Kisa PROFESAME ye?
Li posib pou’w mande kisa PROFESAME
ye, e kòman yo òganize yo. Se nòmal, paske pwovèb la di: “Si’m te konnen toujou dèyè”. Konsa, li toujou bon pou yon moun
konnen objektif yon gwoup avan li rantre ladan, pou li pa regrèt demen. Nan fèyè enfòmasyon sa a, n’ap eseye bò’w
enfòmasyon ki ka ede’w konprann kisa PROFESAME
ye. Answit, lè’w fin konnen, w’ap
gen dwa pou’w jije, apresye, rejte oubyen aksepte. Men nou sèten ke tout sa nou
di’w se laverite.
N’ap kòmanse pa di sa PROFESAME pa ye, avan nou di sa li ye tout bon.
Se pa yon ONG
Yon ONG (Organisation Non Gouvernementale) se yon òganis ki la pou ede pèp
nan yon domèn kèlkonk. Pa egzanp, gen ONG ki ede moun nan alfabetizasyon, nan
bay manje, nan lagrikilti, elatriye. Nan sans sa a, PROFESAME pa ONG paske li
pa gen vokasyon sa yo.
Se pa yon
Legliz lokal
Yon Legliz lokal se yon kay kote kretyen yo reyini pou fè kilt pou Bondye
nan yon jou kèlkonk. Li dirije pa yon pastè, yon prèt oubyen yon gwoup moun. Se
pa sa PROFESAME ye, paske tout manb ki ladan se yon manb nan yon Legliz lokal ki
nan Lyankou ak nan Senmak. Objetif nou se pa vin poze plis pwoblèm nan kreye
Legliz, men nan ede kretyen ki nan Legliz rezoud pwoblèm yo. E youn nan pi gwo
pwoblèm sa yo se evanjelizasyon ki
sanse meprize oubyen ki mal fèt.
Se pa yon
denominasyon
Yon denominasyon se yon gwoup nan yon relijyon ki diferansye nan yon non,
men ki sanse divize nan kèk doktrin. Pa egzanp, Batis, Pannkotis, Dedye, Kò de
Kris, Lapwofesi se denominasyon. Yo pa ni relijyon, ni sèk. Nan PROFESAME gen
plizyè manb ki soti nan plizyè denominasyon. Nou pa sa !
Se pa yon sèk,
yon nouvèl relijyon
Yon sèk (secte) ka gen plizyè definisyon selon jan yo konprann li, men nan
etid sosyolojik relijyon an, li se yon gwoup moun ki separe de relijyon k’ap
domine a. Se sa ki fè yo konsidere Temwen
Jeova yo, Advantis yo, Mòmon ak lòt gwoup kòm sèk paske yo soti nan relijyon
krisyanis la. Krisyanis la divize nan twa pati : Katolik, Òtodòks ak
Pwotestan. Nou pa ni sèk, ni relijyon paske n’ap preche doktrin Kris la ki te
fonde relijyon sa a.
Nou pa rezilta
divizyon
Nan mwa Janvye 2013, alòske frè Jérôme Dorsonne Emerson t’ap
etidye nan seminè Tewoloji, li te vin kwaze ak yon liv nan yon libreri Senmak,
ki pale sou evanjelizasyon (Gagner
des âmes) ke Charles Spurgeon te ekri nan lane 1897. Depi lè sa a, li te vin
gen lide reyini kretyen nan asanble li pou fè fòmasyon sou evanjelizasyon. Se
konsa, aprè yon seminè ki te fin òganize nan mwa Mas nan Legliz DeDye Lasentete
(Marseilles), patisipan ki te la, te tou jwenn ankourajman pou aprann plis de
evanjelizasyon pou sa yo te vin konprann. Premye pwomosyon an ki te batize Petra (la parole) ta pral kòmanse nan 6
Avril 2013. Nan 8 moun konsa ki te gradye 14 jiyè 2013 nan Legliz Betesda, gen
4 ki toujou nan PROFESAME. Aktyèlman, nou sou 5 pwomosyon (ke nou rele classe).
Nou di ase sou sa nou pa ye. Men kèk enfòmasyon sou sa nou
ye.
Yon pwogram
Nan tout definisyon yon pwogram ka genyen, men sa ki atribye
ak PROFESAME: (ensemble des projets que l'on a et des actions que
l'on se propose d'accomplir pour parvenir au résultat souhaité) Nou entèprete
li konsa : PROFESAME se yon ansanm
de pwojè ke nou genyen, ak aksyon nou mete a dispozisyon nou pou nou jwenn
rezilta nou swete a.
Yon lekòl
Yon lekòl ka gen plizyè sans, men lekòl PROFESAME ye a se yon
etablisman ki la pou anseye evanjelizasyon ak kretyen. Li pa (ko) yon lekòl
biblik ki egzije anpil kritè, men li se yon lekòl biblik nan sans ke se Bib
n’ap anseye. Li pote non Ecole Biblique Le Gagneur d’âmes pou
amonize non tijounal la. Jezi te di ak disip yo : « Vin jwenn mwen, m’a fè nou tounen pechè moun
pito » (Matye 4.19). Yon disip se yon elèv, e Mèt la se Jezikri.
Nou fè plizyè lòt aktivite ki antre nan objektif nou.
Kisa sig
PROFESAME vle di?
Sig la (ki vin yon akronim) vle di : Programme de Formation Evangélique pour le
Salut des Ames. Kidonk, se yon pwogram ki la pou fòme kretyen sou
evanjelizasyon ki gen kòm objektif : sove moun ki kwè yo nan non Jezi
(Travay 4.12), gras ak ansèyman laverite (Jan 8.31-32).
Dat fondasyon
nou
PROFESAME te fonde nan mwa Janvye 2013, nan Lyankou, premye
seksyon kominal Vèrèt.
Rezon
egzistans PROFESAME
Rezon an se paske evanjelizasyon se yon lòd ke anpil kretyen
meprize. Menmsi tout moun ap di yo konn
evanjelize, yo pran fòmasyon sou sa, pa gen anpil ki pratike l tout bon vre.
Kretyen pwotestan toujou ap di ke se Temwen Jeova yo ak Mòmon yo ki fè travay
sa a pi byen, tandike yo menm tou yo resevwa fòmasyon sou sa. Pou estimile,
motive, ankouraje yo, PROFESAME vin ak yon metòd (ki pa retire anyen nan
levanjil la) pou fè kretyen ki gen volonte evanjelize.
Kwayans
manb PROFESAME
PROFESAME pa yon relijyon, ni yon sèk, ni yon denominasyon. Li
pa Dedye, Pannkotis, Kòde Kris, Batis, Katolik, Temwen, Advantis, Mòmon ak tout
lòt gwoup ki rekonèt yo. Aktyèlman, 17 manb ki landan li soti nan 7 Legliz
diferan ki nan 2 zòn : Lyankou ak Senmak. Youn nan kondisyon pou yon moun
vin manb PROFESAME, fòk li se yon manb batize nan yon Legliz deja. Nou pa
ankouraje pyès moun kite Legliz yo sou kèlkeswa rezon an. Kòm nou dwe òganize
nou, nou pote yon non e nou bay tèt nou prensip pou’n fonksyon ak evite dezòd.
Se detanzantan, n’ap retire mete nan lide pou’n viv byen jan Bondye vle’l la. Nou kwè nan Bib la ki se otorite final Legliz
la. Nou pa kwè nan divize pou renye, men nou kwè nan linite pou’n vanse pi
devan. Nou pa fè fòmasyon pou kòb, ni nou pa kwè ke se sèl nou menm ki konn
evanjelize pi byen. Nou pa Legliz ni nou pa sovè. Legliz la gen prensip li ki
ekri deja nan Bib la, men nou mete disiplin ant nou menm pou’n ka jere objektif
nou. Yon manb ki pa respekte yo p’ap janm ka avèk nou paske nou detèmine pou’n evanjelize tout tan nan lòd ak disiplin!
Deviz
PROFESAME
Deviz nou soti nan misyon Legliz la nan lemond (Matye
28.19-20 ; mak 16.15-16, Lik 24.47 ; Jan 17.18 ; Travay 1.8) :
evanjelize
tout moun, tout kote, tout tan. Yon
manb aktif PROFESAME p’ap janm di li pa gen tan pou’l evanjelize aprè fòmasyon
li fin pran, paske rezon egzistans li sou latè se chache nanm pou Kris.
Moun
nou fòme deja
Eksepte lòt aktivite ke PROFESAME fè nan Legliz, program li a
fòme plis pase 35 moun pou evanjelize (5 pwomosyon) e li touche anviwon 8
Legliz nan Komin Vèrèt la. Kòm manb aktif, genyen sèlman 16 manb
k’ap travay nan ministè evanjelizasyon an.
Finansman PROFESAME
PROFESAME nouri tèt li ak sa manb li yo bay ak dispoze pou
travay. Fòmasyon nou yo gratis, patisipan yo pa peye pou okenn fòmasyon, sof si
dokiman yo pa ta pou pwogram nan. Editions Jeunesse
et Lecture se yon patnè ki la pou enprime ak edite tifeyè yo, tijounal ak
tiliv pou pwogram nan. Li pa finanse pa lòt sous, ni li pa nan zafè politik. Ti
jounal Le Gagneur d’âmes ki pibliye mande ofrann volontè si moun lan
genyen. Tout lòt tiliv [ke frè Jérôme te ekri] ki te konn vann yo (Ann al chache nanm pou Kris, #1, #2) p’ap
pou vann ankò, y’ap distribye ak elèv nan lekòl la.
Divizyon
pwogram nan
Lè PROFESAME te kòmanse fòme kretyen, li pa’t panse ke t’ap
gen etidyan ki t’ap neglije fòmasyon yo t’ap pran an, pou jan yo te devwe ak
pwomèt ke yo ta pral evanjelize. Men lè te kòmanse vin gen parès ak neglijans,
pwogram nan te vin divize manb yo nan 2 pati. Manb pasif ak manb aktif.
Kisa ki manb
pasif ak manb aktif la ?
Manb pasif yo se etidyan ki te fin fòme nan pwogram nan epi
ki deside pa travay an kolaborasyon ak metòd pwogram nan egzije. Sa pa anpeche
kennenpòt kretyen vin pran fòmasyon, epi aprè li ka deside vin pasif oubyen
aktif. Yon manb pasif pa vle di ke se yon move manb, men se jis yon chwa li fè
e pwogram nan respekte sa.
Manb aktif yo se etidyan ki fin pran fòmasyon epi ki rete ap
evanjelize daprè pwogram nan. Yon manb aktif ka deside kennenpòt lè vin pasif,
menm jan manb pasif la ka deside vin aktif. Yon manb aktif, kennenpòt kote li
ye nan lemond antye. Pwogram nan egzije pou’l bay rapò evanjelizasyon chak
premye mèkredi nan yon mwa. Konsa, si li nan peyi letranje, li ka itilize entènèt
(e-mail) pou li fè sa. Si li pa dakò, li tou vin manb pasif, pwogram nan pa gen
pwoblèm ak sa, se chwa manb la, men nou dispoze disiplin pou reyaji.
Kòman
ou ka vin manb PROFESAME ?
Tout kretyen, kèlkeswa nivo konesans li ak eksperyans li nan
Levanjil ki te resevwa batèm nan Legliz li ka vin manb PROFESAME si li respekte
kondisyon sa yo :
1.
Fòk li
disponib, paske nou p’ap travay ak kretyen parese ni kretyen neglijan. Si moun nan pa gen tan, ke li rete pou jis li gen tan.
2.
Fòk li se yon
volontè. Nou pa gen kòb pou’n peye moun pou evanjelize. Sa pral depan
de sikonstans la, si manb lan ap deplase nan yon lòt zòn, nou mete ansanm pou’n
kouvri frè yo.
3.
Fòk li swiv fòmasyon nou yo. Se pa fòmasyon
nou yo k’ap fè moun lan konn evanjelize ni sove, men metòd nou itilize a ka
diferan, kwake li pa defòme pyès verite.
4.
Fòk li pa
renmen fè diskisyon san sans.
Konesans, se lè ou konn yon verite, tandike sajès se jan ou
mete verite sa a an pratik. Konsa, moun ki fò pou nou, se moun ki gen sajès nan
pratike sa li konnen. Nou fè plis pratik ke teori, paske pale anpil ak diskite
p’ap mennen pyès kote ke nan sa nou ye deja a.
5.
Fòk li gen tout materyèl yon kretyen dwe genyen : Bib, Chan Desperans, Kaye Nòt. PROFESAME pa reyini moun 2 bwa kwaze k’ap pale anlè. Nou fòme sòlda pou
evanjelize nan Bib la!
6.
Fòk li gen omwen yon moun l’ap evanjelize. Youn nan egzijans pwogram
evanjelizasyon nou an, se chita pou montre moun w’ap evanjelize a kisa Levanjil
ye. Di yon moun pou’l konvèti san’l pa konn pouki se lave men siye atè. Pou sa,
manb PROFESAME nan dwe gen yon moun ke l’ap etidye Bib ak li pou jiskaske li
konvenk, epi pou’l konvèti ak resevwa batèm nan legliz li, selon lye kote
evanjelizasyon an fèt.
7.
Fòk li renmen fè lekti Labib ak lòt liv. Konesans,
se nan liv sa rete. Yon moun ki vle evanjelize dwe toujou ap li Labib ak lòt
liv pou’l ka konnen kisa pou l di, reponn ak kesyon y’ap poze li ak gen konviksyon
pou’l kwè nan sa l’ap di.
8.
Fòk li bay rapò chak premye mèkredi nan yon mwa. Rapò yo gen
anpil enpòtans pou nou wè kòman manb la ap travay. Nan jou mèkredi a, li gen
pou l bay rapò soti 8h nan maten pou 9è nan aswè. Si li rete lwen, li ka voye l
sou entènèt nan adrès PROFESAME (profesame@yahoo.fr) oubyen fè jwenn li pa yon
lòt mwayen. Sinon, l’ap dwe yon Bib konplè, e l’ap bay rapò a. Bib sa a dwe bay
avan lòt rapò a. Sinon, rapò mwa k’ap vini an p’ap valab.
9.
Fòk li
distribye ti feyè nou yo. Se pa sèlman yon moun pou manb la
evanjelize, li ka distribye ti feyè yo ki gen mesaj pou moun ki pap gen tan pou
tande, sila k’ap travay nan biwo, pasajè ak tout moun ke li kwaze yon kote.
10.
Fòk li patisipe nan asanble jeneral yo chak 2 mwa. Nan asanble jeneral yo ki fèt chak 2
mwa, se okazyon pou tout manb aktif yo rankontre pou pale sou divès aktivite ak
jan pwogram nan ap mache. Yon manb ki
p’ap la dwe avèti sa. Se sèlman nan okazyon sa a tou, yon manb pasif ka vin
aktif devan tout manb yo.
11.
Fòk li toujou
sou fòmasyon. Yon manb PROFESAME menm jan ak tout moun, li
pa janm fin konnen. Se pou sa, nou toujou gen fòmasyon sou tout sa ki konsène
Labib. Manb aktif la dwe toujou vin patisipe si li pa gen yon ijans.
Ki
kote nou reyini?
Aktyèlman, PROFESAME poko gen yon lokal fiks, men li fasil
pou konnen kote biwo li ye ak kote manb yo fonksyone.
1.
Biwo
Enfòmasyon ak distribisyon: biwo sa a la pou bay enfòmasyon ak distribye liv, ti feyè ak
tijounal ki soti yo. Li nan Optima, sou Avni Lyankou, piwo klinik COMSAT la, pi
ba Legliz Katolik la, anfas Tant Plus.
2.
Fòmasyon :
Nou fè fòmasyon nan 2 lokal Legliz : La Foi apostolique (Rue Dr
Mellon) ak Sainteté Salut pour Tous (Marseilles). Depan de ijans la, nou fè
fòmasyon nan lòt Legliz ki elwanye yo.
Lòt
adrès nou
Gen 4 fason, ou ka kontakte PROFESAME :
1.
Nan biwo ki nan Optima a
2.
Nan nimewo telefòn sa yo: 3639-6642/3601-2723/3730-5030/4060-5830
3.
Sou entènèt: profesame@yahoo.fr
Tape www.profesamehaiti.blogspot.com sou
Google, w’ap ka li anpil atik ke nou pibliye ak lòt enfòmasyon ki konsène nou.
4.
Paj sou Facebook : Profesame
Evangelisation Haiti. Ou ka like paj
sa lè’w sou facebook pou’w resevwa mesaj.
Kimoun
nou ye ?
Nou se 17 manb k’ap travay ansanm chak jou nan lanmou Kris la
pou’n chache nanm pou Li. Si’w ta renmen
rekonèt nou, vin patisipe nan 6e
klas la k’ap kòmanse Samdi 31 Me 2014
la nan Legliz La Sainteté soti 8è pou rive 11è nan maten. Rele, ekri oubyen
pase nan biwo nou pou rezève plas ou.

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire