Depi
lè Adan ak Èv te fin peche, lanmò antre nan limanite. Tout moun ki fèt gen yon sèl destine: lanfè. Rezon an se paske se peche nou yo
( Women 3.23 ;6.23). Pou kèk nan nou, peche se sa konsyans nou repwoche
nou, sa fè nou viv daprè jan nou vle, jan nou leve e daprè sa moun ap di. N’ap
viv nan yon syèl kote lòm kreye pwòp lwa li e meprize kòmandman Bondye yo. Yo
kwè nan egzistans Bib la, men pa nan aplikasyon sa Bib la di. Konsa, men sa Jezi
te di Farizyen yo : « Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou
nou swiv koutim moun etabli »(Mak 7.8-9). Fè yon ti reflechi pou w wè
si egzakteman se pa koutim lòm anpil kretyen ap swiv olye yo fè sa Bondye di
nan Bib la. Lè Jezikri te fè pwomès pou legliz la (Matye 16.18), Li pa t fè
lide gwo kay pou kokenn chenn moun vin montre kapasite entèlektyèl yo, lògèy yo
ak foli yo genyen, men Li te panse ak reyinyon anpil moun k’ap sèvi Papa Li sou
latè. Sa tèlman reyèl ke lè L’ap tounen, Li p ap vin pran kretyen nan legliz,
men se kretyen ki te mouri nan kwayans Li (1 Tesalonisyen 4.16-17). Lè jijman
an va fini tou, se pa kay yo ki pral kraze menm jan ak 12 janvye 2010, men se
tout moun ki pat kwè yo ki pral boule nan lanfè (Apokalips 20.14-15). Si
w wè ke tout bagay sa yo se laverite, kisa w dwe fè ? Eske w dwe kontinye
ap viv nan inyorans? Asireman non, e Bondye pa swete sa (2 Pyè 3.9). Men sa w
dwe konnen!
Nou tout se pechè. Kit nou pat janm vòlè, tiye, blese oubyen yon vye bagay
depi lè nou te fèt, nou rete pechè. Nou te mèt bay tout byen nou genyen, tout
bon jan nou te ka genyen, nou se pechè. Nou te mèt peye pou bati legliz nan
lemond antye ak ede moun ki nan pwoblèm, nou pa plis ke pechè. Nou te mèt fèt
nan yon fanmi kretyèn, papa nou se pastè, tout jounen n’al legliz, nou preche,
nou jene, nou priye, n’al nan misyon elatriye, nou pap janm yon lòt moun ke
pechè. Poukisa ? Paske nou fèt pechè, e Bondye vle nou rekonèt ke se sa
nou ye menm (1 Jan 1.8-9). Se sa ki fè, yon moun ki panse li ka sove paske l’ap
fè zèv, li nan erè. Rezon an senp ! Jezi t’ap pale ak Nikodèm ki se yon
chèf jwif yo, Li te di li : « Pèsonn
pa kapab wè Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa» (Jan
3.3). Pandanke anpil predikatè ap anonse Bòn Nouvèl la (Jan 3.16), yo pa pran
san yo pou eksplike ki sa sa vle di fèt
yon dezyèm fwa a e gen dèmilyon moun ki di y ap sèvi Bondye, y ap sove, yo
se kretyen men ki poko fèt yon dezyèm fwa. E si yon moun pa fèt yon dezyèm fwa,
li pap ka sove. Lè w fèt yon dezyèm fwa, se lè Sentespri Bondye a vin abite nan
lavi nou, li fè nou tounen pitit Bondye(Women 8.14-16), e koulye a peche nou yo
pap ka mennen nou nan lanfè ankò paske lè Bondye fin sove nou pa gen ni moun,
ni okenn bagay ak fòs sou latè ki ka kondane nou (Women 8.1, 33-39). Si w mouri
jodi a san w pa fèt yon dezyèm fwa, ou pral boule nan lanfè, se Bib la ki di
sa, men mwen avètiw jodi a pou w evite lanfè, paske Bondye pat kreye nou pou n
sèvi satan. Se dezobeyisans nou ki fè n’ap viv lwen Bondye e se chak jou L’ap
rele nou pou n tounen vin jwenn Li (Travay 2.38), tout sa se koz lanmou Li gen
pou nou.
Sa ka rive w legliz lontan, ou renmen li Labib e w priye ak jene souvan,
men si w poko fèt yon dezyèm fwa, w ap peri lè w fin mouri. Eske w pa ta renmen
konnen si w fet yon dezyèm fwa ? Sa pa entèrese w ? Mwen gen 2 konsèy
pou ou ki vo plis pase lò ak dyaman.
1. Konsilte yon
anseyan nan levanjil oubyen yon kretyen ki gen konesans nan Bib la eksplike w
gwo mirak sa a ki prèske pa preche ankò. Chache konprann e poze kesyon pou
jiskaske w dakò.
2. Si w pa jwenn
oubyen w ta renmen konnen plis toujou, ou ka rekòmande yon etid espesyal sou Fèt yon dezyèm fwa nan PROFESAME. Sa
pap koute w pyès kòb, e n’ap pran tan nou pou n eksplike tout sa ki esansyèl
pou w konnen pou w ka sove.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire