mercredi 6 août 2014

Le Gagneur #6, 15 Juillet 2014

Chak KRETYEN se yon SEN

Sa anpil moun kwè

Le Gagneur, #6, 15 Juillet 2014

Tout moun ka kwè sa yo vle, men sa pa ka kache yon verite ni fè li pa egziste. Souvan, kesyon poze pou mande kisa ki se verite ? Eske se sa tout moun ap di ? Eske se sa nèg save yo di, sa ki ekri nan liv, sa ki di sou chè Legliz, sa yo anseye lekòl ? Antouka, verite toujou rete verite menmsi tout moun pa vle aksepte li.

Plizyè tandans
Jeneralman, yon sen se yon kretyen ki te fè bon zèv pandan egzistans li, li te viv nan fidelite. Aprè lanmò li, li monte nan syèl al viv kote Bondye nan syèl la. Tandans sa a jwenn sous li nan pawòl ke Jezi te di ak youn nan 2 kriminèl yo : «  Sa m’ap di ou la, se vre wi : Jodi a ou pral avè’m nan paradi ». (Lik 23.43). Kidonk, sen yo nan syèl la ap kontanple Bondye ak entèsede pou moun ki vivan sou latè yo (wikipédia). Legliz la li menm la pou onore li. Plizyè gwoup relijye entèprete sen an nan yon fason diferan. Men kèk ladan yo.

Legliz Katolik
Pou yon kretyen vin sen pou Legliz Katolik, li dwe kanonize (Encarta 2009). Yo fè diferans ant “yon sen” ak “ yon byenere”. Yo onore yon sen nan tout Legliz Katolik nan lemond, tandike yo onore byenere yo nan kèk Legliz. Sen katolik yo se Pap la ki fè seremoni pou yo aprè lanmò yo. Gen moun ki vin sen 500 lane aprè lanmò. Chak sen gen yon jou pou fete yo[1]. Pou Katolik yo, sen yo fòme yon Legliz k’ap triyonfe (l’Eglise triomphante), e yo la pou entèsede bò kote Bondye pou kretyen ki sou latè yo ki se Legliz k’ap milite a (l’Eglise militante) ak mò yo ki nan “Purgatoire” a (kote nanm yo jwenn padon avan yo ale nan paradi). Yo rele “purgatoire” la Legliz k’ap soufri a (L’Eglise souffrante). Tout sen ke yo pa rekonèt sou latè yo, yo fete yo nan fèt “La Toussaint” chak Premye Novanm ki diferan de 2 Novanm ki se Fèt Mò yo.

Legliz Òtodòks
Nan Legliz Òtodòks yo, sen yo se kretyen ki te patisipe nan lavi Kris la. Yo dwe “christophore”, sa vle di, yo dwe mache nan imilite ak obeyisans  pou reprezante imaj Kris la nan fidelite sou latè. Sen sa yo se estati ke yo onore nan plas moun antanke entèsesè. Pou Òtodòks yo, don yo se pou sen sa yo (Efezyen 4.12). Yo pa bezwen kanonize ni yo pa fè diferans ak  “byenere yo” ki vle di “sen” ankò. Òtodòks yo fete sen yo premye dimanch aprè Fèt Pannkot la.

Legliz Pwotestan
Legliz Pwotestan pa aksepte sèvis pou sen yo, ni pou estati yo. Rezon an se paske Bib la deklare ke tout moun ki aksepte ke san Jezi te koule sou kwa a se sen. San sa a sifi pou efase tout peche (Ebre 10.29 ; Women 3.10-18). Pou Refòm nan, sen yo se pèsonaj ki nan Nouvo Kontra a, men sa pa vle di ke yo dwe fè yon sèvis pou yo paske se sèl Bondye ki merite adorasyon. (Soli Dei Gloria= A Dieu seul soit la gloire). Se pou rezon sa a ki fè yo pa fete Sen Valanten. Selon tradisyon, gen plizyè peyi Pwotestan ki konsève kòm Sen Patron, kretyen ki te jwe pi gran wòl nan evanjelizasyon nan peyi sa a, pa egzanp Sent Brigitte nan peyi Suède, sen Olav nan peyi Norvège.

Legliz Mòmon yo
Daprè Mòmon yo, yon sen, sitou nan Legliz Primitiv, se yon kretyen ki te akspete viv Levanjil la jan Jezikri te fè konnen li. Li te resevwa batèm pou vin manb nan Legliz ke Jezi te tabli a. Se pou rezon sa a ki fè manb Legliz sa yo rele « Les saints ». Men pou diferansye yo de premye gwoup Mòmon yo, yo ajoute « des derniers jours » ki vin bay : « Les sains des derniers jours ». Yo pa fè pyès sèvis pou sen yo rekonèt yo, ni yo pa adore estati ak pwofèt yo. Pou yo, yon se pa vle di yon moun ki pa janm fè peche.

Jidayis yo ( nan Ansyen Kontra a)
Nan Ansyen Kontra a, yo itilize yon mo nan lang Ebre a ki se “godesh”. Li vle di “yon moun ki separe, ki san tach, san fot”. Mo Grèk “hagios” vin ranplase li nan Nouvo Kontra a. Gran Prèt ki t’ap travay nan Tanp Jerizalèm nan te pote yon plak lò ki te make: “ Se Bondye sèl ki Sen”. Pwiske Bondye Sen, sèl Li menm ki ka rann yon moun oubyen yon kote sen. Se egzakteman sa apot Pòl di nan 1 Tesalonisyen 5.23.

Bib la : sous verite a
Nan Sòm 119.105, salmis la di: “ Pawòl ou se yon chandèl ki fè’m wè kote m’ap mete pye’m, se yon limyè k’ap klere chemen mwen”. Antanke limyè, Bib la p’ap kite nou nan fè nwa, se sa ki fè Pòl pral di pita: “Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fot, pou moutre yo kijan pou yo viv byen devan Bondye” (2 Timote 3.16).

Si yon sen gen rapò ak Bondye oubyen ak Labib, se Labib ki pou di kisa yon sen ye, paske li se sous laverite konsènan lakreyasyon (Jenèz 1.1). Mo « saint » an soti nan lang Grèk « hagios » ki vle vi “ yon moun ki konsakre pou Bondye, ki mache dwat » (1 Timote 3.16, 2 Timote 3.5 ; Tit 2.12 ; 2 Pyè 1.3). Li toujou itilize pou plizyè moun (Travay 9.13 ; 32.2 ; 26.10). Nan Bib kreyòl la, mo « saint » an tradwi pa «  disip, moun pa Jezi yo, patizan Kris yo». Kidonk, tout kretyen se sen paske tout kretyen se disip Jezikri. Se pa yon tit ki rezève pou yon moun ki « kanonize », yon Ewo, yon moun ki te fè bon zèv pandan li te vivan. Nan Efezyen 4.12 (français), mo « saints » an defini tout kretyen ki nan Legliz la, ki se « corps de Christ » la. Don Sentespri a bay la se pou tout kretyen, tout sen yo (1 Korent 12.7, 1 Pyè 4.10). Toujou nan menm liv la (Efezyen 5.3), mo « saints » an tradwi pa « pèp Bondye a ». Si kretyen yo se pèp Bondye a, yo tout se sen tou. Nan Women 16.2, mo “saints” an tradwi pa : “ moun k’ap viv apa pou Bondye”. Nou jwenn yon non ki fòme ak sen ki se “ sanktifikasyon”. Pòl di de sa nan 1 Tesalonisyen 4.3: « Men sa Bondye vle pou nou : Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite ». Sanktifye ak sanktifikasyon se 2 mo ki soti nan menm rasin ak mo « hagios» la. Finalman, lè nou di “sen yo” nou vle pale de Legliz la nan sans espirityèl, kò Kris la, kretyen yo.

Eske sen vle di “pa ka peche”
Bib la pa’t ekri nan lang Kreyòl, ni Fransè, ni Anglè, pa menm Espanyòl. Li te ekri nan 3 lang: Grèk, Arameyen ak Ebre. Konsa, nan chak lang ke Bib la tradwi, gen posiblite pou gen yon mo oubyen yon fraz ki mal entèprete. Tradwi vle di ”pran yon pawòl ki te di nan yon lang pou fè di’l nan yon lòt lang”. Nan yon tradiksyon, yo ka konsidere mo a sèlman (Love=renmen), tandike yo ka konsidere sans la tou (Love=apresye). Daprè vèsyon Louis Segond 1910 la, yon fanm pa dwe «  anseye, ni pran otorite sou yon gason… » tandike daprè vèsyon 21 an ak Semeur 2000 la, yo fanm pa dwe « anseye pandan l’ap pran otorite sou gason an ». Chak vèsyon sa yo ka bay nesans ak anpil konfizyon. Gen Legliz ki pa dakò pou fanm anseye, gen lòt ki dakò. Si Bib la pa gen kontradiksyon, youn nan tandans sa yo se yon verite. Men se pa sijè nou sa. N’ap fè menm konparezon an pou mo « saint » nan lang Fransè a ak Kreyòl la. Nan Bib Fransè a, hagios tradwi pa «saint» tandike nan kreyòl la ki ta tradwi daprè vèsyon fransè a, mo «saint» an tradwi pa «bon nèt». Pou yon moun ki konprann ak li kreyòl la, l’ap kwè ke «bon nèt la» se «pa janm fè peche» alòske se pa sa. Menm lè yon moun fin sove, li ka fè peche (Matye 6.12-15 ; 1 Jan 1.8-9 ; 2.1), men li pa ka demere nan peche a (1 Jan 3.6-9). Nou abitye tande moun ap di: « Li tankou yon ti sen ; Mwen m pa sen non ! ». Pawòl sa yo ta vle di ke yon sen se yon moun ki pa fè peche. Bib la pa di sa : Li 1 Jan 1.8-9).

Efò pou vin sen
Nou dakò ke tout kretyen se sen, e yon sen se pa yon moun ki pa janm fè peche ankò. Nan ka sa a, akoz de peche nou yo, pèsonn pa ka fè efò pou’l vin sen (Efezyen 4.3; Women 4.1; 9.16).  Se pa efò nou fè ki fè nou vin sen, men se Bondye ki sanktifye nou (1 Tesalonisyen 5.23). Nou sen paske nou fè yon sèl ak Kris (2 Korent 5.17) men sa pa soti nan efò nou. Si se ta sa, nou t’ap ka fè efò pou’n sove tou paske se moun ki sove yo ki sanktifye (Efezyen 2.8-9). Pòl fè konnen ke se Sentespri a ki ka ede nou sèvi Bondye (Filipyen 3.3). Sentete nou fè nou gen dezi pou’n obeyi ak pawòl Bondye a, men se pa efò nou (Filipyen 2.12). Rezon an se « paske se Bondye menm k’ap travay tout tan nan kè nou. Se Li ki ba nou anvi fè sa ki pou fè’L plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè’l vre » (Filipyen 2.13). Daprè 2 Timote 1.7, Sentespri a bay : fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou. Se Sentespri a ki bannou : renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, bon mannyè, dousè….(Galat 5.22). Kote efò lòm fè pou tout sa ? Pòl di nan Filipyen 1.6 : «  Mwen sèten Bondye ki te kòmanse bon travay sa a nan nou, Li gen pou’L kontinye l jouk Li va fini’l nèt, lè jou Jezikri a va rive ». Twò souvan, nan konte sou fòs nou, nou dewoute ak fè kòve. Bondye bannou tout bagay deja, nou bezwen chache dekouvri yo pou’n ka grandi espirityèlman.  Nou bezwen fè efò pou nou youn renmen lòt nan aksyon ak nan pawòl, evanjelize, padone ak sipòte, men nou pa ka fè anyen pou’n amelorye eta nou devan Bondye, paske sa se travay Sentespri a ki la pou sanktifye nou. Sanktifye vle di «  viv apa pou Bondye ». Kretyen yo sanktifye gras ak pozisyon yo nan Kris, men kondisyon lavi yo, yo dwe chache viv apa pou Bondye chak jou. Lè ou sove, ou delivre anba pouvwa peche ki te ka kondane ou, men ou poko sove nan prezans peche. Se sa ki fè Jezi toujou la avèk nou e bò kote Bondye pou defann kòz nou (1 Jan 2.1 ; 5.18, 1 Korent 10.13, Lik 19.10). Kretyen nan lavil Korent yo pa pa tap mennen yon lavi san defo (1 Korent 5.1-2) poutan Pòl di ke yo te sen (1 Korent 1.2; 3.17; 6.1; 7.14; 14.33; 16.1; ). Se nan pozisyon yo nan Kris la.

Yon sèl medyatè
Okenn sen pa ka fè anyen devan Bondye pou yon lòt kretyen, ki li menm se yon sen tou, e anplis ki vivan. Nan Jan 14.14, Jezi di: “ Nenpòt kisa n’a mande nan non M, M’a fè’l pou nou ». Nan vèsè 6 la (b), Li te di : «  Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan Mwen”. Pa gen lòt moun ankò. Pòl mande pou kretyen Tesalonik yo priye pou li ( 1 Tesalonisyen 5.17,25, 2 Tesalonisyen 3.1). Nan Efezyen 6.18, Pòl mande kretyen yo pou yo priye pou “ tout pèp Bondye a”. Nan Bib fransè a, nou li: «et priez pour tous les saints». Pami tout moun ki te mouri depi lemond te kreye, se yon sèl ki toujou vivan e ki la pou pote priyè nou yo devan Bondye. Non Li se JEZI DE NAZARET. Pyè te di de Li : «  Se Li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou » (Travay 4.12). Pa gen pèsonn tankou Jezi !

Sen moun adore yo
Chak peyi, komin oubyen katye gen yon Sen Patron. Nan moman Fèt Patronal la, gen anpil moun ki souvan al priye sen sa a nan chache delivrans, jistis ak pwoteksyon. Tandike se sèl Jezi ki ka fè sa. Li di : « Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou » (Matye 11.28).  Si tout moun se pechè, okenn moun pa ka sove yon lòt moun nan peche. Kontrèman, Jezi te vin mouri pou fè sa (Lik 19.10). Annou fè yon diferans ant sen yo daprè sa anpil moun di ak sa Bib la di.

Sa anpil moun ap di : Sen yo nan syèl la bò kote Bondye pou fè mirak pou lòm.
Sa Bib la di : Sen yo, ki se kretyen yo, sou latè (Travay 9.32).

Sa anpil moun ap di : Pou yon moun vin sen, fòk li kanonize.
Sa Bib la di : Tout moun ki kwè nan Jezikri se yon sen. (1 Pyè 1.14-16 ; Efezyen 4.12).

Sa anpil moun ap di: Nou fè sèvis pou sen yo (lonè, priyè, adorasyon).
Sa Bib la di: « Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri : Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se Li menm sèl pou ou sèvi ». (Matye 4.10)

Konklizyon
Yon apèl pou tout kretyen…
Si daprè Bib la, tout kretyen se sen, diferans la pa dwe rete nan kwayans sèlman ni nan defann yon gwoup, swa dizan Katolik, Òtodòks, Pwotestan, Mòmon, epi lòt yo. Kit li se kretyen katolik, pwotestan oubyen yon lòt gwoup relijye, sa ki enpòtan se viv tankou yon sen. Di yon lòt moun pa nan laverite pa fè’w pi bon si ou menm ou p’ap viv verite ou konnen an. Angwo, moun k’ap denonse a ak moun k’ap fè vye zak la se menm. Pwiske Bib la mete nou dakò ke sen yo se pa moun ke yon otorite konsakre, nou dwe dakò tou ke tout kretyen ki kwè ke yo se sen dwe viv apa pou Bondye. Nou souvan di ke kriminèl, vòlè, fanm movèz vi yo pral nan lanfè. Se vre paske Bib la verifye sa (1 Korent 6.9-10). Konsa tou, fòn pa bliye ke ipokrit yo pap epanye (Matye 7.21). Asireman, Bondye pa pran plezi nan moun k’ap denonse peche, kritike, fè wè, pran pòz pi fò, men Li pran plezi nan moun k’ap fè sa ki byen. Pandan Jezi t’ap preche, yon fanm te di Li konsa : « Fanm ki pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni. » Yon bèl verite, men Jezi pa’t manke fè deklarasyon sa a : « Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni » (Lik 11.27-28). Si ou dekouvri ke chak kretyen se yon sen, ou gen prèv ke lavi ou dwe kòrèk devan Bondye. Avan ou gade sou sa yon lòt ap fè ki mal devan Bondye, gade ou menm sou tèt pa’w pou’w wè si’w pa pi mal. Konsa, si ou pi mal, w’a chache gras nan Bondye ki bay gratis. Si ou pi bon, w’a priye pou li paske menm sa Li fè pou ou, Li ka fè’l pou yon lòt. Se sèlman moun Bondye sove nan peche ki konnen kòman yon pechè ka sove tou. Levanjil pa nan konkirans, ni nan pi fò, pi konnen, pi konn adore, ni pi bèl Tanp ak gwo pastè konesè. Se lavi Kris la nan chak SEN. Pawòl Bondye a pa nan patipri, e Bondye pa gade pyès moun sou figi (Travay 10.34). Koze pou tout moun. Pa di’w pa’t konnen■





[1] Daprè Wikipedia, genyen anviwon 999 sen katolik tandike Encarta a bay 20mil sen (Acta Sanctorum=Actes des Saints) Nan “Martyrologium romanum” lan, resanse anviwon 2700 sen.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire