(1) Anpil moun kwè ke apre lanmò, tout bagay fini, kifè pa gen pyès jijman pou voye moun nan lanfè paske Bondye pa mechan (1 Jan 4.8). (2) Gen lòt moun ki kwè tou ke gen yon jijman apre lanmò (Ebre 9.27), men sa pa anpeche tou genyen ladan yo ki ap viv nan rebelyon ak Bondye. (3) Gen yon lòt kategori menm ki di y’ap konvèti men fòk yo fin jwi nan lemond. (4) Konsa tou, genyen ki di si y ap sove, yo pa ka peri, Bondye ap fè sa avan yo mouri. (5) Nou p ap bliye, anpil moun ki di yo pa bezwen sove paske yo p ap trayi sa y ap sèvi a. (6) Men sa ki pi dwòl la, se moun ki panse y ap sove, epi ki pral pran malonèt devan pòt syèl la.(Matye 7.21-27). Nan 6 kategori moun sa yo, kiyès ou ye? E kennenpòt sa w ta ye a, nou gen yon mesaj pou ou.
Depi nan jaden Edenn, apre gran
paran nou yo te fin peche, men sa Bondye ki gen tout pouvwa a te di yo:
« Se pousyè ou ye, ou gen pou w
tounen nan pousyè ankò » (Jenèz 3.19). Pa bliye ke lòm pa gen kò
sèlman, men li gen lespri ak nanm (1 Tesalonisyen 5.23). Kidonk, moun ki di
apre lanmò tout bagay fini an li gen rezon paske kò sa a se pousyè, l’ap tounen
nan pousyè e se nan tonbo a li fini. Men kisa k ap pase pou nanm nan ?
Tande sa Jezi di : « Nou pa
bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye
pou nou pè pito, paske Li menm Li kapab detwi nanm nan ansanm ak tout kò nou
nan lanfè » (Matye 10.28). Pou lòt 5 kategori moun yo, men ki kesyon
Jezi poze yo : « Kisa sa ta
sèvi yon nonm pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li ? Kisa yon
moun kapab bay pou l gen lavi ? (Matye 16.26).
Se pa paske nou rayi yon moun
ki fè nou mennen l lopital lè li malad, nou metel nan mòg lè li mouri ak antere
li nan simityè, se paske se yon obligasyon. Kidonk, malgre jan nou ta renmen
yon moun : madanm, pitit, frè, sè,
...depi li mouri, se nan simityè n ap antere l. Menm jan an tou, malgre jan
Bondye ta renmen nou (Jan 3.16), si nou mouri san n pa aksepte Kris, se nan
lanfè L’ap mete nou (Apokalips/Revelasyon 20.12-15).
Zanmi mwen, di Bondye mèsi ,si
l pèmèt ou jwenn mesaj sa a paske gen anpil moun ki ta renmen konnen l, men yo
pa ka jwenn li. Pa koute lògèy ou, men koute yon vwa k’ap di nan ou menm :
« Repanti avan lanmò vini, paske
aprè ou p ap gen chans ». Nonm rich la te rate chans sa a, men li te
di Abraram konsa : « Mwen gen 5
frè, mwen ta vle l’al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa
a » (Lik 16.28). Kiyès ki ta nan yon danje, epi ki t ap di zanmi l
vini tou, se sèlman yon mechan. Nonm rich la t ap pran plezi li sou latè, men l
pa t okipe Bondye. Nan lanfè, li te jwenn rekonpans li, e Laza ki te pòv te
jwenn rekonpans li tou nan sen Abraram. Msye te bezwen pou Abraram voye youn
nan mò yo al di frè l yo sa paske yo p ap koute Moyiz ak pwofèt yo, men Abraram
di li: “ Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt
yo, yo p ap kite pèsonn lòt fè yo kwè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve
vivan ankò, yo p’ap koute li.” (v30).
Se sa k’ap pase jounen jodi a.
Anpil moun ap di ke lanfè pa egziste paske pa janm gen yon moun ki mouri ki vin
di kòman sa ye. Enben, Jezi te vle fè nou konnen ke menmsi yon mò ta leve nan
simityè vin preche levanjil, gen moun ki p ap kwè pi rèd. Yo ta pito bay
pretèks sou pretèks: se pa vre, moun nan
pat mouri, pa okipe l, se manti l’ap bay.
Eske w prè pou al
peri ? Ou dakò pase tout
vi w ap soufri sou latè epi pou w al soufri nan lanfè? Kisa
a w deside ? E w dwe deside koulye a menm, paske apre lanmò, ou pa gen
chans pou w repanti menm jan ak move rich la. E lanmò vini sanzatann.
Si
w ta vle konprann plis kòman pou w evite lanfè sa a, ou ka fè 2 bagay:
(1)
Kote w ye a, di ak tout kè w “Bondye,
mwen rekonèt mwen se pechè e Jezi te vin mouri nan plas mwen. Mwen
regrèt tout sa m te fè ki mal, e mwen mande w pou w vin rete nan lavi m koulye
a’’. Nou garanti w ke si
w fè sa ak tout kè w, Bondye gentan padone w.
(2) Nou konseye w vin swiv ansèyman
nou yo pou w ka sèten de padon sa a ak konnen kòman pou w kontinye sèvi Bondye
jan sa ekri nan Bib la.
Ou se yon moun espesyal ! Nanm ou enpòtan pou Bondye !
Jerome Dorsonne Emerson
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire