dimanche 5 janvier 2014

LEGLIZ PA M NAN PI BON

Legliz pa m nan pi bon
Kontèks.-  Konbyen legliz ki genyen? Konbyen Jezikri ki genyen? Konbyen moun ki te mouri pou legliz la ? Ki legliz Jezi ap vin chache ? Deklarasyon sa a fè jodi a n’ap defann relijyon, misyon e sitou enterè pèsonèl nou, men nou pap defann koz Kris la vre, paske si nou t’ap defann koz Kris la, pa tap gen tout non sa yo.
Inyorans ak foli dirije fè anpil defansè relijyon bezwen divize legliz Jezikri a. Nan legliz primitiv se te 1) asnèyman apot yo 2) kominyon fratènèl 3) lasèn 4) lapriyè ki te fè rekonèt kretyen yo (Travay 2.42). Jan sa ekri nan Travay 11.26 la, yo pat rele disip yo kretyen pou non yo te make nan kay, men se te jan yo t ap viv ak anonse bòn nouvèl la. Jounen jodi a, se pa sa. Se legliz pam pi bon, sa a pa fin twò byen, lòt la pa tèlman.

1.      Nou tout se Adventiste (moun k’ap tann Jezi vini ankò), paske n’ap tann retou Kris la. (1 Ko 4.14-17)
2.      Nou tout se Nazaréen paske se Nazarèt Kris la te fèt. (Matye 2.23).
3.      Nou tout se Pentecotiste paske se jou Pannkot la Sentespri a te desann. (Travay 2.38)
4.      Nou tout se Baptiste paske nou te batize nan non Kris la (Mak 16.15).
5.      Nou tout se Corps de Christ paske nou fè pati kò Kris la.(1 Ko 12.27).
6.      Nou tout se De Dieu, paske legliz la se pou Bondye li ye (Travay 20.28).
7.      Nou tout Temwen Jeova(Jezikri) paske se misyon tout kretyen sou latè (Travay 1.8).
8.      Nou tout se La Prophétie paske legliz la te fonde sou Pwofèt ak Apot yo (Efezyen 2.20).
9.      Nou tout se Jérusalem, paske nou tout ap tann Nouvèl Jerizalèm nan (Revelasyon 3.12)
10.  Nou tout se Bethesda, Methodiste, Jean 3.16, Siloé, Sainteté ak tout sa w konnen yo paske nou tout gen yon sèl nan Kris la. Konbyen Kris ki genyen ? Sentespri ? Bondye ? Syèl ? Lafwa ?

Pwoblèm nan se nan nou li ye. Ki kote non legliz sa yo ekri nan Bib la? Eske tout se pa non legliz Jezikri a? Poukisa nou divize ? Sa n’ap defann ? Ki objektif nou ? Eske nou chak vle mennen yon ti gwoup moun nan syèl pou yo ka felisite nou apa ? Genlè menm nan syèl la nou ta divize legliz la tou, anfen !!!!!!!!!


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire