Konpòtman yon KRETYEN
“ Se
sak fè, kit n’ap manje, kit n’ap bwè, nenpòt kisa n’ap fè, fè’l pou sa sèvi yon
lwanj pou Bondye “ (1 Korent 10.31)
Fot de konesans nan
Pawòl Bondye a ak meditasyon, gen anpil kretyen ki rive aji pi mal pase yon
moun ki pa kretyen. Lè konsa, se pa de mal yo fè pale
Levanjil ak Bondye. Aprè Pol fin ekri pawòl sa a, li kontinye pou’l di kretyen
yo: “Se pou nou viv yon jan pou nou pa
bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo [ki pa kretyen], ni legliz Bondye a
okazyon tonbe nan peche” (1 Korent 10.32). Kòm yon esklav lajistis (Women
6.18) kretyen an la pou Li fè Bondye plezi nan jan l’ap mennen vi li pami moun
ki pa kretyen yo. Li la pou li briye tout kote li pase
(Matye 5.8).
Nou
pibliye atik sa a pou mete tout kretyen nan Legliz Bondye a klè sou sa ki
konsène foutbòl, sitou zafè fanatik sa ki konn bay rezilta negatif. Nou espere
ke tout kretyen ki sensè ap konprann enpòtans pratik Levanjil la nan tout domèn
aprè yo fin fè lekti sa a.
MOTIVASYON
MONDYAL
20tyèm
edisyon Koupdimond la ap fèt soti 12 jwen pou rive 13 jiyè 2014, nan peyi
Brezil kote li te fèt deja nan lane 1950.
Pwogram sa a ki fèt chak 4 lane nan yon peyi diferan nan mond lan motive tout
kalite moun, nan tout kalite relijyon. Nan moman sa, gen biznis k’ap fè kòb,
anpil piblisite, anpil chalè, anpil danje tou plane sou tèt fanatik k’ap kite
pasyon foutbòl mennen yo pi lwen, jis konn rive gen lanmò.
ESKE
OU SE YON KRETYEN ?
Li
pa yon nouvèl ke tout moun konnen ke yon kretyen se patizan Kris, men konbyen
fwa yon patizan Kris defann Kris (Matye 12.30) ? Eske ou se kretyen paske
ou pote non an, oubyen paske ou viv tankou kretyen ? Daprè 1 Korent 10.31 an, yon kretyen se yon
moun k’ap viv pou Bondye nan jan li panse, jan li pale ak jan li aji pou fè lwanj
pou Li.
KOMAN
OU KA FE LWANJ POU BONDYE ?
Se
pa lè ou ap chante, ou fè lwanj Bondye sèlman. Menm jan ak adorasyon an, chante
se youn nan tout mwayen ki genyen pou fè lwanj Bondye. Si se te chante sèlman
ki te ka fè lwanj Bondye, moun ki pa konn chante, sitou bèbè yo, pa t’ap ka fè
lwanj Bondye. Nan 1 Korent 10.31 an, Pòl p’ap pale de « chante » pou fè lwanj, men de
« sa kretyen an ap fè». Nan Jan
4.24 la tou, Jezi pa’t vle di ke se nan chante pou’n adore Bondye. Bib kreyòl
la di : « Bondye se Lespri Li ye. Tout moun k’ap sèvi L se pou yo sèvi L nan
lespri yo jan sa dwe fèt la. » (Jan 4.24). Pakont, nan Efezyen 5.19,
Kolosyen 3.16 Pòl pale de kantik ak chante. Nan Sòm 33.2-3, salmis la
di :
« Jwe enstriman mizik pou di Senyè a
mèsi ! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou Li. Chante yon chante tou nèf pou
Li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.» Pi gran prèv ke yon moun fè lwanj
Bondye se lè l’ap mennen yon vi apa pou Li. Rezon an se paske yon moun ka
chante, konpoze chante ak jwe mizik san li pa kretyen, tandike se sèlman moun
ki gen Sentespri a rete nan li ki ka mennen yon lavi apa pou Bondye. (Women
8.5-8)
PANSE
KRETYEN AN
Kòm
premye e pi gran kòmandman, Jezi te reponn ak yon doktè lalwa konsa :
« Renmen Bondye ak tout kè ou, ak
tout nanm ou, ak tout lide [panse] ou» (Matye 22.37). Se panse nou yo, sa
vle di lide n’ap fè ke moun pa konnen, ki pèmèt nou ka reflechi ak pran
konsyans de aksyon nou ak pawòl nou. Tout moun ka fè move panse. Si li pa
kretyen, konsyans li ka fè’l aji byen, men si li se kretyen, Sentespri a la pou
konvenk li de vye panse l’ap fè. Yon moun ki p’ap panse avan li aji, ka nan
regrè aprè paske vle ou pa, konsyans li ap jije’l. Kretyen an gen plis avantaj
paske li gen Sentespri an plis ki depase sajès ke konsyans li te ka ba li. N’ap
viv nan yon mond ki tèlman koronpi ke nou pa ka konte sou konsyans nou pou
montre nou sa k’ap fè Bondye plezi ou pa. Pou lòm, se lè nou fè yon aksyon, nou
peche. Poutan, Bondye pa wè’l konsa (Matye 5.28 ; 9.4 ; 12.34-35).
Lè nou fin panse, ide nou yo rete nan kè nou. E se depi la tou, nou peche. Ou
evite fè vye panse, tankou : joure ak frape yon moun ki pa fanatik ekip ou.
Se depi nan panse ou pou’w retire vanjans, vye pawòl ki ka fwase fanatik yon
lòt ekip. Plis ou panse ak vye aksyon, se plis ou aji mal.
PAWOL
KRETYEN AN
Se
pa sèlman lè ou nan yon sèvis kèlkonk ou ka/dwe di bon koze ak konpòte ou
tankou moun de byen. Sa ka fè ou gen 2 pèsonalite : youn nan Legliz la ak
yon lòt deyò a. Kòm foutbòl se zafè tout fanatik, ou oblije aji tankou tout
fanatik aji. Ki diferans ki t’ap genyen ant ou menm ak yon moun ki pa
kretyen ? Apot Pòl ekri kretyen nan Lavil Efèz pou’l di yo : “ Pa kite okenn move pawòl soti nan bouch nou.“
(Efezyen 4.29a). Li pale nan menm sans la ak kretyen Kolòs yo tou: « Lè n’ap pale, di bagay ki pou fè yo [moun ki
pa kretyen yo] kontan, ki pou entèrese yo, konn kijan pou nou reponn chak
moun » (Kolòs 4.6). Pi souvan, se pawòl ki mennen aksyon. Bon pawòl
mennen bon aksyon, vye pawòl vye aksyon. Se sa ki fè li pi bon pou yon kretyen
ta evite swiv yon match foutbòl kote ki gen vye pawòl k’ap site. Prefere ou pa
gade yon match, menmsi se te ekip ou, olye pou’w fin gade li epi pou Sentespri
Bondye gen lapenn (1 Tesalonisyen 5.19). Olye ou di sa’w pa ka fè oubyen sa
Levanjil pa bò’w dwa fè, prefere ou pa nan plas pou’w fè’l. Se pou glwa
Bondye !
AKSYON
KRETYEN AN
Aksyon
se sanse twazyèm bagay ki vini nan konpòtman lòm nan : 1)panse, 2)pale, 3)aji. Lè ou fin panse,
ou di sa’w panse a, answit ou fè sa ou di a, finalman, ou reyalize’l. Pòl mande
kretyen Kolòs yo pou yo mennen tèt yo byen avèk moun ki pa kretyen yo.
(Kolosyen 4.5) Se fasil pou ou antoure ak moun ki pa konvèti k’ap gade match
menm kote ak ou. Se pou ou toujou sonje ke ou se yon lòt moun (2 Korent 5.17).
Si lontan, ou te konn aji mal nan zafè fanatik, se pou ou konnen ke vi sa a pa
pou ou ankò paske Kris te vin pote yon chanjman jou ke ou te aksepte Li kòm
Sovè ak Senyè ou. Chak fwa ou fè yon aksyon, ou ta dwe reflechi pou’w konnen si
ou te byen aji daprè sa Bondye vle. Li pi bon ankò, si’w reflechi avan ou aji.
Moun ki pa kretyen yo ap swiv ou, mwens vye jès ou fè, yo kritike ou : An ! Se pa entèl ki te konvèti lòdjou
a k’ap fè sa a ? Kretyen sa yo !. Asireman, sa a pa fè lwanj
Bondye, paske menm payen an jwenn bò pou pale lafwa ou mal. Se sa Pòl te vle fè
kretyen Korent yo konprann (1 Korent 10.32). Si ou bezwen mennen yon moun bay
Kris, se pou ou montre ke lavi ou chanje tout bon (Matye 3.8) nan konpòtman ou,
e nan tout okazyon : « Pa kite okenn chans pase » (Kolosyen
4.6). Foutbòl pa legliz, men ou se kretyen tout kote paske Bondye w’ap sèvi a
pa yon pwofesè ki bò’w yon egzamen e ki pa ka rann li kont ke se kopye ou te
kopye ki fè ou fè nòt. Li Sòm 1 ak Sòm 139. Aksyon nou demontre si nou nan
verite, paske se lè sa w’ap fè a koresponn ak sa w’ap di a, ou nan verite. Jezi
te di : « N’a rekonèt yo sou sa
y’ap fè. » (Matye 7.16). Konsa li pa difisil menm pou’w rekonet vrè
kretyen an nan match foutbòl.
ESKE YON KRETYEN KA
FANATIK FOUTBOL?
Lang kreyòl pale a fè
nou pran anpil mo pou sa yo pa ye. Yon kretyen va bat lestomak li byen fò pou’l
di : « Mwen se fanatik Ajantin ». Yon lòt va reponn li :
« Brezil pi bon». Epi sa sifi pou louvri yon diskisyon ki fini mal, sa ke
2 fanatik yo pa t’ap janm swete. Poukisa ?
PASYON : YON SANTIMAN
SAN LIMIT
Fanatik yon ekip se
yon moun ki gen yon pasyon san limit pou ekip la, daprè vrè definisyon mo
« fanatique » la nan lang fransè a (Dicos Encarta). Ou
ka di tou ke se yon moun ki fou, damou pou ekip li. Si yon kretyen ta rive
konsa, li depase limit li, paske li dwe renmen Bondye ak tout kè’l, nanm li ak
panse li. Kòman pou yon moun renmen Bondye ak tout li menm, epi pou’l renmen
yon lòt bagay k’ap fè li aji mal kont volonte Bondye sa a ? Li pa nòmal.
Gen moun ki prè pou’l kraze yon zanmitay, dèfwa menm yon relasyon santimantal
poutèt yon match foutbòl ki pa menm konsène li. Gen moun ki fè paryaj gwo kòb
pou yon rezilta ke li pa menm konnen. Pasyon ou san limit lè ou pa ka kontwole
emosyon ou devan fawouch, kritik ak defèt ekip ou. Yon kretyen pa dwe konsa.
Youn nan fwi Sentespri a ki se “dousè”
pa pèmèt yon kretyen gen pasyon san limit (Galat 5.22).
FIDEL
E BYEN DESIDE
Yon
fanatik se yon moun ki fidèl ak sa l’ap defann. Li prè pou li menm mouri pou
sa. Li pa wè ni tande paske se sa ki nan lespri li a ki pou fèt. Deside pou’w
fè yon aksyon malonèt, oubyen pou’w joure yon zanmi’w poutèt ekip ou ki pèdi,
se pa konpòtman yon kretyen ki la pou fè lapè ak tout moun (1 Korent 10.33).
Eske jwè oubyen ekip ou renmen an pi enpòtan pase yon bon zanmi ? Ankò
plis pase Bondye ki te kreye syèl la ak tè a ? Siwi, repase lavi ou pou’w
wè si se pa non kretyen yo bò’w pote!
PWEN
FÈB FANATIK
Non
sèlman fanatik la, jan yo dekri li, fè’w bliye tèt ou, aji tankou yon avèg, li
fè’w kache laverite ak refize aksepte yon reyalite. Pou anpil fanatik, menmsi
yon jwè nan ekip li oubyen yon fanatik parèy li ta fè yon bagay mal, li pa gen
kouraj pou di « sa pa bon ».
Senpleman, paske li se yon fanatik. Yon santiman ki anpeche ou pote bon jijman
sou sa w’ap wè ka rive fè ou dakò ak vyolans, vanjans ak medyokrite. Bib la
di : « Pa fè zanmi ak moun ki
ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki
gen san wo. W’a pran move mès yo. W’a rale malè sou ou » (Pwovèb
22.24-25). Pa bliye ke foutbòl se
yon jwèt li ye, byenke li bay kòb. Emosyon li bay pa dire. Kòman’w t’ap jije
yon kretyen ki goumen ak zanmi li poutèt
diskisyon match? Ki rapò ki genyen ant zanmitay ak espò ? Ki sa ekip la ka
regle de byen pou ou antanke fanatik ? Li
pa yon mal ni sa pa vle di ou desann ou devan yon lòt fanatik lè ou aksepte ke
ekip li a kale. Se pa sa ou ta swete, men se sa ki rive. Ou pa yon jwè, se yon
espektatè ou ye, ou te gen kòm devwa chofe ekip la. Si chofe’w la pa’t pote
fwi, ou pa ka chwazi fè mal. Moral yon moun ka bese poutèt yon defèt, men sa pa
dwe mennen li fè vye zak ak vye panse.
CHAK
MOUN GEN YON CHWA
Toutotan
n’ap viv, n’ap toujou bezwen fè yon chwa. Tout moun gen dwa sa. Bondye pa fòse
pyès moun konvèti, paske yo tout fèt ak libète yo. Ou pa oblije ale nan sèvis
Legliz ou poutèt yon match si ou pa fè sa ak tout kè’w. Men atann ak konsekans
la tou. Gen kèk moun ki wè ke Bondye te responsab nan fwi a ke Adan te manje a
paske Bondye antanke Omnisyan ( ki konn tout bagay) te dwe fè’l evite sa. Menm
moun sa yo bliye si Bondye te entèdi Adan manje fwi a (Jenèz 2.16-17). Malgre
Adan te konnen ke jou li manje li, li t’ap mouri, li te chwazi obeyi ak madanm
li. Kòm Bondye pa konn bay manti, Li te fè sa Li te di L’ap fè a. Sa pa retire
nan lanmou li pou lòm ki se kreyati li, kifè pita Li pral fè pwovizyon pou li
ankò( Jenèz 3.15 ; Women 6.23). Ou ka chwazi aji kontrèman ak sa ki di nan
atik sa a, sa p’ap fè’w pa pitit Bondye ankò, men gen konsekans ladan ki ka vin
sou plizyè fòm (Ebre 12.5-11). Vrè kretyen an panse ak konsekans peche a avan
li tante fè’l.
KONSEKANS
FANATIK
Se
yon chwa ou fè lè ou admèt ke ou se fanatik tèl ou tèl ekip. Se yon chwa tou,
yon lòt moun fè lè li pa fanatik pyès ekip. Antanke fanatik, konnen ke gen
konsekans regretab nan kite emosyon kontwole volonte ou.
FE
YON CHWA POU FE LWANJ BONDYE
Bondye
vle pou tout moun adore Li, e se pou sa Li te kreye nou. Atout sa, Li pa’p fòse
pyès moun fè li. Li te ka chwazi zanj yo, oubyen fè yon lòt kategori moun ki
t’ap sèvi Li. Lè sa a, Li pa t’ap fyè de glwa sa a, paske Bondye renmen lè yon
moun fè yon chwa ak tout kè li (2 Korent 9.7). Si ou santi ke fanatik la ka
fè’w manke ak devwa ou anvè Bondye ak frè ou, ou bezwen fè yon chwa. Se pap pou
fè tèt ou plezi, men pou Senyè a. Lè ou te nan lemond, ou te konn abitye aji
jan’w vle. Si ou vin kretyen, gen kouraj ke sa pa ka menm jan an. Si se sa, ou
poko yon lòt moun. Konpòtman’w se youn nan prèv de chanjman Levanjil la fè nan
lavi’w. Pwofite pou’w atire kèk nanm ki poko vin jwenn Kris.
PI
GWO RANDEVOU A
Nan
moman Koupdimond, prèske tout pwogram sibi deranjman paske se yon evenman ki
konsène tout latè. Men, èske li saj pou yon kretyen kite sèvis Legliz li pou
yon lòt aktivite ki pa gen enterè pou nanm li ? Li depann de kretyen an,
selon wòl li jwe nan Legliz li ki pa afekte sèvis yo, pou’l chwazi ant fè Bondye
plezi ak fè mond lan plezi. FIFA pran plizyè lane pou’l òganize yon chanpyona
tandike nan kèk jou, kretyen an gentan pwograme pou’l swiv tout san manke youn.
Eske sa fè lwanj Bondye? Si wi, èske pawòl sa a se pou ou ? « Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou L fè
nou favè pou nou viv pou Li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini,
Li p’ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou, ni nan nanm
nou » (1 Tesalonisyen 5.23). Se pa kretyen an ki pral fè sa, jan anpil
moun ta kwè li, men se Bondye nan fidelite Li : « Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou,
paske Li toujou kenbe pawòl li » (1 Tesalonisyen 5.24) Eske se paske
yon moun pa kretyen ki fè l’ap viv mal oubyen paske Bondye pa fidèl nan pwomès
li yo ? Pèsonn pa ka anpeche ou distrè ou, konsa tou, pyes moun pa ka
anpeche Bondye akonpli volonte Li.
KONKLIZYON
Pwovèb
Ayisyen an di : « Gade pa boule
je ». Se vre, paske ou gen tout libète ou pou’w gade foutbòl, men
konsèy pa janm twòp. Dèfwa, gade konn mennen lwen, sitou lè gen tantasyon ak
konplis ki nan lavi kretyen an, plis anpil obstak ki konn bay okazyon pou
louvri pòt pou peche. Men dènye konsèy nou pou ou :
Reflechi avan ou aji : Yon
fanatik ka fasil fache lè ekip li [ap] pèdi. Atann ou ak plizyè reyaksyon :
Li ka pale fò, joure, tchipe e menm fè’w menas. Bliye ki ran sosyal ou, richès
ou, pèsonalite’w. Pito’w reyalize ke plas ou pa’t la. Pran prekosyon pou’w pa
kite youn nan reyaksyon sa yo fè’w fache tou. Sil posib, prefere ou deplase. Bib la ankouraje kretyen yo nan chache gen
konesans: “ Moun ki san respè pou Bondye
ap touye moun ak lang yo. Men konesans ap sove moun k’ap mache dwat” (Pwovèb
11.9).
Mezire pawòl ou: Pwovèb 10.20 di : “Pawòl ki
sòti nan bouch moun k’ap mache dwat, se lò. Men, lide k’ap travay nan tèt yon
mechan pa vo anyen”. Pou byen Levanjil, fè atansyon ak sa k’ap sot nan
bouch ou pou’w pa fè plis mal ke byen.
Nou kwè ke Levanjil ki mare nou ansanm nan p’ap kite nou nan konfizyon,
paske nou se limyè, nou la pou klere moun ki pa konvèti yo, si sèlman nou
konpòte nou tankou moun sove tout bon vre. Nou kwè ke Sentespri a gen plis
kapasite pou eklere ou nan konprann ak
mete pawòl Bondye a an pratik (1 Tesalonisyen 4.8). Viv Levanjil pou tout tan! Pa di’w pa’t konnen...■
.jpg)
