Le Gagneur d'ames, #2, 18 Mai 2014
Kisa ki ka anpeche yon moun batize?
Yo arete Jezi, akize Li, maltrete Li, blese Li, jije Li tankou yon malfektè. Yo kloure Li sou yon kwa, Li mouri e sou 3 jou, jan Li te toujou anonse sa (Matye 26.2), Li leve vivan nan lanmò. Li pase plizyè jou ak 11 disip li yo. Sou 40è jou rezireksyon an, egzakteman sou ti mòn nan peyi Galile a(Matye 28.16), Jezi pwononse dènye pawòl Li ak disip yo : « Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la, ak Sentespri a. Montre yo pou yo obsève tou sa Mwen te bannou lòd fè. Sonje sa byen : mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba » (Matye 28.18-20)
Tradiktè Bib yo ak doktè yo bay dènye pawòl sa yo pote non Gran Komisyon an. Gen lòt menm, ki rele li Misyon Legliz la. Si n’ap analize byen, n’ap wè ke 5 pwen enpòtan nan misyon sa a se:
1) Jezi gen tout pouvwa
2) Disip yo resevwa nan pouvwa sa a ou yo al fè disip
3) Yo gen pouvwa pou batize disip sa yo
4) Yo gen manda tou pou anseye yo
5) Jezi pwomèt yo ke L’ap avèk yo jiskalafen
Nan kad sijè nou, n’ap konsidere sèlman 2e ak 3e pwen an: “ fè disip, batize yo” . Yon disip, se yon elèv (laten :discipulus, grèk : mathêtês, ebre:talmid), yon moun ki chita k’ap pran leson nan men yon mèt. Nan sans sa a, premye disip yo te pwofesè nan premye syèk yo aprè Jezi. Yo pa’t aprann nan lekòl lèzòm, men yo te pase plis pase 3 zan nan pye Jezi, Gran Mèt la ! (Matye 4.19). Jezi pa’t di yo tou, pou y’al montre disip-batize yo sa yo panse, sa lekòl di ak sa lemond ap anseye. Li te di yo : « Montre yo pou yo obsève tou sa Mwen te bannou lòd fè. » Kidonk, tout sa yon disip oubyen yon anseyan jodi a ap preche, anseye dwe soti nan sa Jezi di, ki ekri nan Bib la (Jan 8.31 ;2 Timote 3.16-17, 2 Pyè 1.20-21). Se sou baz sa a nou pral reponn ak kesyon nou : « kisa ki ka anpeche yon moun batize ? »
I. BIB LA PALE DE PLIZYÈ BATÈM
Jezikri te mete 2 seremoni nan Legliz la : batèm ak Sent Sèn. Anpil legliz ba yo non pote « sakreman ». Gen kèk nan legliz pwotestan yo ki kwè nan yon twazyèm : lavman pye. Nan koutim Jwif yo, batèm te senbolize « pirifikasyon » ak « konsekrasyon » (Nouveau Dictionnaire Biblique, Édition Emmaüs). Nan Bib la, yo pale de 6 batèm konsa (Le baptême, Jean Raymond Couleuru).
1. Batèm Jan Batis.
Se te yon batèm ki te fèt nan dlo pou pèp Izrayèl la te ka tounen vin jwenn Bondye (repantans). (Matye 3.1-12; Lik 3.1-20; Jan 3.23; Travay 19.1-5). Batèm sa a p’ap fèt ankò paske Jan Batis mouri.
2. Batèm Jezikri a
Avan Jezi te kòmanse ministè tèrès li, Li te resevwa batèm dlo. Se pa’t paske Li te fè peche, men pou Li te ka idantifye tèt li ak pèp Izrayèl la (Wiliam MacDonald). (Matye 3.13-17; 2 Korent 5.21; 1 Pyè 2.22; 1 Jan 3.5). Se sèlman Jezi ki te batize konsa, paske lòt jwif yo pa’t resevwa Sentespri a.
3. Batèm soufrans Jezikri sou kwa a
Batèm sa a te fèt sou Mòn Gòlgota kote Jezi te kloure sou kwa a. Nan Lik 12.50 Li te di : “Mwen gen yon batèm pou m resevwa. Men, mwen twouve l pran anpil tan pou l rive”. Jezi te gen detèminasyon pou Li al soufri sou kwa a pou tout moun. Pa’t gen moun ki te fòse Li, men Li te fè sa ak tout volonte’l. Se yon egzanp pou tout nouvo kwayan ki dwe batize ak volonte yo, san yo pa fòse yo pran kwa yo.
4. Batèm Sentespri a
Lè Jan Batis t’ap batize nan larivyè Jouden an, li te di: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo...Men moun k’ap vin apre mwen an...Se Li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife” (Matye 3.11). Chak lè yon moun konvèti tout bon, li tou batize nan Sentespri e li sove pou tout tan (Efezyen 4.30).
5. Batèm Jijman
Menm jan Jezi te di Li ta pral jwenn yon batèm sou kwa a ki ta pral senbolize soufrans li, se konsa tout moun ki pa kwè yo gen pou resevwa batèm jijman an, lè yo gen pou jete yo nan dife a ki rele “lanfè a” (Matye 3.12). Nan Mak 16.16 la, “kondane” a gen rapò ak moun ki pral resevwa batèm sa a.
6. Batèm kretyen yo
Batèm moun ki kwè yo se batèm dlo a. Li diferan de batèm Sentespri a paske gen anpil moun ki batize nan dlo ki kite Legliz e menm mouri san yo pa’t repanti. Batèm majisyen an nan Travay 8 la se yon egzanp pou montre ke batèm dlo pa sove, ni li pa fè yon moun jwenn Sentespri. Paske, si majisyen an te jwenn Sentespri a, li pa t’ap ofri apot yo kòb (Travay 8.13,19).
Men kèk vèsè ki pale de batèm dlo a: Matye 28.19-20; Mak 16.15-16; Travay 2.38,41; 8.5,12,16; 8.13;20-22; 27,34-36, 38,39; 9.4,5,17-19; 10.37,42-44,47,48; 16.14,15; 16.30-34; 18.8; 18.18; 19.3-5; 22.16; Women 6.1-4; 1 Korent 1.13-17;16.15; Galat 3.26-27; Efezyen 4.1-6; Kolosyen 2.12; 1 Pyè 3.21-22.
II. BATÈM KRETYEN AN NAN LIV TRAVAY LA
Nan liv Travay Apot yo, doktè Lik rapòte anviwon 4 batèm dlo nan 4 sikonstans diferan.
1) Batèm 3mil disip yo (2.41);
2) Batèm etyopyen an (8.38);
3) Batèm payen yo[Kònèy] (10.47-48)
4) 2e Batèm disip Jan Batis yo (19.5).
Nan tout batèm sa yo, mo grèk ki itilize a se batizô ki vle di « plonje nan dlo, koule» (Dictionnaire Baily).
III. KISA BATÈM DLO A VLE DI ?
Gen 3 prensip ki genyen nan Gran Komisyon an : fè disip, batize ak anseye. Fè disip la, ki se yon elèv, se evanjelize yon payen pou fè l vin angaje l pou Kris (Alfred Kuen). Sa di, yon swadizan kretyen ki pa vle batize poko disip, oubyen li poko angaje li ak Kris. Se sa 3 mil moun yo te fè lè yo te vin batize aprè mesaj Pyè a (Travay 2.14-40). Sa ki enpòtan, se pa tan ki pran pou batèm lan fèt, men se konviksyon disip la. Kifè, toutotan yon moun poko santi li ka angaje li nan Levanjil, li pa bezwen batize. Konsa tou, li mèt kwè ke li poko kretyen, ni li poko sove. Se pa batèm lan, k’ap fè l sove, men se angajman an (1 Pyè 3.21). Konsa, nou konprann ke batèm dlo a se yon prèv ke ou angaje ou ak Kris, aprè ke w fin tande ak konprann Levanjil.
IV. ESKE BATÈM DLO A KA SOVE?
Nan Matye 28.19-20; evanjelis la mete aksan sou devwa, misyon disip yo. Sa vle di, yo gen otorite pou yo batize disip yo pral fè yo. Tandike Mak li menm mete aksan sou repons, reyaksyon moun k’ap kwè a. Se sa ki fè li di: “ Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men moun ki pa kwè va kondane” (Mak 16.16). Daprè kèk tewolojyen, batèm sa a se pa batèm dlo, se batèm Sentespri (Charles Ryrie, ABC de la Théologie Chrétienne). Poukisa ? Paske batèm dlo pa ka sove, e nan plas li ye a – aprè kwè, avan sove – li se kondisyon sove. Toutfwa, si se batèm dlo li ye tou, li pa vle di sove paske se sanse nan vèsè sa a ke batèm dlo ta parèt kòm kondisyon sove. Gen anviwon 150 vèsè nan Nouvo Kontra a ki montre ke sove se pa lafwa (Wiliam MacDonald). Konbyen ki montre ke se batèm dlo? Pwiske nou pa ka fonde yon doktrin sou yon sèl vèsè, nou dwe chache konnen egzakteman ki kondisyon ki ka sove. Pòl di sa nan Efezyen 2.8-9 : se lafwa ! E si n’ap konpare lafwa ak yon mo nan Mak 16.16, n’ap pran kwè. Ebyen, daprè tèks sa nou konprann ke yon moun ki sove oubyen ki kwè pa ka refize batèm dlo. Se siy ke li pa kwè, kidonk, li poko sove.
V. KISA KI KA ANPECHE YON MOUN BATIZE ?
Nan Travay 8.26-40 la, Lik rapòte batèm gwo chèf Letyopi a.
§ V26: Sentespri a gide evanjelis Filip pou li al evanjelize chèf la.
§ V27: Filip obeyi, li ale.
§ V28: Chèf la, tankou anpil moun jounen jodi a, t’ap li men li pat ka konprann paske san Sentespri a, sa difisil. (1 Korent 2.14-15)
§ V29: Sentespri a pale ak Filip ankò.
§ V30: Filip itilize yon metòd atak pou li bay chèf la Levanjil la.
§ V31: Chèf la aksepte ke li pa konprann pasaj l’ap li a. Gen anpil pasaj nan Bib la ki difisil pou konprann (2 Pye 3.16). Malerezman, gen anseyan ki pwofite de difikilte sa a pou fè pase fo doktrin k’ap anpeche lafwa kretyen yo grandi.
§ V32-34: Chèf Letyopi a pa tap janm panse ke se te de Jezi ke Ezayi t’ap pale la a. Malgre doktè lalwa yo te konn li pasaj sa a, sa pat anpeche yo pat rekonèt Jezi. Pi entèlijan pase yo, chèf Letyopi a mande pou Filip fè’l konnen kiyès.
§ V35: Lik pa bay detay sou sa Filip te kontinye pale a, men nou sèten ke li te di l tout sa ki verite konsènan Jezikri. Vèsè sa a montre nou ke nou ka evanjelize apati de kennenpòt vèsè ki nan Bib la. Li sifi pou nou mete Jezikri ladan (Christocentrique). Se sa Filip te fè menm.
§ V36: San dout, Filip te pale de batèm dlo ak kijan sa ka fèt. Konsa tou, pwiske chèf la te nan fèt Pannkot la (Travay 2.14) li te tande diskou Pyè ak envitasyon li te fè ak tout moun ki te kwè. Te gen anviwon 3 mil moun ki te batize konsa. Li posib pou chèf Letyopi a mande batèm poutèt li te kwè nan mesaj Filip la.
§ V37: Atò, Filip ba li kondisyon pou yon moun batize ki se « kwè nan Jezikri ». Asireman, li di ke li kwè nan Kris la.
§ V38-39: Pwiske chèf la te kwè, anyen pat ka anpeche li resevwa batèm.
VI. 2 REZON KI KA ANPECHE BATÈM
Si nan Gran Komisyon an, Jezi bay 3 prensip : fè disip, batize ak anseye, nou kwè ke si yon moun ta disip ki pa ka refize batize. Nan sans sa a, nou pwopoze 4 rezon ki ka lakoz yon anpèchman.
1. Rebelyon
Rebelyon se lè yon moun pa soumèt ak volonte oubyen deklarasyon yon otorite ki etabli. Jezi di disip yo : batize yo ! Disip yo jodi a, se pastè yo, dyak, evanjelis ak tout moun ki gen yon ministè nan Legliz Jezikri a e ki la pou batize. Si yo etabli pou batize lòt disip, fòk disip sa yo obeyi ak yo. E se pa avèk yo y’ap obeyi, men ak pouvwa yo te resevwa nan men Gran Pastè a ki se Jezikri. Si se pa rebelyon ki anpeche yon moun batize, kisa l ye ? N’ap wè sa pi devan nan pretèks yo.
2. Pa gen batèm
Nòmalman, pa ta dwe gen yon peryòd pou batize, paske moun ap kwè chak jou. Se yon seremoni ki ta dwe gen youn oubyen plizyè moun pou sa, pou kennenpòt lè yon moun kwè, pou l resevwa batèm. Malerezman, se pa sa ki genyen. Antouka, se sèlman si pa ta gen batèm pou yon manb konvèti ta di li p’ap batize. Depi genyen, anyen pa ka anpeche yon moun konvèti batize, paske konvèti vle di « kwè ». Si’w pa vle batize, ou poko kwè.
3. Plasay
Yon moun ki nan plasay se yon moun ki ap viv nan peche (1 Jan 3.6-9), kwake se pa sa sèlman ki peche. Men Pòl di Timote konsa ke gen peche ki fasil pou dekouvri, gen lòt ki difisil (1 Timote 5.24). Konsa, si Legliz la konnen gen yon moun k’ap viv nan yon peche ki fasil pou dekouvri, responsab yo dwe aji daprè sa yo konnen. Non sèlman Bib la dakò, men sitou, se pap yon modèl pou manb Legliz la wè ke yon moun k’ap viv nan peche ap fonksyone tankou tout moun,paske depi’w batize, ou ka fè anpil travay nan Legliz la. Pou kesyon maryaj la, li pa enpòtan paske Jezi pa’t mansyone maryaj nan misyon an. Se te sèlman 3 bagay : fè disip, batize ak anseye. Eske maryaj la pa gen plas li? Wi, men fòk se moun ki nan plasay yo ki pou deside fè sa. Toutfwa yo pa deside, yo pa dwe fòse yo, konsa tou, yo p’ap ka fè anyen Legliz la paske yo pa ko konvèti.
4. Lanmò
Yon moun ki repanti jis avan li mouri, depandaman de kote li ye a, nan sikonstans li pral mouri a, li gen dwa pa ka resevwa batèm. Se pa wòl nou pou nou di li p’ap sove paske se Bondye ki sove. Si nou disponib pou n priye ak li, ke nou priye, men pinga nou kwè tou ke se priyè a k’ap sove l. Si se ta sa, lafwa pa gen plas li, paske sove se pa lafwa, e lafwa depann de moun ki bezwen sove a, pa de moun k’ap evanjelize li a, ni sila k’ap priye pou li a.
Gen lòt ka ankò ki ka anpeche yon moun batize, men se pa yon pretèks.
VII. PRETEKS POU REFIZE BATÈM
Yon pretèks ak yon ka ki vrèman anpeche batèm pa menm. Yon moun ki sou 2 pye li, k’ap chante, ki vin legliz chak dimanch, ki konn priye, jene e menm – pa inyorans – ale nan misyon, pa ka di li pa ka batize. Sa a se yon pretèks. Pretèks se yon fo-rezon yon moun bay pou l pa fè yon bagay. Gen yon sèl kondisyon pou yon moun batize: kwè! Tout sa w mete devan pou pa batize rele pretèks ! Men kèk ladan yo :
1. M poko prè : Poko prè pa lòt rezon ke’w poko kwè. Jezi pa’t di batize moun ki prè aprè yo fin kwè, men Li te batize moun ki se disip.
2. M pa gen laj pou sa : Nan ki vèsè Bib la bay laj pou batize ? Pyès ! Ki rapò laj ak sove ? Okenn ! Lanmò ki se dènye etap nan lavi pa menm tann yon timoun fin grandi, dèfwa li poko menm pale, li mouri. Si te gen laj pou mouri, ta genyen pou batize tou. Nan jijman an, tout moun ap pase devan Gran Jij la : granmoun ak timoun (Revelasyon 20.12). Pou kesyon a ki laj yon moun ka batize, Bib la pa bay repons, men li di klè: moun ki kwè yo. Pwiske li pa bay laj pou batize, yon moun pa ka pran pretèks sou laj tou pou li pa batize.
3. Manman’m/papa’m pa vle : Jezi pa’t di batize disip yo si paran yo oubyen responsab yo vle. Li te di : moun ki kwè yo. Vrèman, gen paran ki pa vle pitit yo batize, men sa pa ka chanje sa Bondye ap fè, e entèdiksyon paran an pa ka anpeche timoun lan sove. Nan jou jijman an, pa’p gen ni papa ni manman, tout moun pral reponn grenn pa grenn.
Rezon pretèks yo
Nou imajine ke nan Legliz Primitiv pa t’ap gen pyès kwayan ki t’ap di li poko prè pou’l batize paske lè yon moun te batize nan epòk sa a, li te angaje li ak Kris, li te di lemond babay e li te prè pou’l te afwonte menm lamò. Nou ka konprann jounen jodi a kisa ki fè anpil moun pa vle batize. 1) Levanjil verite a pa preche prèske 2) Chak moun sanse ap regle zafè yo 3) Pa gen lanmou fratènèl ankò 4) Akoz twòp koripsyon, anpil moun pa gen krentif pou Bondye 5) Pa prèske gen modèl ankò pou jèn k’ap leve yo 6) Se plis pwogram k’ap fèt, men se pa zafè Bondye k’ap regle.
Nou souvan di ke Bondye pa chanje, e Bib la dakò ak sa (Malachi 3.6). Jezi tou pa chanje (Ebre 13.8), men kisa ki fè bagay yo prale kòmsi Bondye ak Jezi te chanje ? Eske se paske pwofesi yo ap akonpli ? Si y’ap akonpli, kisa’n dwe fè ? Si Bondye ak Jezi toujou menm nan, kisa k fè nou pa gen menm lanmou dantan an, menm pwisans la ak menm chalè a nan evanjelizasyon an? Sa se tou pa’w pou reponn, zanmi mwen nan Leseyè.
KONKLIZYON
Li p’ap fasil pou tout moun dakò ke anyen pa ka anpeche yon moun batize, paske menm moun ki dakò jodi a ka di demen li pa dakò ankò. Poukisa ? Paske Bib la manke etidye. Sepoutèt sa PROFESAME mande ak tout kretyen, konvèti oubyen batize, pou yo fè menm jan ak kretyen Bere yo (Travay 17.11). Se pa fè diskisyon san sans k’ap simen divizyon, men diskisyon ki ka ede moun yo konprann verite ki nan Bib la. Si Bondye pa kache nou anyen sou lòm depi nan kreyasyon jouk nan destriksyon li nan lanfè, pouki nou ta kache lòm sa li dwe konnen ? Bib la pa la pou n fè diskisyon nan lide pou n moutre nou pi fò. Si se te sa, Pyè, yon pechè pwason pa ta inogire Legliz la, e se sèlman etidyan Labib ki t’ap sove. Si’w ta renmen konnen plis sou anpil bagay nou pa di de batèm dlo, kontakte nou pou’w ka etidye avèk nou. Fòmasyon nou yo gratis ! Ou p’ap peye pou anyen.●

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire