mercredi 13 août 2014

Le gagneur, #7 11 aOUT 2014

LEGLIZ PA'M NAN PI BON
Inyorans se pwazon !


Yon moun ki pa vle konnen, p’ap janm konnen sa pou’l konnen ki pou fè’l konnen sa li ta dwe konnen. Nan dezyèm pati Pwovèb 1.7 la, otè a di : « Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann”. Inyorans ka gen 2 sous. Swa se yon moun ki pa vle konnen menm oubyen yon moun ki panse li fin konnen. Pi gran enmi inyorans se laverite, pi bon zanmi li se ògèy. Kòm nou konnen sa deja : « Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan » (Pwovèb 12.19). Pwazon touye moun, men rezon fè moun viv. Anpil fwa, se ou menm ki bay tèt ou pwazon nan refize aprann oubyen nan kache sa’w konnen.

 

 Yon pwoblèm de RELIJYON

Bib la pa bay yon definisyon egzat pou mo relijyon an, men kòm sa toujou fèt, lòm tante defini sa yo tande, wè ak touche. Pou anpil bagay nou p’ap ka di nan sijè sa a, n’ap rete sou yon definisyon pou nou ka rive konnen si gen Legliz ki pi bon pase yon lòt. Pou sa, n’ap fè yon diferans ant relijyon ak legliz.

 

Yon relijyon se sa plizyè moun kwè, sa yo pataje antre yo menm sou yon fòs nan nati a ki pi fò pase yo. Yo rele fòs sa a dye : [dieu, dieux, déesse] (1 Wa 11.4-5). Kwayans sa a ke moun sa yo genyen an rete pou yo chak. Se yon bagay pèsonèl. Moun nan kwè nan sa li vle san pèsonn pa dwe fòse li renye kwayans li. Se sa nou rele LAFWA a. Lè pa egzanp yon relijyon pa egziste ankò, sa vle di, moun vin pa pratike li, li vin yon mit (MYTHE). Yon mit se yon istwa yo rakonte men ki pa fyab, ki pa reyèl. Gen anpil mit an Ejyp, Lagrès ak Wòm. Pwodiktè sinema yo fè anpil fim sou sa tankou Le Seigneur des Annaux.

 

Plizyè tip de RELIJYON

Tout relijyon yo pa menm. Gen relijyon tradisyonèl tankou Vodou ki baze sou kwayans nan lespri ki nan nati a oubyen moun ki mouri deja (sen yo kòm egzanp ak sòlda ki te konbat nan bay yon peyi endepandans tankou Desalin). Gen relijyon politeyis. Pratikan relijyon sa yo kwè nan plizyè bondye (dieu an Fransè), egzanp Indouyis. Gen relijyon monoteyis. Pratikan sa yo kwè nan yon sèl bondye. Nou site Jidayis, Krisyanis, Islam ak Boudis. Nan kad sijè nou, n’ap konsidere Krisyanis la sèlman.

 

Kisa relijyon KRISYANIS la ye ?

Krisyanis la se relijyon kretyen yo ke Jezikri te fonde (Matye 16.18), sa gen plis pase 2 mil lane konsa. Fòs siperyè Krisyanis la rele Bondye (Dieu an Fransè). Pou Temwen yo, non li se Jeova, men Bib la bay plizyè non ke Bondye manifeste nan yo. Se ak Abraam Bondye te revele li avan (Jenèz 17.1). Nan Krisyanis, nou jwenn KRIS, se sa ki fè tout moun ki se kretyen pa ka gen lòt relijyon ke Krisyanis, e li pa ka gen lòt liv sakre ke Bib la. Nou konprann vit ke se konfizyon ki fè yon moun ka di li se kretyen, pandanke li pa vle wè kretyen ki nan lòt Legliz. Bib la fè nou konnen ke gen yon sèl Bondye kreyatè (Efezyen 4.6). E se Bondye sa a ki fòs siperyè pou relijyon Krisyanis la. (1 Korent 11.3)

 

Plizyè pati nan KRISYANIS la.

Relijyon Krisyanis la divize nan plizyè pati, men sa ki enpòtan yo se KATOLIK, ÒTODÒKS AK PWOTESTAN. Kidonk, lè nou di Pwotestan ak Katolik, sa pa vle di 2 relijyon, men 2 branch nan yon sèl relijyon. Yo pale de Sèk (Secte), se yon gwoup moun ki te nan yon relijyon epi ki vin kite li pou yon doktrin kèlkonk, epi ki al fonde yon lòt pati. Nan sans sa a, Krisyanis se yon sèk paske li soti nan relijyon Jidayis la.

Temwen yo pa kwè nan Trinite, Lanfè, nesesite pou tout moun fèt yon dezyèm fwa, non dye Krisyanis la pa BonDye. Pou sa, yo se yon sèk, men yo pa yon relijyon. Si yo te relijyon, yo t’ap gen Pwofèt pa yo ki t’ap Charles Russel, Liv sakre pa yo ki t’ap yon lòt liv, fòs siprèm yo ki t’ap yon lòt bondye ak esperans yo ki pa t’ap ni syèl ni Paradi sou latè. Se menm jan an pou Advantis yo, Mòmon yo ki se sèk men ki pa relijyon. Jidayis se relijyon monoteyis ki pi ansyen an. Fondatè yo se 3 pèsonaj nan Bib la ki se Abraam, Izaak ak Jakòb. Yo rele moun sa yo PATRIYACH. Liv sakre pa yo pa menm jan ak Bib kretyen yo. Li pa gen Nouvo Kontra a ladan paske yo pa kwè nan Jezikri (Jan 1.12).

 

Legliz la pa RELIJYON

Legliz la pa yon relijyon, ni li pa toujou vle di ke se kote kretyen reyini. Nan Matye 16.18, Jezi pa t’ap pale de yon kay kote moun ap fè sèvis pou Bondye, ni Li pa t’ap pale de yon denominasyon ak sèk. Li t’ap pale de asanble li a, moun pa li yo, pèp Bondye a ki ta pral egiziste sou tout latè (Travay 2.39). Gen plizyè legliz men gen yon sèl relijyon.

 

Katolik : premye legliz ?

Souvan, gen diskisyon ant pwotestan ak katolik sou zafè legliz ki te la avan. Se pa sa ki enpòtan pou konnen, men èske tout legliz yo se legliz Kris yo ye. Premye legliz la se Legliz Jerizalèm nan, se li ki manman tout legliz yo. Se de li yo pale nan Nouvo Kontra a. Jezi pa’t di Li ta pral bati legliz katolik ni pwotestan. Li te di “legliz mwen” (mon église). Si tout legliz se legliz Kris la, premye a pa enpòtan. Ni legliz pwotestan ni legliz katolik pa premye legliz.

 

Legliz pastè entèl, kay pastè entèl

Genyen 2 tip de legliz. Legliz lokal ki se kay kote kretyen yo reyini pou fè sèvis pou Bondye oubyen yon gwoup kretyen ki nan yon zòn oubyen nan yon kay. (Kolosyen 4.16, 1 Korent 16.19). Legliz inivèsèl la ki se tout kretyen nan tout legliz sou latè ki sove (1 Tesalonisyen 4.16).  Pou anpil moun, legliz la se kay la kote moun yo ye a. Nou di souvan: « Mwen pral legliz».

 

Pandanke polemik katolik ak pwotestan an ap kontinye, yon tandans vin egziste kay pwotestan yo ki pa kote katolik yo. Li pi fasil pou yon moun fonde yon legliz pwotestan ke legliz katolik. Se yon prèt oubyen yon evèk ki responsab legliz Katolik, tandike nan pati pwotestan yo li pa konsa. Yo pale de “misyon” ki ka gen legliz nan chak zòn nan peyi a: egzanp Batis, Bon Samarien, Jan 3.16, Nazareyen, elatriye. Lè yon legliz pa nan misyon, yo rele li “Legliz endepandan”. Se plis legliz endepandan yo ke yo bay non pastè k’ap dirije li a pote. Dèfwa,  pastè a konn pa menm aktif, e li konn mouri, adrès la rete : “ Pi wo a, bò legliz pastè entèl la”. Konsa, w’ap tande souvan ke tout moun ap di: “Mwen legliz kay pastè entèl. Legliz pastè entèl la”. Tandans sa a fè kèk pastè panse ke legliz la se pou yo li ye vre. Pa bliye Jezi te di : « legliz mwen» (Matye 16.18). Pòl menm te di : « Kris la se chèf legliz la » (Efezyen 5.23). Se nan sikonstans sa a manb yon legliz oubyen yon moun ka di : « Legliz mwen pa’m nan pi bon». Sitou si pastè a pa gen bon renome nan zòn nan, tout moun ap di : « Legliz sa a pa bon ».

 

Denominasyon oubyen RELIJYON ?

Batis pa diferan de Pannkotis. Se non an ki distinge yo, men yo adore menm Bondye a, yo kwè nan yon sèl Jezi ak nan yon sèl Sentespri. Diferans la sèlman nan fason yo chak konprann yon doktrin. Pou Pannkotis la, tout don yo toujou la tandike pou Batis, gen don ki pa la ankò. Gen legliz ki dakò manb yo met pantalon, gen lòt ki pa dakò. Pou kèk legliz, sentsèn nan dwe bay nan yon koup, tandike pou yon lòt kategori, se nan plizyè tivè. Legliz X fè lavman pye, legliz Z di non sa pa bon. Poutan, sa ki dwòl la, yo chak gen yon vèsè pou sa. Eske sa vle di ke Bondye ki lakoz konfizyon sa yo oubyen lèzòm ? Chak legliz pote yon non, sa rele denominasyon, se pa yon relijyon, paske yo kwè nan yon sèl Bondye, yo li nan menm Bib e se ak menm chan yo yo adore. Kote diferans la?

 

Mwen jwenn verite a.

Kòmsi verite a te sere yon kote pou pyès moun pa t’ ka jwenn li. Gen moun ki souvan fè deklarasyon sa a, lè yo vin konn kèk bagay yo ta dwe konnen lontan sa (Ebre 5.12) : « Mwen jwenn verite a ! ». Jezi te di nan Jan 8.31-32 : « Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N’a konnen verite a, lè sa a, verite a va bannou libète”. Kidonk, tout moun ki rete nan Bib la, k’ap etidye li ak pratike li, ap jwenn verite. Men verite sa a pa nan pyès moun, se Kris la li ye menm, e se Li menm ki sous la. Daprè entèpretasyon Temwen yo de Mak 13.33,35-37 ki mande pou kretyen yo pa kite dòmi pran yo paske Jezi ap tounen san moun pa konnen, yo fè konnen ke se yo menm ki konsa. Tout lòt kretyen nan lòt denominasyon yo ap dòmi : «  Ki kretyen ki pa kite dòmi pran yo, ki rete nan bon kondisyon espirityèl ? Listwa ki rakonte nan chapit nou sot li yo montre ke se Temwen yo » (Les Témoins de Jéhovah, Prédicateurs du Royaume de Dieu, page 714, Bibliothèque Privée de Profesame). Nan ki vèsè, nan ki liv ak chapit Bondye, Jezi, Sentespri oubyen yon apot te di men ki GWOUP ki se vrè kretyen yo ? Pa genyen. Youn nan siy Jezi bay pou konnen vrè legliz li a, ki pa fòseman yon sèl gwoup, se lanmou youn pou lòt : «  Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye » (Jan 13.35). Nan kennenpòt legliz kote lanmou fratènèl la reyèl gras ak ansèyman laverite, se legliz Kris la. E se pa kretyen yo ki pou di yo bon, Jezi di : tout moun va konnen…Sa di, pretann ke se legliz ou ki pi bon se yon veritab ògèy ! Li pa ni biblik, ni evanjelik, pa menm sosyal, alewè edikatif.

 

Jou ak vrè adorasyon an

Nou tonbe egakteman nan zafè Advantis ak Pwotestan. Gran deba a se lalwa ak jou dimanch. Nan yon feyè ki make “ Comparez, Meditez, Choisissez” responsab Advantis yo rapòte fraz sa a : «  Legliz la te jije bon pou li voye sèvis la ak saba a pou dimanch “[français]. Sous yo bay la se : Cathéchisme du Concile de Trente, Traduction de l’ abbé Carpentier, Ecclesia 23 page 486. Sa jistifye ke se Legliz Katolik, nan non Konstanten ki chanje jou samdi a nan jou dimanch, daprè yo. Men ann mete tèt nou nan plas li. Eske se Konstanten ki te mouri pou lòm ? Daprè etid sou Relijyon ak Mitoloji, jou dimanch la se jou ki konsakre pou “Dye Solèy” (Sunday), men jou samdi a tou konsakre pou “Dye Satin” (Saturday).  Nan yon tiliv pastè Roldy Télasco ekri ki rele Lalwa ak Saba, li rapòte 3 egzijans ki te akonpanye Saba a :

1)       Ofri 2 ti belye mouton ki gen yon lane, ki san defo

2)       Ofri kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason…

3)       Chanje pen ofrann yo nan tabènak la chak saba (Levitik 24.5-8; 1 Kwonik 9.32).

Si saba a pa gen sa yo, li pa saba. Pou jou dimanch la ke Advantis yo kritike, pastè Roldy kontinye pou’l di: “ Lè sabatis yo endike ke moun ki adore jou dimanch gen mak Bèt la…Reponn yo: Eske yo ka pale’w de apot Jezi yo, e an jeneral de Legliz Primitiv ki te konn reyini jou dimanch pou adore, yo oblije gen mak bèt la tou! Mande sabatis sa yo pou yo ba ou yon vèsè biblik ki di ou ke moun ki reyini nan non Jezi jou dimanch gen mak Bèt la. » (Lalwa ak Saba, paj 30). Pòl di : « Se sa ki fè pa kite pèsonn kritike nou...pou jou nou mete apa pou...jou repo » (Kolosyen 2.16e)

 

Nou tout se yon sèl

Si n’ap pran pou’n site tout sèk, denominasyon ak lòt relijyon, n’ap remake ke chak gen yon pwen fò ak yon pwen fèb. Youn pa janm fò tout bon vre. Rezon an senp : lè yon gato divize, okenn pati ki divize yo pa ka konsidere kòm gato a, poutan yo tout fè pati gato a. Nan Vivre l’unité Chrétienne ke Alfred Kuen ekri, li fè nou dekouvri inite nan Kris la ki pa janm kraze vre. Pòl mande nan 1 Korent 1.13 : «  Nan kondisyon sa a, Kris la genlè divize ?... » Nan Jan 17.21, Jezi te di : « M’ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl…” Bon, si priyè Sovè a se pou tout disip yo fè yon sèl, sou non kiyès chak moun vle fè konnen ke legliz li pi bon, lòt yo pa bon ? Sou Jezikri oubyen Satan ?

 

Retire vwal la...

Ou menm k’ap li atik sa a, ou bezwen konprann ke pa gen divizyon ant kretyen yo vre. Se travay djab la pou devye plan Bondye a. otan ke nou rete dezini, nou p’ap janm gen fòs pou’n konbat kont move lespri yo, al chache nanm ak sèvi Bondye jan sa dwe fèt.

 

ü  Nou tout se Temwen Jeova paske tout kretyen resevwa misyon pou al chache nanm pou Kris (Travay 1.8).

ü  Nou tout se Advantis paske tout kretyen ap ret tann Kris retounen (2 Pyè 3.10)

ü  Nou tout se Batis paske nou tout te plonje nan dlo batèm. (Travay 8.38)

ü  Nou tout se Pannkotis, paske don Sentespri bay yo se pou edifikasyon legliz la (Efezyen 4.11-12).

ü  Nou tout se KòdeKris, paske nou se manb kò Kris la (1 Korent 12.27)

ü  Nou tout se Legliz DeDye paske legliz la pa pou ni satan ni lòm. Se pou Bondye li ye. (2 Korent 1.1)

ü  Nou tout se Nazareyen paske se non Kris la ta pral pote daprè pwofèt yo.     ( Matye 2.23).

ü  Nou tout se Pwofesi, paske se sou pwofèt yo legliz la te fonde (Efezyen 2.20).

ü  Nou tout se Jerizalèm, paske nou tout ap tann nouvèl Jerizalèm nan (Revelasyon 21.1-2)

ü  Nou tout se La Foi Apostolik, paske nou chita sou ansèyman apot yo (Travay 2.42).

ü  Nou tout se Jan 3.16, paske Jezi te vin mouri pou nou tout e Bondye renmen nou tout (Jan 3.16)

ü  Nou tout se Filadèlfi, paske Bondye mande pou kretyen yo kenbe pawòl li, pou yo pa renye non li e pou yo kenbe lafwa (Revelasyon 3.7-13).

ü  Nou tout se Katolik, paske chak kretyen se yon sen e Bondye mande pou yo mennen yon lavi ki sensè (Tit 2.11-12).

ü  Nou tout se yon sèl. Bib la di : « Kounye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè youn nan Jezikri ». (Galat 3.28).

 

Jezi te vin mouri pou nou tout (Jan 3.16). Li voye nou al fè tout moun disip (Mak 16.15). Tout moun gen pou jije (Ebre 9.27). Bondye pa gade pèsonn sou figi (Travay 8.34). Pouki nou menm, n’ap fè’l ?

 

Dènye koze

Daprè sa plizyè moun rapòte, gen yon moun ki t’ap chache yon bon legliz pou’l antre. Yon moun te di li konsa : « Si ou ta rive jwenn yon bon legliz, pa antre. Paske ou pral gate’l ». Nan jou jijman an modòd la se p’ap nan ki legliz ou te pèsevere, men : « Eske non ou ekri nan Liv ki gen non moun ki gen lavi a» (Revelasyon 20.15). Si se pa sa, ou deja pou lanfè. Bondye pa bay pyès fondatè legliz sou latè, ni misyon, ni prèt, ni pastè, ni pap dwa pou sove moun. Se Li menm ki se Chemen an, Verite a ! (Jan 14.6). Kit ou se manb legliz katolik, legliz pwotestan, legliz òtodòks, legliz advantis, Temwen Jeova ak lòt ou konnen yo, pa janm bliye ke se sèlman SAN JEZI KI KA EFASE PECHE OU YO PASKE SE SEL LI MENM KI KA SOVE OU (Travay 4.12). Kesyon ou bezwen reponn ak tout kè ou koulye a se : « Eske non ou ekri deja nan Liv lavi a ? » Si wi, lòd la se : « al chache lòt yo pou Jezi». Sinon, konsèy la se : « Chache asire lavi’w paske Kris ap tounen talè konsa.. ». Pa di’w pa’t konnen■

 


mercredi 6 août 2014

Le Gagneur #6, 15 Juillet 2014

Chak KRETYEN se yon SEN

Sa anpil moun kwè

Le Gagneur, #6, 15 Juillet 2014

Tout moun ka kwè sa yo vle, men sa pa ka kache yon verite ni fè li pa egziste. Souvan, kesyon poze pou mande kisa ki se verite ? Eske se sa tout moun ap di ? Eske se sa nèg save yo di, sa ki ekri nan liv, sa ki di sou chè Legliz, sa yo anseye lekòl ? Antouka, verite toujou rete verite menmsi tout moun pa vle aksepte li.

Plizyè tandans
Jeneralman, yon sen se yon kretyen ki te fè bon zèv pandan egzistans li, li te viv nan fidelite. Aprè lanmò li, li monte nan syèl al viv kote Bondye nan syèl la. Tandans sa a jwenn sous li nan pawòl ke Jezi te di ak youn nan 2 kriminèl yo : «  Sa m’ap di ou la, se vre wi : Jodi a ou pral avè’m nan paradi ». (Lik 23.43). Kidonk, sen yo nan syèl la ap kontanple Bondye ak entèsede pou moun ki vivan sou latè yo (wikipédia). Legliz la li menm la pou onore li. Plizyè gwoup relijye entèprete sen an nan yon fason diferan. Men kèk ladan yo.

Legliz Katolik
Pou yon kretyen vin sen pou Legliz Katolik, li dwe kanonize (Encarta 2009). Yo fè diferans ant “yon sen” ak “ yon byenere”. Yo onore yon sen nan tout Legliz Katolik nan lemond, tandike yo onore byenere yo nan kèk Legliz. Sen katolik yo se Pap la ki fè seremoni pou yo aprè lanmò yo. Gen moun ki vin sen 500 lane aprè lanmò. Chak sen gen yon jou pou fete yo[1]. Pou Katolik yo, sen yo fòme yon Legliz k’ap triyonfe (l’Eglise triomphante), e yo la pou entèsede bò kote Bondye pou kretyen ki sou latè yo ki se Legliz k’ap milite a (l’Eglise militante) ak mò yo ki nan “Purgatoire” a (kote nanm yo jwenn padon avan yo ale nan paradi). Yo rele “purgatoire” la Legliz k’ap soufri a (L’Eglise souffrante). Tout sen ke yo pa rekonèt sou latè yo, yo fete yo nan fèt “La Toussaint” chak Premye Novanm ki diferan de 2 Novanm ki se Fèt Mò yo.

Legliz Òtodòks
Nan Legliz Òtodòks yo, sen yo se kretyen ki te patisipe nan lavi Kris la. Yo dwe “christophore”, sa vle di, yo dwe mache nan imilite ak obeyisans  pou reprezante imaj Kris la nan fidelite sou latè. Sen sa yo se estati ke yo onore nan plas moun antanke entèsesè. Pou Òtodòks yo, don yo se pou sen sa yo (Efezyen 4.12). Yo pa bezwen kanonize ni yo pa fè diferans ak  “byenere yo” ki vle di “sen” ankò. Òtodòks yo fete sen yo premye dimanch aprè Fèt Pannkot la.

Legliz Pwotestan
Legliz Pwotestan pa aksepte sèvis pou sen yo, ni pou estati yo. Rezon an se paske Bib la deklare ke tout moun ki aksepte ke san Jezi te koule sou kwa a se sen. San sa a sifi pou efase tout peche (Ebre 10.29 ; Women 3.10-18). Pou Refòm nan, sen yo se pèsonaj ki nan Nouvo Kontra a, men sa pa vle di ke yo dwe fè yon sèvis pou yo paske se sèl Bondye ki merite adorasyon. (Soli Dei Gloria= A Dieu seul soit la gloire). Se pou rezon sa a ki fè yo pa fete Sen Valanten. Selon tradisyon, gen plizyè peyi Pwotestan ki konsève kòm Sen Patron, kretyen ki te jwe pi gran wòl nan evanjelizasyon nan peyi sa a, pa egzanp Sent Brigitte nan peyi Suède, sen Olav nan peyi Norvège.

Legliz Mòmon yo
Daprè Mòmon yo, yon sen, sitou nan Legliz Primitiv, se yon kretyen ki te akspete viv Levanjil la jan Jezikri te fè konnen li. Li te resevwa batèm pou vin manb nan Legliz ke Jezi te tabli a. Se pou rezon sa a ki fè manb Legliz sa yo rele « Les saints ». Men pou diferansye yo de premye gwoup Mòmon yo, yo ajoute « des derniers jours » ki vin bay : « Les sains des derniers jours ». Yo pa fè pyès sèvis pou sen yo rekonèt yo, ni yo pa adore estati ak pwofèt yo. Pou yo, yon se pa vle di yon moun ki pa janm fè peche.

Jidayis yo ( nan Ansyen Kontra a)
Nan Ansyen Kontra a, yo itilize yon mo nan lang Ebre a ki se “godesh”. Li vle di “yon moun ki separe, ki san tach, san fot”. Mo Grèk “hagios” vin ranplase li nan Nouvo Kontra a. Gran Prèt ki t’ap travay nan Tanp Jerizalèm nan te pote yon plak lò ki te make: “ Se Bondye sèl ki Sen”. Pwiske Bondye Sen, sèl Li menm ki ka rann yon moun oubyen yon kote sen. Se egzakteman sa apot Pòl di nan 1 Tesalonisyen 5.23.

Bib la : sous verite a
Nan Sòm 119.105, salmis la di: “ Pawòl ou se yon chandèl ki fè’m wè kote m’ap mete pye’m, se yon limyè k’ap klere chemen mwen”. Antanke limyè, Bib la p’ap kite nou nan fè nwa, se sa ki fè Pòl pral di pita: “Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fot, pou moutre yo kijan pou yo viv byen devan Bondye” (2 Timote 3.16).

Si yon sen gen rapò ak Bondye oubyen ak Labib, se Labib ki pou di kisa yon sen ye, paske li se sous laverite konsènan lakreyasyon (Jenèz 1.1). Mo « saint » an soti nan lang Grèk « hagios » ki vle vi “ yon moun ki konsakre pou Bondye, ki mache dwat » (1 Timote 3.16, 2 Timote 3.5 ; Tit 2.12 ; 2 Pyè 1.3). Li toujou itilize pou plizyè moun (Travay 9.13 ; 32.2 ; 26.10). Nan Bib kreyòl la, mo « saint » an tradwi pa «  disip, moun pa Jezi yo, patizan Kris yo». Kidonk, tout kretyen se sen paske tout kretyen se disip Jezikri. Se pa yon tit ki rezève pou yon moun ki « kanonize », yon Ewo, yon moun ki te fè bon zèv pandan li te vivan. Nan Efezyen 4.12 (français), mo « saints » an defini tout kretyen ki nan Legliz la, ki se « corps de Christ » la. Don Sentespri a bay la se pou tout kretyen, tout sen yo (1 Korent 12.7, 1 Pyè 4.10). Toujou nan menm liv la (Efezyen 5.3), mo « saints » an tradwi pa « pèp Bondye a ». Si kretyen yo se pèp Bondye a, yo tout se sen tou. Nan Women 16.2, mo “saints” an tradwi pa : “ moun k’ap viv apa pou Bondye”. Nou jwenn yon non ki fòme ak sen ki se “ sanktifikasyon”. Pòl di de sa nan 1 Tesalonisyen 4.3: « Men sa Bondye vle pou nou : Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite ». Sanktifye ak sanktifikasyon se 2 mo ki soti nan menm rasin ak mo « hagios» la. Finalman, lè nou di “sen yo” nou vle pale de Legliz la nan sans espirityèl, kò Kris la, kretyen yo.

Eske sen vle di “pa ka peche”
Bib la pa’t ekri nan lang Kreyòl, ni Fransè, ni Anglè, pa menm Espanyòl. Li te ekri nan 3 lang: Grèk, Arameyen ak Ebre. Konsa, nan chak lang ke Bib la tradwi, gen posiblite pou gen yon mo oubyen yon fraz ki mal entèprete. Tradwi vle di ”pran yon pawòl ki te di nan yon lang pou fè di’l nan yon lòt lang”. Nan yon tradiksyon, yo ka konsidere mo a sèlman (Love=renmen), tandike yo ka konsidere sans la tou (Love=apresye). Daprè vèsyon Louis Segond 1910 la, yon fanm pa dwe «  anseye, ni pran otorite sou yon gason… » tandike daprè vèsyon 21 an ak Semeur 2000 la, yo fanm pa dwe « anseye pandan l’ap pran otorite sou gason an ». Chak vèsyon sa yo ka bay nesans ak anpil konfizyon. Gen Legliz ki pa dakò pou fanm anseye, gen lòt ki dakò. Si Bib la pa gen kontradiksyon, youn nan tandans sa yo se yon verite. Men se pa sijè nou sa. N’ap fè menm konparezon an pou mo « saint » nan lang Fransè a ak Kreyòl la. Nan Bib Fransè a, hagios tradwi pa «saint» tandike nan kreyòl la ki ta tradwi daprè vèsyon fransè a, mo «saint» an tradwi pa «bon nèt». Pou yon moun ki konprann ak li kreyòl la, l’ap kwè ke «bon nèt la» se «pa janm fè peche» alòske se pa sa. Menm lè yon moun fin sove, li ka fè peche (Matye 6.12-15 ; 1 Jan 1.8-9 ; 2.1), men li pa ka demere nan peche a (1 Jan 3.6-9). Nou abitye tande moun ap di: « Li tankou yon ti sen ; Mwen m pa sen non ! ». Pawòl sa yo ta vle di ke yon sen se yon moun ki pa fè peche. Bib la pa di sa : Li 1 Jan 1.8-9).

Efò pou vin sen
Nou dakò ke tout kretyen se sen, e yon sen se pa yon moun ki pa janm fè peche ankò. Nan ka sa a, akoz de peche nou yo, pèsonn pa ka fè efò pou’l vin sen (Efezyen 4.3; Women 4.1; 9.16).  Se pa efò nou fè ki fè nou vin sen, men se Bondye ki sanktifye nou (1 Tesalonisyen 5.23). Nou sen paske nou fè yon sèl ak Kris (2 Korent 5.17) men sa pa soti nan efò nou. Si se ta sa, nou t’ap ka fè efò pou’n sove tou paske se moun ki sove yo ki sanktifye (Efezyen 2.8-9). Pòl fè konnen ke se Sentespri a ki ka ede nou sèvi Bondye (Filipyen 3.3). Sentete nou fè nou gen dezi pou’n obeyi ak pawòl Bondye a, men se pa efò nou (Filipyen 2.12). Rezon an se « paske se Bondye menm k’ap travay tout tan nan kè nou. Se Li ki ba nou anvi fè sa ki pou fè’L plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè’l vre » (Filipyen 2.13). Daprè 2 Timote 1.7, Sentespri a bay : fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou. Se Sentespri a ki bannou : renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, bon mannyè, dousè….(Galat 5.22). Kote efò lòm fè pou tout sa ? Pòl di nan Filipyen 1.6 : «  Mwen sèten Bondye ki te kòmanse bon travay sa a nan nou, Li gen pou’L kontinye l jouk Li va fini’l nèt, lè jou Jezikri a va rive ». Twò souvan, nan konte sou fòs nou, nou dewoute ak fè kòve. Bondye bannou tout bagay deja, nou bezwen chache dekouvri yo pou’n ka grandi espirityèlman.  Nou bezwen fè efò pou nou youn renmen lòt nan aksyon ak nan pawòl, evanjelize, padone ak sipòte, men nou pa ka fè anyen pou’n amelorye eta nou devan Bondye, paske sa se travay Sentespri a ki la pou sanktifye nou. Sanktifye vle di «  viv apa pou Bondye ». Kretyen yo sanktifye gras ak pozisyon yo nan Kris, men kondisyon lavi yo, yo dwe chache viv apa pou Bondye chak jou. Lè ou sove, ou delivre anba pouvwa peche ki te ka kondane ou, men ou poko sove nan prezans peche. Se sa ki fè Jezi toujou la avèk nou e bò kote Bondye pou defann kòz nou (1 Jan 2.1 ; 5.18, 1 Korent 10.13, Lik 19.10). Kretyen nan lavil Korent yo pa pa tap mennen yon lavi san defo (1 Korent 5.1-2) poutan Pòl di ke yo te sen (1 Korent 1.2; 3.17; 6.1; 7.14; 14.33; 16.1; ). Se nan pozisyon yo nan Kris la.

Yon sèl medyatè
Okenn sen pa ka fè anyen devan Bondye pou yon lòt kretyen, ki li menm se yon sen tou, e anplis ki vivan. Nan Jan 14.14, Jezi di: “ Nenpòt kisa n’a mande nan non M, M’a fè’l pou nou ». Nan vèsè 6 la (b), Li te di : «  Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan Mwen”. Pa gen lòt moun ankò. Pòl mande pou kretyen Tesalonik yo priye pou li ( 1 Tesalonisyen 5.17,25, 2 Tesalonisyen 3.1). Nan Efezyen 6.18, Pòl mande kretyen yo pou yo priye pou “ tout pèp Bondye a”. Nan Bib fransè a, nou li: «et priez pour tous les saints». Pami tout moun ki te mouri depi lemond te kreye, se yon sèl ki toujou vivan e ki la pou pote priyè nou yo devan Bondye. Non Li se JEZI DE NAZARET. Pyè te di de Li : «  Se Li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou » (Travay 4.12). Pa gen pèsonn tankou Jezi !

Sen moun adore yo
Chak peyi, komin oubyen katye gen yon Sen Patron. Nan moman Fèt Patronal la, gen anpil moun ki souvan al priye sen sa a nan chache delivrans, jistis ak pwoteksyon. Tandike se sèl Jezi ki ka fè sa. Li di : « Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou » (Matye 11.28).  Si tout moun se pechè, okenn moun pa ka sove yon lòt moun nan peche. Kontrèman, Jezi te vin mouri pou fè sa (Lik 19.10). Annou fè yon diferans ant sen yo daprè sa anpil moun di ak sa Bib la di.

Sa anpil moun ap di : Sen yo nan syèl la bò kote Bondye pou fè mirak pou lòm.
Sa Bib la di : Sen yo, ki se kretyen yo, sou latè (Travay 9.32).

Sa anpil moun ap di : Pou yon moun vin sen, fòk li kanonize.
Sa Bib la di : Tout moun ki kwè nan Jezikri se yon sen. (1 Pyè 1.14-16 ; Efezyen 4.12).

Sa anpil moun ap di: Nou fè sèvis pou sen yo (lonè, priyè, adorasyon).
Sa Bib la di: « Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri : Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se Li menm sèl pou ou sèvi ». (Matye 4.10)

Konklizyon
Yon apèl pou tout kretyen…
Si daprè Bib la, tout kretyen se sen, diferans la pa dwe rete nan kwayans sèlman ni nan defann yon gwoup, swa dizan Katolik, Òtodòks, Pwotestan, Mòmon, epi lòt yo. Kit li se kretyen katolik, pwotestan oubyen yon lòt gwoup relijye, sa ki enpòtan se viv tankou yon sen. Di yon lòt moun pa nan laverite pa fè’w pi bon si ou menm ou p’ap viv verite ou konnen an. Angwo, moun k’ap denonse a ak moun k’ap fè vye zak la se menm. Pwiske Bib la mete nou dakò ke sen yo se pa moun ke yon otorite konsakre, nou dwe dakò tou ke tout kretyen ki kwè ke yo se sen dwe viv apa pou Bondye. Nou souvan di ke kriminèl, vòlè, fanm movèz vi yo pral nan lanfè. Se vre paske Bib la verifye sa (1 Korent 6.9-10). Konsa tou, fòn pa bliye ke ipokrit yo pap epanye (Matye 7.21). Asireman, Bondye pa pran plezi nan moun k’ap denonse peche, kritike, fè wè, pran pòz pi fò, men Li pran plezi nan moun k’ap fè sa ki byen. Pandan Jezi t’ap preche, yon fanm te di Li konsa : « Fanm ki pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni. » Yon bèl verite, men Jezi pa’t manke fè deklarasyon sa a : « Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni » (Lik 11.27-28). Si ou dekouvri ke chak kretyen se yon sen, ou gen prèv ke lavi ou dwe kòrèk devan Bondye. Avan ou gade sou sa yon lòt ap fè ki mal devan Bondye, gade ou menm sou tèt pa’w pou’w wè si’w pa pi mal. Konsa, si ou pi mal, w’a chache gras nan Bondye ki bay gratis. Si ou pi bon, w’a priye pou li paske menm sa Li fè pou ou, Li ka fè’l pou yon lòt. Se sèlman moun Bondye sove nan peche ki konnen kòman yon pechè ka sove tou. Levanjil pa nan konkirans, ni nan pi fò, pi konnen, pi konn adore, ni pi bèl Tanp ak gwo pastè konesè. Se lavi Kris la nan chak SEN. Pawòl Bondye a pa nan patipri, e Bondye pa gade pyès moun sou figi (Travay 10.34). Koze pou tout moun. Pa di’w pa’t konnen■





[1] Daprè Wikipedia, genyen anviwon 999 sen katolik tandike Encarta a bay 20mil sen (Acta Sanctorum=Actes des Saints) Nan “Martyrologium romanum” lan, resanse anviwon 2700 sen.

mardi 1 juillet 2014

Le Gagneur d'ames, #5, 1 Jiye 2014

Le gagneur d'ames, #5, 1e Jiye 2014

Eske yon KRETYEN ka pran POUL
nan EGZAMEN?

Kisa “pran poul” la ye?
“Pran poul” se ekspresyon nan lang kreyòl la ki tradwi nan lang fransè a tankou “tricher”. Yo rele sa « kopye » tou.  Ou triche lè ou twonpe vijilans siveyan an oubyen pwofesè ki bay egzamen an.

Kisa ou panse de yon kamarad k’ap kopye pou li pase ak yon lòt ki pa fè’l e ki pral echwe ? Avèk senserite, plis moun ta prefere kopye a. Nan yon sosyete kote yo plis jije sou reyisit, l’ap difisil pou yon elèv aksepte echwe pandanke li te ka evite sa. Eske yon kretyen dwe aji konsa tou ?

Plizyè fason yo pran poul
Twonpe vijilans yon moun ka fasil, depan de mwayen an. Ou ka pran poul nan gade sou moun, oubyen nan kopye sa ou te pote. Dèfwa, elèv k’ap triche a konn   pote egzamen an. Yo rele sa « plake ». Nan kennenpòt fason yon moun ap pran poul, kè li toujou kase, paske li konnen byen ke sa l’ap fè a pa bon. Antanke limyè, kretyen dwe aji byen devan tout moun. Li pa ka ap siveye pou’l fè yon bon zèv ankachèt, sof nan ka pou evite grandizè (Matye 6.3).

Poukisa anpil moun pran poul ?
Tout moun bezwen reyisi nan lavi yo. Asireman, lekòl se premye kote yon moun pase pou’l kòmanse nan chemen sa, kwake anpil moun pa pase ladan. Pou ou ka vin medsen, avoka oubyen enjenyè, ou bezwen omwen te fè tout klas ou. Eksepte kindègadenn,  gen posiblite pou double, triple e menm kwatriple. Chak klas ou double, triple oubyen kwatriple se ennan, dezan ou twazan de reta. San dout, se pou evite reta sa yo ki fè yon elèv ta vle toujou pase. Pou sa, li p’ap manke pran poul nan egzamen pou li ka reyisi.

Yon kesyon de moral
Premye repons ke tout elèv k’ap kopye bay se: « Mèt, ou pa’t konn pran poul tou ? »   Asireman wi, men se pa tout pwofèsè. Men kèlkeswa verite a, elèv la dwe konprann ke li pa bon pou fè mal lè ou konnen se mal. Pawòl la di : « L’erreur est humaine, mais persévérer dans l’erreur est diabolique ». Se pa paske tout moun ap fè yon bagay ki mal pou’w kontinye fè’l, sitou Bib la mande pou kretyen an pa aji menm jan ak tout moun sou latè (Women 12.2). Pou anpil moun, lamoral pa egziste ankò. Se zafè kèk moun ki vle viv tankou moun lontan. Poutan, Bondye pa chanje (Malachi 3.6), e sitiyasyon lòm antanke pechè pa chanje tou devan Bondye (Som 90). Odimwens, si pou moun ki pa kretyen yo, lamoral kaba, pou kretyen yo li toujou la.  Lamoral se yon ansanm de prensip ki la pou dirije lib aktivite lòm nan sosyete a. Prensip sa yo se Bondye ki te mete yo avan menm latè te ranpli ak moun. Nan Dekalòg la (10 kòmandman yo), nou jwenn anpil prensip ke Bondye mete tankou: “ Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou » (Matye 19.16). Yo souvan di ke pran poul se “vòlò”.

Kretyen dwe fè ladiferans
Yon kretyen pa Bondye, ni Jezikri ni Sentespri. Kidonk, li pa san defo (parfait). Anplis de sa, kretyen an gen volonte pou li fè sa ki byen ak evite sa ki mal, e Bondye p’ap fòse li nan desizyon li yo. Toutfwa, devwa kretyen pa menm ak devwa tout moun. Vi li t’ap mennen san Kris la te ba li libète pou fè sa li vle, lè sa li te esklav enjistis nan lemond. Tandike vi l’ap mennen nan Kris la ba li libète pou l fè sa ki jis nan Wayòm Bondye  a ak nan lemond (Women 6.20-22). Premye moun kretyen an vyole konfyans nan pran poul la se Bondye. Se pa ni enspektè a, ni siveyan an oubyen pwofesè a. Wa David te di nan Som 139.7 : « Ki bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak Ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou ? » . Pou kèk moun, Bondye se nan syèl la sèlman Li ye, Li pa sou tè a, se yon ti pase Li fè lè Li bezwen. Pou kèk kretyen, Bondye nan Legliz la chak dimanch maten ak nan sèvis yo. Depi benediksyon fin bay, Bondye monte nan syèl. Konsa pwovèb la tou jwenn plas li : « Depi chat pa la rat pran kay ». Poutan, nan sal egzamen an, Bondye la. Souvan premye vèsè ki nan Som 139 la site pou pale de pwoteksyon Bondye bay kretyen yo tout kote. Ebyen, li la pou tout sa kretyen an ap fè tou. Si li onèt, li p’ap fè sa ki pa dwat paske Bondye ap gade. Pran Bondye pou yon moun ki ka twonpe se pi gwo erè yon kretyen ka fè (Galat 6.7).


Diferans ant pawòl Bondye ak pawòl lèzòm
Non sèlman, gen moun ki pran Bondye pou yon abitan nan syèl, men tou, yo pran Li tou pou yon Sipèmàn. Lè kretyen an andanje, li mande li sekou. Men kou lè a rive pou kretyen an fè devwa li, li chaje makout li ak pretèks. Annou wè kèk diferans…

Sa anpil moun ap di : “ Pran poul se pa anyen. Degaje pa peche. Sa Bib la di : « Moun ki kenbe pawòl li nan tout tibagay, l’a kenbe l nan gwo bagay. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p’ap serye nan gwo     bagay nonplis.” (Lik 16.10).

Sa anpil moun ap di : Se pase’m bezwen pase. Tout  moun ap fè’l, se pa mwen ki pou pa fè’l 
Sa Bib la di : « Nan tan lontan, nou te nan fè nwa. Men kounyea, paske n’ap viv ansanm nan Senyè a,            nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k’ap viv nan limyè a.Paske limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre » (Efezyen 5.8-9)

Sa anpil moun ap di : « Poutèt yon ti poul pou’m retounen al soufri nan yon lòt ane lekòl ?. Menm Bondye wè sa pa anyen.
Sa Bib la di : « Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t’ap mennen ansanm ak tout move lanvi ki nan lemond, pou nou ka mennen  yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a. » (Tit 2.12)
Move egzanp nan fim yo
Pi gran aktè nou renmen yo se moun ki jwe wòl yo pa janm jwe nan reyalite lavi yo. Nan anpil fim nou gade, modòd la se: “La fin justifie les moyens” ke nou ka konpare ak pwovèb kreyòl sa a: « Chemen lajan pa gen pikan ». Daprè filozofi sa a, sa ki konte se reyisi pa kennenpòt mwayen. Pi bon detektiv yo se moun ki souvan bay manti pou jwenn laverite. Lè yon aktè ap tiye moun ak zam, epe, kouto oubyen ak men, nou wè se bèl bagay. Sa ki pi dwòl ankò, kèk paran pran plezi nan gade jan de fim sa yo ak pitit yo, epi demen yo vle mouri lè pitit yo ap fè vye zak ? Eske sa a pa yon egzanp de : sa’w simen, se li ou rekòlte? Nan yon liv ke Pastè Eliphète Cadet ekri, li di: “Lè yon jèn wè paran li, responsab politik yo ak lòt ap pratike filizofi sa a, li p’ap pran tan pou’l fè menm jan an”. Mank moralite fè anpil moun pa ka dekouvri vrè sans onètete. Dirijan k’ap mennen sèvis la maten an, èske se pa li ki pral pran poul demen nan egzamen an ? Siwi, èske sa pa ta vle di gen 2 Sentespri ? Youn pou dirije sèvis, yon lòt pou ede nou triche. Se kòmsi tout bagay chavire tèt anba. Asireman, Bondye pa pran plezi nan jan de aksyon sa yo.

Solèy leve, lapli ap tonbe
Yon paradòks se 2 bagay k’ap fèt an menm tan ki pa ta dwe fèt. Ou abitye wè lapli ap tonbe, poutan solèy la toujou klere. Dabitid, sa pa ta dwe fèt, men li fèt, e nou aksepte li. Konsa tou, paradòks la ka yon bagay ki vrè epi ki fo an menm tan. Sa ou wè a pa ta dwe sa, men se sa li ye paske li fèt. Menm pastè sa a nou sot site anwo a rakonte ke nan yon egzamen etik kretyèn, yo bare yon pastè ki t’ap pran poul. Ki fyète yon moun ki reyisi nan malonètete ? Ki avni yon ministè, ki avni yo moun k’ap prepare pou al di laverite, epi ki li menm ap pran poul ? Bondye fè ou konn repons la.

Rezilta ou pale de ou
Toujou daprè pastè Cadet, « N’ap viv nan yon mond ki egzije nou randman ak reyisit. Yo jije nou sou sa nou fè, e non sou sa nou ye ». Lesansyèl se bay rezilta. Gen yon mizik payèn ki di : « Byen jwe pou’w genyen...depi’w bay rezilta ». Si ou vle moun renmen ou nan sosyete sa a, se rezilta pou’w bay. Sa pa enpòtan de ki mwayen ou pral pase, depi ou reyisi. Nan yon fim mwen t’ap gade, yon wo fonksyonè nan lapolis la bay yon polisye misyon pou’l al chache pitit li ke yo kidnape. Li di polisye a konsa : « Mwen inyore pa ki mwayen ou pral pase, men pa nenpòt mwayen an, mennen pitit mwen an ban mwen ». Yon bon elèv se pa toujou sila ki premye nan klas la. Ou ka sezi wè se sila ki fè mwayèn 4 la. Wi, paske li bay rezilta kapasite li. Menm si elèv la pote mwayenn 7, yon bon paran dwe mennen ankèt pou’l konnen si pitit li a travay vre, paske yon bagay nou genyen nan malonètete ka disparèt pou tout bon. Dèfwa, li konn twò ta pou tounen dèyè. Konkirans ant elèv se byen, si pa gen pran poul. Men si tout moun motive pou yo twonpe pwofesè a li pa bon. L’ap difisil pou nou wè rezilta sa yo, men si nou gade nan ki eta edikasyon peyi nou ye, nou ka vit konprann ke gen ijans.

Avantaj pa pran poul
Lè yon elèv pa pran poul, li gen anpil avantaj nan klas li, nan egzamen ak pandan tout egzistans li.

Li konnen nivo li : Lè ou konnen nivo ou, ou pa wont lè ou pa fè gwo mwayèn tankou tout moun ki te pran poul. Menmsi se mwayenn 4 ou ta fè nan premye kontwòl, ou gen motivasyon pou’w travay plis paske se rezilta travay ou ki bay mwayèn nan. Se pa menm jan pou yon elèv ki toujou fè mwayenn 6-7 epi yon lè gen pou li devan yon egzamen pou kont li, sitou nan inivèsite. Ou pa bezwen mande sa ki pral rive, e sa lakoz deja anpil elèv ki fin lekòl pa ka ale pi lwen. Rezilta !

Li pa konte sou lòt moun : Yon elèv ki pa nan pran poul pa konte sou lòt elèv. Li p’ap chache bon kote pou’l chita ni reysit li pa depann de yon bon syèj oubyen yon bon siveyan. Lè ou pa konte sou sekou lòt moun, ou konpoze ak fòs kouraj ou. E Bondye la pou jije.

Li alèz nan konpozisyon : Youn nan tout bagay ki pèmèt yon moun konpoze byen, se lè li alèz. Ou ka repase leson yo, fè kalkil nan trankilite, ekri san estrès, konpòte’w tankou moundebyen. Yon senp ti refleksyon ka fè’w sonje yon fòmil ki te chape’w. Tout avantaj sa yo se pou elèv ki konte sou kapasite yo.

Li pa pè siveyan : Lè ou pa nan pran poul, ou p’ap pè siveyan paske ou pa anafè. 2 pi gwo bagay ou gen sou ou se memwa ou ak plim ou. Ke siveyan an estrik (di) ou pa, sa pa konsène’w. Ke li vin fouye’w, sa p’ap twouble’w paske’w konnen ou pa antò.

Li prè pou tout kote : Tout moun ka gen lajan, men tout moun pa reyisi nan lavi yo. Siksè pa vle di pase nan egzamen, men kontinye pase nan tout egzamen. Nicolas de Chamfort te ekri : « Siksè bay siksè menm jan lajan bay lajan ». Si ou vle toujou reyisi, se pou’w toujou konte sou kouray ou. Pou’w toujou konte sou kouray ou se pou’w toujou etidye ak travay. Konsa, tout kote ou pase, siksè’w ap swiv ou.

Kilès ou vle fè plezi ?
Tout kretyen mete yo dakò pou di yo renmen Bondye, yo fou pou Li e yo vle fè tout sa Li mande. Poutan, souvan nou wè renmen sa a se nan bouch li pi fasil, aksyon yo difisil. Paske nan 1 Jan 5.3, men sa apot la di : « Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa Li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa». Si ou renmen Bondye, se Li ou va fè plezi. Kijan menm ou va rive fè sa si ou pa onèt devan lòm ? Jezi te di nan Matye 6.14-15: « Si nou padone moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padone nou tou. Men, si nou pa padone moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padone peche nou yo nonplis ». Wi, Bondye ka padone nou, men Li mande pou nou padone frè nou avan. Se sanse menm prensip la nan 1 Jan 4.20 an : « Si yon moun di : mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè’l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè. » Se menm jan ankò pou yon kretyen ki ta di li gen krentif pou Bondye. Si li pa gen krentif pou siveyan an, pwofesè a li ka wè, kòman l’ap fè gen krentif pou Bondye li pa ka wè ? Si w’ap mal fè Levanjil sou latè, èske ou pral fè’l pi byen nan Wayòm nan ? Oubyen, èske w’ap ka antre ladan ? (Matye 7.21) Levanjil !

Ou ka kòmanse jodi a
Youn nan pi gran prèv lanmou Bondye pou tout moun sèke Li toujou prè pou’L padone, depi gen konfesyon pou peche a (1 Jan 1.8-9). Si ou rekonèt ke ou te konn pran poul, Bondye va padone ou, e otomatikman, ou va jwenn lajwa pou’w kontinye etid ou nan kalm ak onètete. Si sa ta rive ou fin lekòl deja, ou ka toujou  ankouraje lòt moun pa fè sa. Bondye tout kote, L’ap veye tout bagay !

Konklizyon
Pa gen yon moun nan lemond ki ta renmen echwe. Poutan, echèk la fè pati lavi a tou. Sa ki enpòtan se pa kite echèk la fèw dekouraje ni bay vag. Yon timoun yon lane k’ap mache te pase anpil traka nan mwa avan yo pou’l te chita, rale, kanpe ak mache. Atout kriye li te konn kriye, yon bebe pa janm dekouraje leve pou li reeseye. E li toujou reyisi alafen. Yon elèv ki pè echwe p’ap dakò yo rele li « bebe», poutan yon bebe fè kè lemond kontan pase li. Albert Einstein (Albè Achtay-n) ki te viv nan lane 1879-1955 te yon fizisyen alman. Li te pran pri Nobèl nan lane 1921. Yo aprann ke misye te tèlman gen difikilte pou pale byen ke menm paran li te kwè li pa’t nòmal. Pwofesè li te di ke Albert pa’t ka aprann byen lekòl. Kamarad klas li te meprize li. Nan premye egzamen pou li te antre nan inivèsite, li te echwe. Epoutan, Albert se youn nan pi gran Nèg Save ke lemond konnen. Jiskaprezan, y’ap etidye li lekòl nan matyè Fizik ak Chimi. Nan lòt gran peyi, fòmil li te envante ap etidye nan gwo inivisitè. Eske w’ap kite pè echwe fè ou peche kont Bondye nan pran poul oubyen ou pral travay pou’w montre onètete’w devan Bondye e devan lòm? Desizyon an nan men’w paske yon kretyen pa dwe pran poul nan egzamen! Pa di’w pa’t konnen ■