevere, men : « Eske non ou ekri nan Liv
ki gen non moun ki gen lavi a» (Revelasyon 20.15). Si se pa sa, ou deja pou
lanfè. Bondye pa bay pyès fondatè legliz sou latè, ni misyon, ni prèt, ni
pastè, ni pap dwa pou sove moun. Se Li menm ki se Chemen an, Verite a !
(Jan 14.6). Kit ou se manb legliz katolik, legliz pwotestan, legliz òtodòks,
legliz advantis, Temwen Jeova ak lòt ou konnen yo, pa janm bliye ke se sèlman
SAN JEZI KI KA EFASE PECHE OU YO PASKE SE SEL LI MENM KI KA SOVE OU
(Travay 4.12). Kesyon ou bezwen reponn ak tout kè ou koulye a se : « Eske non ou ekri deja nan Liv lavi a ?
» Si
wi, lòd la se : « al chache
lòt yo pou Jezi». Sinon, konsèy la se : « Chache
asire lavi’w paske Kris ap tounen talè konsa.. ». Pa di’w pa’t
konnen■


