samedi 17 mai 2014

Le Gagneur d'ames, #1 (4 mai 2014)

Jezi sove yon malfektè


Yon malfektè se yon moun ki te fè yn zak ki merite pini. Nan yon lòt sans, yon malfektè se yon kriminèl. Nan Dekalòg[1] la, egzakteman nan 5e kòmandanman an, Bondye pa dakò pou moun tiye moun. Nou inyore ki krim de mesye ki te kloure bò kote Jezi sou kwa a, men nou sèten ke Jezi li menm pat fè anyen daprè sa youn te di: “ Men Li menm, Li pa fè anyen ki mal” (Lik 23.41). Nou pral analize plizyè rezon ak prèv ki fè ke youn nan malfektè ki te kloure bò kote Jezi a te sove.

§  Krentif pou Bondye
Gen yon gran diferans ant konesans ak sajès. Nan dènye tan sa yo, lòm pa manke konnen, men anpil ladan yo pa gen sajès. Konesans, se lè ou konnen yon verite men sajès se fason ou itilize pou w mete konesans la an pratik. Konsa, si ou di ou kwè oubyen ou konnen Bondye, se pa anyen paske « Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou kòmanse gen konesans » (Pwovèb 1.7)[2]
Malgre li te yon malfektè, youn nan nonm ki te kloure bò kote Jezi a te gen krentif pou Bondye : « Menm krentif ou pa genyen pou Bondye, ou menm ki anba menm kondanasyon an » (Lik 23.40). Li te di sa paske lòt la t’ap denigre Jezi (v39). Atout li te kondane, malfektè a te gen krentif pou Bondye. Nòmalman, daprè krim li te fè a, li pat gen krentif, men sou kwa a, bò kote sovè a, li pran konsyans de fot li nan jijman li te fè sou tèt li. Apot Pòl di nan 1 Korent 11.31 « Si nou te egzamine tèt nou byen avan. Nou pa ta tonbe anba jijman Bondye ». Konsa, malgre ou ta fè kennenpòt sa ki mal devan Bondye oubyen devan lèzòm, si ou rekonèt li pa bon, w ap jwenn padon (1 Jan 1.8-9).
§  Rezilta konsyans
Konsyans vle di « konesans » (conscience : con=avec epi science). Kidonk, lè nou fè nou fè yon bagay ki mal, nou konnen. Se sa ki fè, yon timoun ka fasil mete men li nan dife paske li pa gen konesans de danje dife a. Men kou li boule, li vin konnen danje a. Se menm jan an tou, yon moun ki pa ko gen konesans de peche pap ka repanti. Malfektè a di : « Pou nou menm se jistis ! Vrèmanvre, nou resevwa sa zak nou yo merite. Men Li menm, Li pa fè anyen ki mal ! » (Lik 23.41)  Yon moun  ki rekonèt ke soufrans li se koz peche li va jwenn padon pi rapid pase yon moun ki pa vle rekonèt sa. Se sa menm Bondye vle. Nou youn pa merite sove akoz peche nou, men toutfwa fòk nou dakò ke n’ap viv nan peche e konsekans la se lanmò etènèl. Se poutèt sa Jezikri te vin mouri pou L te ka sove nou nan dife lanfè a.(Women 6.23) Nan lanmò li, Li bannou posiblite pou n rekonsilye ak Bondye (Women 5.12). Vrèmanvre, lòm pa ka fè anyen pou li sove paske tout sa l fè se peche. Konsa, lè nou sove, se yon gras Bondye fè nou (Efezyen 2.8-9). Zèv nou yo se konsekans gras sa a k’ap travay nan lavi nou (Efezyen 2.10). Malfektè a pat wont di li te merite kloure sou kwa pou sa li te fè e li te rekonèt ke Jezi te inosan. Menm jan an, ou menm ki te fè yon bagay mal oubyen k’ap peye yon peche, ou bezwen pran konsyans ke se yon jistis. Pa bay lòt chay pote, ni responsab sikonstans lavi w, se pou w pran konsyans epi remèt tout bagay nan men Bondye. Malfektè a pat bliye fè sa.
§  Yon priyè ak lafwa
Pi souvan, anpil kwè ke priye vle di fèmen je pou pale ak Bondye. Lapriyè ka gen diferan sans.
1.      Pale ak yon moun, mande  (adresser)
2.      Rele pou mande sekou (invocation)
3.      Mande san rete (supplication)
4.      Pale pou byen yon lòt moun (intercéder)
Nan premye sans la, malfektè a te fè yon demand ak Jezi : « Senyè, lè ou vini nan Wayòm ou an, sonje m » (Lik 23.42) Nan pèn li t’ap peye, kriminèl la te gen konviksyon ke Jezi te ka sove l. Konbyen moun ki ta renmen nan plas nonm sa a ? Touprè Sovè a pou w ap mande l sove w nan peche w yo ? Petèt, gen moun ki va di ke li pap janm yon malfektè konsa, men èske tou moun sa a ap jwenn chans pou l fè yon demand konsa epi jwenn li rapid rapid ? Demand koupab la te gen anpil lafwa menm jan ak Santenye[3] Women an ki te di: “Franchman, m’ap di nou sa ! Menm ann Izrayèl, mwen pa jwenn yon gwo lafwa konsa » (Matye 8.10)  Ni Santenye a ni malfektè a pat disip Jezikri, men yo te montre lafwa yo te genyen nan li. Diferans nou ka fè, lafwa malfektè a te ouvè pòt Wayòm Bondye a tandike pa santenye a, pitit li a te jwenn lagerizon (Matye 10.13).
§  Vrè lafwa a
Nòmalman, pa gen fo ak vrè lafwa. Lafwa rete lafwa menm jan dout rete dout. Men pwiske tout moun lib pou di yo gen lafwa, nou vin jwenn gendelè lafwa a pa reyèl pou jan moun sa a ap viv. Malfektè a pat gen espwa ankò, dènye sekou li se te Jezi, Sovè a. Li te deja kondane, e nan kèlke  minit, li ta pral mouri. Santenye women an tou pat gen lechwa paske pitit li pat prè li, distans pou l ta rive, li tap mouri. E menmsi li ta rive, li te gen dwa pat ka fè anyen pou li. Se sa ki fè, li te di Jezi : « ..mwen menm ki se yon nonm ki ki anba otorite yon lòt moun, mwen gen sòlda anba otorite pa m tou. E, si m di youn : « Ale ! », l’ale. Si m di yon lòt : « Vini », li vini. E, si m di sèvitè mwen : « Fè sa a ! », li fè li. » (Matye 8.9). Eksplikasyon santenye a demontre nou ke lafwa se vrèman «  ...garanti bagay nou espere yo, li se prèv bagay nou pa ka wè yo.” (Ebre 11.1). Jezi te deklare ke lafwa papa te sove pitit li a. Papa a pat wè sa, men li te kwè sa. Asireman, malfektè a te jwenn yon repons asire lè Jezi te pwomèt li paradi a. Konsa nou montre vrè lafwa nou lè nou lage tout bagay nan men Bondye pou Li deside. Si nou di nou bay lavi nou ak Jezi, ke nou pwouve sa nan jan n’ap viv, nan desizyon n’ap pran, nan tip de zanmi n’ap fè, nan aksyon nou nan sosyete a ak nan disponiblite nou genyen pou n evanjelize.
§  Nonm ki pa janm manti a
Genyen 3 rezon ki fè yon moun dwe konte sou Bondye.
1)      Li pa janm bay manti
2)      Li pa janm echwe
3)      Li pa janm anreta
Jezi te di nan Jan 10.28 konsa: “ Mwen ba yo lavi etènèl, yo p’ap janm peri ditou. E, pèsonn pap rape yo nan men mwen” Pwomès Jezi te fè ak malfektè a pa diferan de deklarasyon sa a. Lè yon moun sove, li gen lavi etènèl e li gen pou l al viv nan paradi. Nou ta di ke lavi etènèl la oubyen sali a se prèv klè ke nou pral viv nan paradi. Pa bliye ke Jezi gen pou Li retounen. Nan retou li a Li pap vin regle zafè peche ankò, men L’ap vin pou l « ...sove moun k’ap tann li yo » (Ebre 9.28c). Anpil fwa, sove a nan Bib la ka pran plizyè sans.
1.      Sans nan tan pase
Otè liv Ebre a di: “ ...Kris te ofri tèt li yon sèl fwa pou Li pote peche anpil moun » (Ebre 9.28a) Nou wè la a ke  kretyen te sove anba pouvwa peche Adan yo.
2.      Sans nan tan prezan
Atout kretyen an fin delivre anba peche, peche toujou egziste (1 Jan 1.8-9, 3.6-9). Egzistans peche pa fè kretyen ka pèdi sali li paske Kris te mouri deja pou peche sa yo (Kolosyen 2.14-15). Si pou kretyen an ta pèdi sali li, nou ta di ke sakrifis la pat efikas. Konsa, apot Jan ekri pou l di : « Timoun mwen yo, m’ap ekri nou bagay sa yo pou nou ka pa peche. Si yon moun ta peche, nou genyen yon avoka kote Papa a : se Jezi Kris, Li jis. » (1 Jan 2.1). Avoka sa a ap plede pou tout pitit Bondye yo, se sa ki fè « Mechan an (Satan) pa manyen yo (kretyen yo). (1 Jan 5.18).
3.      Sans nan tan fiti
Diferan de tan pase ak tan prezan an, sans sove a nan tan fiti a pa vle di ke kretyen an ap sove aprè lanmò, men Jezi gen pou retounen pou retire kretyen an nan prezans peche a nèt. Se sa Ebre 9.28 la di.
§  Yon pwomès ki gen anpil valè
Koulye a, nou ka konprann pwomès Jezi te fè ak malfektè a sou akonpayman li nan Wayòm nan. « Franchman, m’ap di ou sa : jodi a, w ap avèk mwen nan paradi ». (Lik 23.43)
Pandan egzistans li nan soufrans, li te jwenn asirans ke li sove. Li pat tou al avèk Jezi nan paradi. Kwake vèb la nan tan prezan (jodi a,....tu seras), li eksplike esperans ak fidelite Jezi nan sa Li fè.
Genyen omwen 3 remak enpòtan nan deklarasyon Jezi a.
1. Se sou plas Jezi te bay malfektè a ki te vin touswit yon “moun sove” esperans ke l’ap nan paradi ak li. Li pat kite sa pou pita. Se menm jan an lè yon moun vire do bay peche epi li kwè nan Jezi, li jwenn delivrans nan peche lamenm. Lavi li pral mennen pandan li vivan an pral demontre sa (1 Jan 3.6 ; Efezyen 5.8 ; 1 Pyè 1.15-16).
2. Malfektè a pat ko jwenn batèm dlo, men sa pat anpeche l jwenn pwomès syèl la. Sa pa vle di ke batèm dlo a pa gen valè, men se pa li ki sove a. Okontrè, li se prèv ke kretyen an sove (Mak 16.16).
3. Li trè etonan pou n wè tou ke malfektè a pat fè okenn zèv pou l te ka sove. Women 10.9-10 la aplikab nan lavi li : a) li te konfese peche li, b) li te kwè nan Jezikri, c) li te kwè nan retou Jezikri a k’ap posib aprè rezireksyon li e pou sa d) li te sove. 
§  Konklizyon
Si Jezi te ka sove yon malfektè konsa, si Li te ka ba li esperans syèl akoz de repantans ak lafwa li, ou menm tou ou ka jwenn delivrans sa a. Men fòk ou rekonèt ke w se pechè, ou te dwe mouri nèt (peri) pou peche gran paran w yo (Women 5.12), epi mete konfyans ou nan Jezi ki gen pouvwa pou sove w. Ou te mèt nan dènye eta nan peche w fè kont ou menm, kont lòt moun, kont Bondye, Jezi te vin mouri pou L te rache w nan men enmi an. Pa di ou konvèti deja, pa di w konn al legliz deja ni pa panse apatenans ou ak yon fanmi kretyèn ka sove w. Ou bezwen rekonèt peche w yo. Sinon, ou pap ka al viv nan Wayòm nan•


[1] 10 kòmandman ke Bondye te bay Moyiz sou Mòn Sinayi pou bay Izrayèl la (Egzòd 20.2-17)
[2] Vèsè nan AT yo soti nan Bib Kreyòl, edisyon 1998 la (Société Biblique Haïtienne). Sila nan NT yo soti nan edisyon 2007 la, (Bibles Internationals)
[3] Yon chèf lame Women ki te gen 100 sòlda sou kont li.

vendredi 16 mai 2014

Kisa PROFESAME ye?


Li posib pou’w mande kisa PROFESAME ye, e kòman yo òganize yo. Se nòmal, paske pwovèb la di: “Si’m te konnen toujou dèyè”. Konsa, li toujou bon pou yon moun konnen objektif yon gwoup avan li rantre ladan, pou li pa regrèt demen.  Nan fèyè enfòmasyon sa a, n’ap eseye bò’w enfòmasyon ki ka ede’w konprann kisa PROFESAME ye.  Answit, lè’w fin konnen, w’ap gen dwa pou’w jije, apresye, rejte oubyen aksepte. Men nou sèten ke tout sa nou di’w se laverite.

N’ap kòmanse pa di sa PROFESAME pa ye, avan nou di sa li ye tout bon.

Se pa yon ONG
Yon ONG (Organisation Non Gouvernementale) se yon òganis ki la pou ede pèp nan yon domèn kèlkonk. Pa egzanp, gen ONG ki ede moun nan alfabetizasyon, nan bay manje, nan lagrikilti, elatriye. Nan sans sa a, PROFESAME pa ONG paske li pa gen vokasyon sa yo.

Se pa yon Legliz lokal
Yon Legliz lokal se yon kay kote kretyen yo reyini pou fè kilt pou Bondye nan yon jou kèlkonk. Li dirije pa yon pastè, yon prèt oubyen yon gwoup moun. Se pa sa PROFESAME ye, paske tout manb ki ladan se yon manb nan yon Legliz lokal ki nan Lyankou ak nan Senmak. Objetif nou se pa vin poze plis pwoblèm nan kreye Legliz, men nan ede kretyen ki nan Legliz rezoud pwoblèm yo. E youn nan pi gwo pwoblèm sa yo se evanjelizasyon ki sanse meprize oubyen ki mal fèt.

Se pa yon denominasyon

Yon denominasyon se yon gwoup nan yon relijyon ki diferansye nan yon non, men ki sanse divize nan kèk doktrin. Pa egzanp, Batis, Pannkotis, Dedye, Kò de Kris, Lapwofesi se denominasyon. Yo pa ni relijyon, ni sèk. Nan PROFESAME gen plizyè manb ki soti nan plizyè denominasyon. Nou pa sa !

Se pa yon sèk, yon nouvèl relijyon

Yon sèk (secte) ka gen plizyè definisyon selon jan yo konprann li, men nan etid sosyolojik relijyon an, li se yon gwoup moun ki separe de relijyon k’ap domine a. Se sa ki fè yo konsidere Temwen Jeova yo, Advantis yo, Mòmon ak lòt gwoup kòm sèk paske yo soti nan relijyon krisyanis la. Krisyanis la divize nan twa pati : Katolik, Òtodòks ak Pwotestan. Nou pa ni sèk, ni relijyon paske n’ap preche doktrin Kris la ki te fonde relijyon sa a.

Nou pa rezilta divizyon

Nan mwa Janvye 2013, alòske frè Jérôme Dorsonne Emerson t’ap etidye nan seminè Tewoloji, li te vin kwaze ak yon liv nan yon libreri Senmak, ki pale sou evanjelizasyon (Gagner des âmes) ke Charles Spurgeon te ekri nan lane 1897. Depi lè sa a, li te vin gen lide reyini kretyen nan asanble li pou fè fòmasyon sou evanjelizasyon. Se konsa, aprè yon seminè ki te fin òganize nan mwa Mas nan Legliz DeDye Lasentete (Marseilles), patisipan ki te la, te tou jwenn ankourajman pou aprann plis de evanjelizasyon pou sa yo te vin konprann. Premye pwomosyon an ki te batize Petra (la parole) ta pral kòmanse nan 6 Avril 2013. Nan 8 moun konsa ki te gradye 14 jiyè 2013 nan Legliz Betesda, gen 4 ki toujou nan PROFESAME. Aktyèlman, nou sou 5 pwomosyon (ke nou rele classe).

Nou di ase sou sa nou pa ye. Men kèk enfòmasyon sou sa nou ye.

Yon pwogram

Nan tout definisyon yon pwogram ka genyen, men sa ki atribye ak PROFESAME:  (ensemble des projets que l'on a et des actions que l'on se propose d'accomplir pour parvenir au résultat souhaité) Nou entèprete li konsa : PROFESAME se yon ansanm de pwojè ke nou genyen, ak aksyon nou mete a dispozisyon nou pou nou jwenn rezilta nou swete a.

Yon lekòl

Yon lekòl ka gen plizyè sans, men lekòl PROFESAME ye a se yon etablisman ki la pou anseye evanjelizasyon ak kretyen. Li pa (ko) yon lekòl biblik ki egzije anpil kritè, men li se yon lekòl biblik nan sans ke se Bib n’ap anseye. Li  pote non Ecole Biblique Le Gagneur d’âmes pou amonize non tijounal la. Jezi te di ak disip yo : « Vin jwenn mwen, m’a fè nou tounen pechè moun pito » (Matye 4.19). Yon disip se yon elèv, e Mèt la se Jezikri.

Nou fè plizyè lòt aktivite ki antre nan objektif nou.

Kisa sig PROFESAME vle di?

Sig la (ki vin yon akronim) vle di : Programme de Formation Evangélique pour le Salut des Ames. Kidonk, se yon pwogram ki la pou fòme kretyen sou evanjelizasyon ki gen kòm objektif : sove moun ki kwè yo nan non Jezi (Travay 4.12), gras ak ansèyman laverite (Jan 8.31-32).

Dat fondasyon nou

PROFESAME te fonde nan mwa Janvye 2013, nan Lyankou, premye seksyon kominal Vèrèt.

Rezon egzistans PROFESAME

Rezon an se paske evanjelizasyon se yon lòd ke anpil kretyen meprize.  Menmsi tout moun ap di yo konn evanjelize, yo pran fòmasyon sou sa, pa gen anpil ki pratike l tout bon vre. Kretyen pwotestan toujou ap di ke se Temwen Jeova yo ak Mòmon yo ki fè travay sa a pi byen, tandike yo menm tou yo resevwa fòmasyon sou sa. Pou estimile, motive, ankouraje yo, PROFESAME vin ak yon metòd (ki pa retire anyen nan levanjil la) pou fè kretyen ki gen volonte evanjelize.

Kwayans manb PROFESAME

PROFESAME pa yon relijyon, ni yon sèk, ni yon denominasyon. Li pa Dedye, Pannkotis, Kòde Kris, Batis, Katolik, Temwen, Advantis, Mòmon ak tout lòt gwoup ki rekonèt yo. Aktyèlman, 17 manb ki landan li soti nan 7 Legliz diferan ki nan 2 zòn : Lyankou ak Senmak. Youn nan kondisyon pou yon moun vin manb PROFESAME, fòk li se yon manb batize nan yon Legliz deja. Nou pa ankouraje pyès moun kite Legliz yo sou kèlkeswa rezon an. Kòm nou dwe òganize nou, nou pote yon non e nou bay tèt nou prensip pou’n fonksyon ak evite dezòd. Se detanzantan, n’ap retire mete nan lide pou’n viv byen jan Bondye vle’l la.  Nou kwè nan Bib la ki se otorite final Legliz la. Nou pa kwè nan divize pou renye, men nou kwè nan linite pou’n vanse pi devan. Nou pa fè fòmasyon pou kòb, ni nou pa kwè ke se sèl nou menm ki konn evanjelize pi byen. Nou pa Legliz ni nou pa sovè. Legliz la gen prensip li ki ekri deja nan Bib la, men nou mete disiplin ant nou menm pou’n ka jere objektif nou. Yon manb ki pa respekte yo p’ap janm ka avèk nou paske nou detèmine pou’n evanjelize tout tan nan lòd ak disiplin!

Deviz PROFESAME

Deviz nou soti nan misyon Legliz la nan lemond (Matye 28.19-20 ; mak 16.15-16, Lik 24.47 ; Jan 17.18 ; Travay 1.8) : evanjelize tout moun, tout kote, tout tan. Yon manb aktif PROFESAME p’ap janm di li pa gen tan pou’l evanjelize aprè fòmasyon li fin pran, paske rezon egzistans li sou latè se chache nanm pou Kris.

Moun nou fòme deja

Eksepte lòt aktivite ke PROFESAME fè nan Legliz, program li a fòme plis pase 35 moun pou evanjelize (5 pwomosyon) e li touche anviwon 8 Legliz nan Komin Vèrèt la. Kòm manb aktif, genyen sèlman 16 manb k’ap travay nan ministè evanjelizasyon an.

Finansman PROFESAME

PROFESAME nouri tèt li ak sa manb li yo bay ak dispoze pou travay. Fòmasyon nou yo gratis, patisipan yo pa peye pou okenn fòmasyon, sof si dokiman yo pa ta pou pwogram nan. Editions Jeunesse et Lecture se yon patnè ki la pou enprime ak edite tifeyè yo, tijounal ak tiliv pou pwogram nan. Li pa finanse pa lòt sous, ni li pa nan zafè politik. Ti jounal Le Gagneur d’âmes  ki pibliye mande ofrann volontè si moun lan genyen. Tout lòt tiliv [ke frè Jérôme te ekri] ki te konn vann yo (Ann al chache nanm pou Kris, #1, #2) p’ap pou vann ankò, y’ap distribye ak elèv nan lekòl la.

Divizyon pwogram nan

Lè PROFESAME te kòmanse fòme kretyen, li pa’t panse ke t’ap gen etidyan ki t’ap neglije fòmasyon yo t’ap pran an, pou jan yo te devwe ak pwomèt ke yo ta pral evanjelize. Men lè te kòmanse vin gen parès ak neglijans, pwogram nan te vin divize manb yo nan 2 pati. Manb pasif ak manb aktif.

Kisa ki manb pasif ak manb aktif la ?

Manb pasif yo se etidyan ki te fin fòme nan pwogram nan epi ki deside pa travay an kolaborasyon ak metòd pwogram nan egzije. Sa pa anpeche kennenpòt kretyen vin pran fòmasyon, epi aprè li ka deside vin pasif oubyen aktif. Yon manb pasif pa vle di ke se yon move manb, men se jis yon chwa li fè e pwogram nan respekte sa.
Manb aktif yo se etidyan ki fin pran fòmasyon epi ki rete ap evanjelize daprè pwogram nan. Yon manb aktif ka deside kennenpòt lè vin pasif, menm jan manb pasif la ka deside vin aktif. Yon manb aktif, kennenpòt kote li ye nan lemond antye. Pwogram nan egzije pou’l bay rapò evanjelizasyon chak premye mèkredi nan yon mwa. Konsa, si li nan peyi letranje, li ka itilize entènèt (e-mail) pou li fè sa. Si li pa dakò, li tou vin manb pasif, pwogram nan pa gen pwoblèm ak sa, se chwa manb la, men nou dispoze disiplin pou reyaji.

Kòman ou ka vin manb PROFESAME ?

Tout kretyen, kèlkeswa nivo konesans li ak eksperyans li nan Levanjil ki te resevwa batèm nan Legliz li ka vin manb PROFESAME si li respekte kondisyon sa yo :

1.                   Fòk li disponib, paske nou p’ap travay ak kretyen parese ni kretyen neglijan. Si moun nan pa gen tan, ke li rete pou jis li gen tan.

2.                   Fòk li se yon volontè. Nou pa gen kòb pou’n peye moun pou evanjelize. Sa pral depan de sikonstans la, si manb lan ap deplase nan yon lòt zòn, nou mete ansanm pou’n kouvri frè yo.

3.                   Fòk li swiv fòmasyon nou yo. Se pa fòmasyon nou yo k’ap fè moun lan konn evanjelize ni sove, men metòd nou itilize a ka diferan, kwake li pa defòme pyès verite.

4.                   Fòk li pa renmen fè diskisyon san sans. Konesans, se lè ou konn yon verite, tandike sajès se jan ou mete verite sa a an pratik. Konsa, moun ki fò pou nou, se moun ki gen sajès nan pratike sa li konnen. Nou fè plis pratik ke teori, paske pale anpil ak diskite p’ap mennen pyès kote ke nan sa nou ye deja a.

5.                   Fòk li gen tout materyèl yon kretyen dwe genyen : Bib, Chan Desperans, Kaye Nòt. PROFESAME pa reyini moun 2 bwa kwaze k’ap pale anlè. Nou fòme sòlda pou evanjelize nan Bib la!

6.                   Fòk li gen omwen yon moun l’ap evanjelize. Youn nan egzijans pwogram evanjelizasyon nou an, se chita pou montre moun w’ap evanjelize a kisa Levanjil ye. Di yon moun pou’l konvèti san’l pa konn pouki se lave men siye atè. Pou sa, manb PROFESAME nan dwe gen yon moun ke l’ap etidye Bib ak li pou jiskaske li konvenk, epi pou’l konvèti ak resevwa batèm nan legliz li, selon lye kote evanjelizasyon an fèt.

7.                   Fòk li renmen fè lekti Labib ak lòt liv. Konesans, se nan liv sa rete. Yon moun ki vle evanjelize dwe toujou ap li Labib ak lòt liv pou’l ka konnen kisa pou l di, reponn ak kesyon y’ap poze li ak gen konviksyon pou’l kwè nan sa l’ap di.

8.                   Fòk li bay rapò chak premye mèkredi nan yon mwa. Rapò yo gen anpil enpòtans pou nou wè kòman manb la ap travay. Nan jou mèkredi a, li gen pou l bay rapò soti 8h nan maten pou 9è nan aswè. Si li rete lwen, li ka voye l sou entènèt nan adrès PROFESAME (profesame@yahoo.fr) oubyen fè jwenn li pa yon lòt mwayen. Sinon, l’ap dwe yon Bib konplè, e l’ap bay rapò a. Bib sa a dwe bay avan lòt rapò a. Sinon, rapò mwa k’ap vini an p’ap valab.
9.                   Fòk li distribye ti feyè nou yo. Se pa sèlman yon moun pou manb la evanjelize, li ka distribye ti feyè yo ki gen mesaj pou moun ki pap gen tan pou tande, sila k’ap travay nan biwo, pasajè ak tout moun ke li kwaze yon kote.

10.               Fòk li patisipe nan asanble jeneral yo chak 2 mwa. Nan asanble jeneral yo ki fèt chak 2 mwa, se okazyon pou tout manb aktif yo rankontre pou pale sou divès aktivite ak jan pwogram nan ap mache. Yon manb ki p’ap la dwe avèti sa. Se sèlman nan okazyon sa a tou, yon manb pasif ka vin aktif devan tout manb yo.

11.               Fòk li toujou sou fòmasyon. Yon manb PROFESAME menm jan ak tout moun, li pa janm fin konnen. Se pou sa, nou toujou gen fòmasyon sou tout sa ki konsène Labib. Manb aktif la dwe toujou vin patisipe si li pa gen yon ijans.

Ki kote nou reyini?

Aktyèlman, PROFESAME poko gen yon lokal fiks, men li fasil pou konnen kote biwo li ye ak kote manb yo fonksyone.
1.                   Biwo Enfòmasyon ak distribisyon: biwo sa a la pou bay enfòmasyon ak distribye liv, ti feyè ak tijounal ki soti yo. Li nan Optima, sou Avni Lyankou, piwo klinik COMSAT la, pi ba Legliz Katolik la, anfas Tant Plus.

2.                   Fòmasyon : Nou fè fòmasyon nan 2 lokal Legliz : La Foi apostolique (Rue Dr Mellon) ak Sainteté Salut pour Tous (Marseilles). Depan de ijans la, nou fè fòmasyon nan lòt Legliz ki elwanye yo.

Lòt adrès nou

Gen 4 fason, ou ka kontakte PROFESAME :
1.                   Nan biwo ki nan Optima a
2.                   Nan nimewo telefòn sa yo: 3639-6642/3601-2723/3730-5030/4060-5830
3.                   Sou entènèt: profesame@yahoo.fr
Tape www.profesamehaiti.blogspot.com sou Google, w’ap ka li anpil atik ke nou pibliye ak lòt enfòmasyon ki konsène nou.
4.                   Paj sou Facebook : Profesame Evangelisation Haiti. Ou ka like paj sa lè’w sou facebook pou’w resevwa mesaj.

Kimoun nou ye ?


Nou se 17 manb k’ap travay ansanm chak jou nan lanmou Kris la pou’n chache nanm pou Li.  Si’w ta renmen rekonèt nou, vin patisipe nan 6e klas la k’ap kòmanse Samdi 31 Me 2014 la nan Legliz La Sainteté soti 8è pou rive 11è nan maten. Rele, ekri oubyen pase nan biwo nou pou rezève plas ou. 

Le Gagneur d'ames, #2, 18 Mai 2014

Kisa ki ka anpeche yon moun batize?


Yo arete Jezi, akize Li, maltrete Li, blese Li, jije Li tankou yon malfektè. Yo kloure Li sou yon kwa, Li mouri e sou 3 jou, jan Li te toujou anonse sa (Matye 26.2), Li leve vivan nan lanmò. Li pase plizyè jou ak 11 disip li yo. Sou 40è jou rezireksyon an, egzakteman sou ti mòn nan peyi Galile a(Matye 28.16), Jezi pwononse dènye pawòl Li ak disip yo : « Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la, ak Sentespri a. Montre yo pou yo obsève tou sa Mwen te bannou lòd fè. Sonje sa byen : mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba » (Matye 28.18-20)

Tradiktè Bib yo ak doktè yo bay dènye pawòl sa yo pote non Gran Komisyon an. Gen lòt menm, ki rele li Misyon Legliz la. Si n’ap analize byen, n’ap wè ke 5 pwen enpòtan nan misyon sa a se:

1)   Jezi gen tout pouvwa
2)   Disip yo resevwa nan pouvwa sa a ou yo al fè disip
3)   Yo gen pouvwa pou batize disip sa yo
4)   Yo gen manda tou pou anseye yo
5)   Jezi pwomèt yo ke L’ap avèk yo jiskalafen

Nan kad sijè nou, n’ap konsidere sèlman 2e ak 3e pwen an: “ fè disip, batize yo” . Yon disip, se yon elèv (laten :discipulus, grèk : mathêtês, ebre:talmid), yon moun ki chita k’ap pran leson nan men yon mèt. Nan sans sa a, premye disip yo te pwofesè nan premye syèk yo aprè Jezi. Yo pa’t aprann nan lekòl lèzòm, men yo te pase plis pase 3 zan nan pye Jezi, Gran Mèt la ! (Matye 4.19). Jezi pa’t di yo tou, pou y’al montre disip-batize yo sa yo panse, sa lekòl di ak sa lemond ap anseye. Li te di yo : « Montre yo pou yo obsève tou sa Mwen te bannou lòd fè. » Kidonk, tout sa yon disip oubyen yon anseyan jodi a ap preche, anseye dwe soti nan sa Jezi di, ki ekri nan Bib la (Jan 8.31 ;2 Timote 3.16-17, 2 Pyè 1.20-21). Se sou baz sa a nou pral reponn ak kesyon nou : « kisa ki ka anpeche yon moun batize ? »

I.    BIB LA PALE DE PLIZYÈ BATÈM

Jezikri te mete 2 seremoni nan Legliz la : batèm ak Sent Sèn. Anpil legliz ba yo non pote « sakreman ». Gen kèk nan legliz pwotestan yo ki kwè nan yon twazyèm : lavman pye. Nan koutim Jwif yo, batèm te senbolize « pirifikasyon » ak « konsekrasyon » (Nouveau Dictionnaire Biblique, Édition Emmaüs). Nan Bib la, yo pale de 6 batèm konsa (Le baptême, Jean Raymond Couleuru).

1.   Batèm Jan Batis.
Se te yon batèm ki te fèt nan dlo pou pèp Izrayèl la te ka tounen vin jwenn Bondye (repantans). (Matye 3.1-12; Lik 3.1-20; Jan 3.23; Travay 19.1-5). Batèm sa a p’ap fèt ankò paske Jan Batis mouri.

2.   Batèm Jezikri a
Avan Jezi te kòmanse ministè tèrès li, Li te resevwa batèm dlo. Se pa’t paske Li te fè peche, men pou Li te ka idantifye tèt li ak pèp Izrayèl la (Wiliam MacDonald). (Matye 3.13-17; 2 Korent 5.21; 1 Pyè 2.22; 1 Jan 3.5). Se sèlman Jezi ki te batize konsa, paske lòt jwif yo pa’t resevwa Sentespri a.

3.   Batèm soufrans Jezikri sou kwa a
Batèm sa a te fèt sou Mòn Gòlgota kote Jezi te kloure sou kwa a. Nan Lik 12.50 Li te di : “Mwen gen yon batèm pou m resevwa. Men, mwen twouve l pran anpil tan pou l rive”. Jezi te gen detèminasyon pou Li al soufri sou kwa a pou tout moun. Pa’t gen moun ki te fòse Li, men Li te fè sa ak tout volonte’l. Se yon egzanp pou tout nouvo kwayan ki dwe batize ak volonte yo, san yo pa fòse yo pran kwa yo.



4.   Batèm Sentespri a
Lè Jan Batis t’ap batize nan larivyè Jouden an, li te di: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo...Men moun k’ap vin apre mwen an...Se Li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife” (Matye 3.11).  Chak lè yon moun konvèti tout bon, li tou batize nan Sentespri e li sove pou tout tan (Efezyen 4.30).

5.   Batèm Jijman
Menm jan Jezi te di Li ta pral jwenn yon batèm sou kwa a ki ta pral senbolize soufrans li, se konsa tout moun ki pa kwè yo gen pou resevwa batèm jijman an, lè yo gen pou jete yo nan dife a ki rele “lanfè a” (Matye 3.12). Nan Mak 16.16 la, “kondane” a gen rapò ak moun ki pral resevwa batèm sa a. 

6.   Batèm kretyen yo
Batèm moun ki kwè yo se batèm dlo a. Li diferan de batèm Sentespri a paske gen anpil moun ki batize nan dlo ki kite Legliz e menm mouri san yo pa’t repanti. Batèm majisyen an nan Travay 8 la se yon egzanp pou montre ke batèm dlo pa sove, ni li pa fè yon moun jwenn Sentespri. Paske, si majisyen an te jwenn Sentespri a, li pa t’ap ofri apot yo kòb (Travay 8.13,19). 
Men kèk vèsè ki pale de batèm dlo a: Matye 28.19-20; Mak 16.15-16; Travay 2.38,41; 8.5,12,16; 8.13;20-22; 27,34-36, 38,39; 9.4,5,17-19; 10.37,42-44,47,48; 16.14,15; 16.30-34; 18.8; 18.18; 19.3-5; 22.16; Women 6.1-4; 1 Korent 1.13-17;16.15; Galat 3.26-27; Efezyen 4.1-6; Kolosyen 2.12; 1 Pyè 3.21-22.

II. BATÈM KRETYEN AN NAN LIV TRAVAY LA

Nan liv Travay Apot yo, doktè Lik rapòte anviwon 4 batèm dlo nan 4 sikonstans diferan.

1) Batèm 3mil disip yo (2.41);
2) Batèm etyopyen an (8.38);
3) Batèm payen yo[Kònèy] (10.47-48)
4) 2e Batèm disip Jan Batis yo (19.5).

Nan tout batèm sa yo, mo grèk ki itilize a se batizô ki vle di « plonje nan dlo, koule» (Dictionnaire Baily).

III.             KISA BATÈM DLO A VLE DI ?

Gen 3 prensip ki genyen nan Gran Komisyon an : fè disip, batize ak anseye. Fè disip la, ki se yon elèv, se evanjelize yon payen pou fè l vin angaje l pou Kris (Alfred Kuen). Sa di, yon swadizan kretyen ki pa vle batize poko disip, oubyen li poko angaje li ak Kris. Se sa 3 mil moun yo te fè lè yo te vin batize aprè mesaj Pyè a (Travay 2.14-40). Sa ki enpòtan, se pa tan ki pran pou batèm lan fèt, men se konviksyon disip la. Kifè, toutotan yon moun poko santi li ka angaje li nan Levanjil, li pa bezwen batize. Konsa tou, li mèt kwè ke li poko kretyen, ni li poko sove. Se pa batèm lan, k’ap fè l sove, men se angajman an (1 Pyè 3.21). Konsa, nou konprann ke batèm dlo a se yon prèv ke ou angaje ou ak Kris, aprè ke w fin tande ak konprann Levanjil. 

IV.                      ESKE BATÈM DLO A KA SOVE?

Nan Matye 28.19-20; evanjelis la mete aksan sou devwa, misyon disip yo. Sa vle di, yo gen otorite pou yo batize disip yo pral fè yo. Tandike Mak li menm mete aksan sou repons, reyaksyon moun k’ap kwè a. Se sa ki fè li di: “ Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men moun ki pa kwè va kondane” (Mak 16.16). Daprè kèk tewolojyen, batèm sa a se pa batèm dlo, se batèm Sentespri (Charles Ryrie, ABC de la Théologie Chrétienne). Poukisa ? Paske batèm dlo pa ka sove, e nan plas li ye a – aprè kwè, avan sove – li se kondisyon sove. Toutfwa, si se batèm dlo li ye tou, li pa vle di sove paske se sanse nan vèsè sa a ke batèm dlo ta parèt kòm kondisyon sove. Gen anviwon 150 vèsè nan Nouvo Kontra a ki montre ke sove se pa lafwa (Wiliam MacDonald). Konbyen ki montre ke se batèm dlo? Pwiske nou pa ka fonde yon doktrin sou yon sèl vèsè, nou dwe chache konnen egzakteman ki kondisyon ki ka sove. Pòl di sa nan Efezyen 2.8-9 : se lafwa ! E si n’ap konpare lafwa ak yon mo nan Mak 16.16, n’ap pran kwè. Ebyen, daprè tèks sa nou konprann ke yon moun ki sove oubyen ki kwè pa ka refize batèm dlo. Se siy ke li pa kwè, kidonk, li poko sove.

V.                KISA KI KA ANPECHE YON MOUN BATIZE ?

Nan Travay 8.26-40 la, Lik rapòte batèm gwo chèf Letyopi a.
§  V26: Sentespri a gide evanjelis Filip pou li al evanjelize chèf la.
§  V27: Filip obeyi, li ale.
§  V28: Chèf la, tankou anpil moun jounen jodi a, t’ap li men li pat ka konprann paske san Sentespri a, sa difisil. (1 Korent 2.14-15)
§  V29: Sentespri a pale ak Filip ankò.
§  V30: Filip itilize yon metòd atak pou li bay chèf la Levanjil la.
§  V31: Chèf la aksepte ke li pa konprann pasaj l’ap li a. Gen anpil pasaj nan Bib la ki difisil pou konprann (2 Pye 3.16). Malerezman, gen anseyan ki pwofite de difikilte sa a pou fè pase fo doktrin k’ap anpeche lafwa kretyen yo grandi.
§  V32-34: Chèf Letyopi a pa tap janm panse ke se te de Jezi ke Ezayi t’ap pale la a. Malgre doktè lalwa yo te konn li pasaj sa a, sa pat anpeche yo pat rekonèt Jezi. Pi entèlijan pase yo, chèf Letyopi a mande pou Filip fè’l konnen kiyès.
§  V35: Lik pa bay detay sou sa Filip te kontinye pale a, men nou sèten ke li te di l tout sa ki verite konsènan Jezikri. Vèsè sa a montre nou ke nou ka evanjelize apati de kennenpòt vèsè ki nan Bib la. Li sifi pou nou mete Jezikri ladan (Christocentrique). Se sa Filip te fè menm.
§  V36: San dout, Filip te pale de batèm dlo ak kijan sa ka fèt. Konsa tou, pwiske chèf la te nan fèt Pannkot la (Travay 2.14) li te tande diskou Pyè ak envitasyon li te fè ak tout moun ki te kwè. Te gen anviwon 3 mil moun ki te batize konsa. Li posib pou chèf Letyopi a mande batèm poutèt li te kwè nan mesaj Filip la.
§  V37: Atò, Filip ba li kondisyon pou yon moun batize ki se « kwè nan Jezikri ». Asireman, li di ke li kwè nan Kris la.
§  V38-39: Pwiske chèf la te kwè, anyen pat ka anpeche li resevwa batèm.

VI.             2 REZON KI KA ANPECHE BATÈM

Si nan Gran Komisyon an, Jezi bay 3 prensip : fè disip, batize ak anseye, nou kwè ke si yon moun ta disip ki pa ka refize batize. Nan sans sa a, nou pwopoze 4 rezon ki ka lakoz yon anpèchman.

1.   Rebelyon
Rebelyon se lè yon moun pa soumèt ak volonte oubyen deklarasyon yon otorite ki etabli. Jezi di disip yo : batize yo ! Disip yo jodi a, se pastè yo, dyak, evanjelis ak tout moun ki gen yon ministè nan Legliz Jezikri a e ki la pou batize. Si yo etabli pou batize lòt disip, fòk disip sa yo obeyi ak yo. E se pa avèk yo y’ap obeyi, men ak pouvwa yo te resevwa nan men Gran Pastè a ki se Jezikri. Si se pa rebelyon ki anpeche yon moun batize, kisa l ye ? N’ap wè sa pi devan nan pretèks yo.

2.   Pa gen batèm
Nòmalman, pa ta dwe gen yon peryòd pou batize, paske moun ap kwè chak jou. Se yon seremoni ki ta dwe gen youn oubyen plizyè moun pou sa, pou kennenpòt lè yon moun kwè, pou l resevwa batèm. Malerezman, se pa sa ki genyen. Antouka, se sèlman si pa ta gen batèm pou yon manb konvèti ta di li p’ap batize. Depi genyen, anyen pa ka anpeche yon moun konvèti batize, paske konvèti vle di « kwè ». Si’w pa vle batize, ou poko kwè.

3.      Plasay
Yon moun ki nan plasay se yon moun ki ap viv nan peche (1 Jan 3.6-9), kwake se pa sa sèlman ki peche. Men Pòl di Timote konsa ke gen peche ki fasil pou dekouvri, gen lòt ki difisil (1 Timote 5.24). Konsa, si Legliz la konnen gen yon moun k’ap viv nan yon peche ki fasil pou dekouvri, responsab yo dwe aji daprè sa yo konnen. Non sèlman Bib la dakò, men sitou, se pap yon modèl pou manb Legliz la wè ke yon moun k’ap viv nan peche ap fonksyone tankou tout moun,paske depi’w batize, ou ka fè anpil travay  nan Legliz la. Pou kesyon maryaj la, li pa enpòtan paske Jezi pa’t mansyone maryaj nan misyon an. Se te sèlman 3 bagay : fè disip, batize ak anseye. Eske maryaj la pa gen plas li? Wi, men fòk se moun ki nan plasay yo ki pou deside fè sa. Toutfwa yo pa deside, yo pa dwe fòse yo, konsa tou, yo p’ap ka fè anyen Legliz la paske yo pa ko konvèti.

4.      Lanmò
Yon moun ki repanti jis avan li mouri, depandaman de kote li ye a, nan sikonstans li pral mouri a, li gen dwa pa ka resevwa batèm. Se pa wòl nou pou nou di li p’ap sove paske se Bondye ki sove. Si nou disponib pou n priye ak li, ke nou priye, men pinga nou kwè tou ke se priyè a k’ap sove l. Si se ta sa, lafwa pa gen plas li, paske sove se pa lafwa, e lafwa depann de moun ki bezwen sove a, pa de moun k’ap evanjelize li a, ni sila k’ap priye pou li a.

Gen lòt ka ankò ki ka anpeche yon moun batize, men se pa yon pretèks.

VII.          PRETEKS POU REFIZE BATÈM       

Yon pretèks ak yon ka ki vrèman anpeche batèm pa menm. Yon moun ki sou 2 pye li, k’ap chante, ki vin legliz chak dimanch, ki konn priye, jene e menm – pa inyorans – ale nan misyon, pa ka di li pa ka batize. Sa a se yon pretèks. Pretèks se yon fo-rezon yon moun bay pou l pa fè yon bagay. Gen yon sèl kondisyon pou yon moun batize: kwèTout sa w mete devan pou pa batize rele pretèks ! Men kèk ladan yo :

1. M poko prè : Poko prè pa lòt rezon ke’w poko kwè. Jezi pa’t di batize moun ki prè aprè yo fin kwè, men Li te batize moun ki se disip.

2. M pa gen laj pou sa : Nan ki vèsè Bib la bay laj pou batize ? Pyès ! Ki rapò laj ak sove ? Okenn ! Lanmò ki se dènye etap nan lavi pa menm tann yon timoun fin grandi, dèfwa li poko menm pale, li mouri. Si te gen laj pou mouri, ta genyen pou batize tou. Nan jijman an, tout moun ap pase devan Gran Jij la : granmoun ak timoun (Revelasyon 20.12). Pou kesyon a ki laj yon moun ka batize, Bib la pa bay repons, men li di klè: moun ki kwè yo. Pwiske li pa bay laj pou batize, yon moun pa ka pran pretèks sou laj tou pou li pa batize.

3. Manman’m/papa’m pa vle : Jezi pa’t di batize disip yo si paran yo oubyen responsab yo vle. Li te di : moun ki kwè yo. Vrèman, gen paran ki pa vle pitit yo batize, men sa pa ka chanje sa Bondye ap fè, e entèdiksyon paran an pa ka anpeche timoun lan sove. Nan jou jijman an, pa’p gen ni papa ni manman, tout moun pral reponn grenn pa grenn.
Rezon pretèks yo
Nou imajine ke nan Legliz Primitiv pa t’ap gen pyès kwayan ki t’ap di li poko prè pou’l batize paske lè yon moun te batize nan epòk sa a, li te angaje li ak Kris, li te di lemond babay e li te prè pou’l te afwonte menm lamò. Nou ka konprann jounen jodi a kisa ki fè anpil moun pa vle batize. 1) Levanjil verite a pa preche prèske  2) Chak moun sanse ap regle zafè yo  3) Pa gen lanmou fratènèl ankò  4) Akoz twòp koripsyon, anpil moun pa gen krentif pou Bondye 5) Pa prèske gen modèl ankò pou jèn k’ap leve yo  6) Se plis pwogram k’ap fèt, men se pa zafè Bondye k’ap regle.
Nou souvan di ke Bondye pa chanje, e Bib la dakò ak sa (Malachi 3.6). Jezi tou pa chanje (Ebre 13.8), men kisa ki fè bagay yo prale kòmsi Bondye ak Jezi te chanje ? Eske se paske pwofesi yo ap akonpli ? Si y’ap akonpli, kisa’n dwe fè ? Si Bondye ak Jezi toujou menm nan, kisa k fè nou pa gen menm lanmou dantan an, menm pwisans la ak menm chalè a nan evanjelizasyon an? Sa se tou pa’w pou reponn, zanmi mwen nan Leseyè.
KONKLIZYON
Li p’ap fasil pou tout moun dakò ke anyen pa ka anpeche yon moun batize, paske menm moun ki dakò jodi a ka di demen li pa dakò ankò. Poukisa ? Paske Bib la manke etidye. Sepoutèt sa PROFESAME mande ak tout kretyen, konvèti oubyen batize, pou yo fè menm jan ak kretyen Bere yo (Travay 17.11). Se pa fè diskisyon san sans k’ap simen divizyon, men diskisyon ki ka ede moun yo konprann verite ki nan Bib la. Si Bondye pa kache nou anyen sou lòm depi nan kreyasyon jouk nan destriksyon li nan lanfè, pouki nou ta kache lòm sa li dwe konnen ? Bib la pa la pou n fè diskisyon nan lide pou n moutre nou pi fò. Si se te sa, Pyè, yon pechè pwason pa ta inogire Legliz la, e se sèlman etidyan Labib ki t’ap sove. Si’w ta renmen konnen plis sou anpil bagay nou pa di de batèm dlo, kontakte nou pou’w ka etidye avèk nou. Fòmasyon nou yo gratis ! Ou p’ap peye pou anyen.●