jeudi 5 juin 2014

Devwa yon kretyen anve polisye yo

Le Gagneur d'ames, #3, 1e Juin 2014

Devwa yon kretyen
anvè polisye yo

Samdi ki te 17 Me 2014 la,  se te jou inogirasyon Soukomisarya Lyankou a nan zòn Payen, premye seksyon komin Vèrèt. Tout abitan zòn nan te byen kontan resevwa jès sa a ki pral ranfòse sekirite popilasyon an.

Apati dat sa a, Lyankou ta pral genyen polisye pa li. Redaksyon Le Gagneur d’âmes te twouve li nesesè pou l te raple kretyen yo devwa yo anvè polisye yo ki se oksilyè lajistis.

Kretyen : yon sitwayen
Avan yon moun vin kretyen, li te yon sitwayen paske li t’ap viv nan sosyete a. Depan de epòk la, mo sitwayen an ka gen plizyè sans. Nan politik, yon sitwayen se yon moun ki majè, sa vle di ki gen laj pou’l vote ak egzèse dwa ak devwa li nan peyi li. Poutan, nan tan lontan (nan peyi Lagrès ak Wòm), yon sitwayen se te tout moun ki t’ap viv nan yon site ki te gen richès ak renome. Yo te gen dwa pou yo vote nan asanble piblik yo. Men jeneralman, yon sitwayen se tout moun ki fè pati yon Leta. Diksyonè Ilistre Lang Ayisyen an (Pwofèt Jozèf) defini yon sitwayen tankou : « Moun ki gen nasyonalite yon peyi. » Se sa ki fè, menmsi yon moun vin kretyen, li toujou yon sitwayen paske kretyen yo gen kontribisyon pa yo pou yo pote nan devlopman sosyete y’ap viv la. Devwa yon sitwayen se pa sa yo fòse’l fè, men se sa ki gen rapò ak lamoral, politik, sosyete ak ekonomik (Art 52, 52-1: Constitution amendée 9 Me 2011

Eske tout moun se sitwayen ?

Se vre ke tout moun ki fè pati yon nasyon se sitwayen, men èske tout moun se sitwayen ? Si nan sosyete grekowomèn lan (greco-romaine), yon sitwayen te yon moun ki te gen mwayen, yo te fè diferans ant 3 kategori moun ki pa’t sitwayen.
1) Fanm yo ki pa’t patisipe nan zafè politik,
2) Esklav yo ki pa’t lib
3) etranje ki pa’t gen dwa gen byen nan site a. Pou dezyèm ka a, Pòl te defann tèt li antanke sitwayen women, paske se esklav yo te ka vann ak bat san jije (Travay 22.25).

Kisa Bib la di de yon sitwayen ?

Nan palè kote Pilat te tabli a, yo te mennen Jezi devan li pou jije sò li, aprè yo te fin mennen Li kay Kayif.  Nan kesyon Pilat t’ap poze, Jezi te reponn konsa : « Nan peyi kote M wa a, se pa tankou peyi ki sou latè » (Jan 18.36b). Deklarasyon sa a ta sanble fè anpil moun kwè ke yon kretyen pa ka patisipe nan zafè [leta] ki se yon otorite. Eske se sa Jezi te vle di vre ? Jan nou ka konprann evenman an ak misyon Jezikri sou latè, plis Wayòm Li gen pou’l vin tabli a, Jezi pa’t rejte kategorikman patisipasyon yon kretyen nan zafè leta, ou dimwens, nan peyi ki sou latè. Poukisa ?

1.      Jezi te respekte otorite ki te tabli yo

Leta pa yon moun, men se yon nasyon ki soumèt devan yon gouvènman ak yon seri de lwa (konstitisyon) ki la pou bon fonksyonman nasyon an. Farizyen yo ki te bezwen pyeje Jezi te mande Li : « Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non ? Jezi te reponn yo : « Poukisa n’ap chache pran M nan pèle n konsa, bann ipokrit ? Moutre M pyès lajan nou sèvi pou peye taks la ». Lè yo montre L li, Li mande yo : « Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li ? Yo reponn : « Se pòtre Seza ak non Seza ». Atò Jezi di yo : « Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye ». (Matye 22.15-22)  Bay polisye yo respè yo merite, bay Bondye respè Li merite tou. Se pa menm respè yo ye, pwiske youn konsène Wayòm syèl la e lòt la konsène wayòm ki sou latè a.

2.      Jezi te peye taks

Antanke Pitit Bondye, enpo Tanp lan te pou Jezi, paske se nan men etranje yo te konn prelve taks nan epòk sa a. Jounen jodi a, sitou nan peyi nou, li pa konsa. Men pou Jezi te evite eskandalize sa, Li te peye taks la (Matye 17.24-27). Kretyen yo lib annegad de lalwa, men lè yon lwa pa kont moral yo oubyen sa Bib la anseye, yo dwe soumèt yo pou konsyans lòt moun pa febli. Pòl di : « Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen (Women 13.5). Nan lèt li te ekri bay kretyen Lavi Wòm yo, Pòl fè konnen : « Peye tout moun sa ou dwe yo : peye enpo nan biwo kote pou peye enpo. Peye taks nan biwo kote pou ou peye taks (women 13.7a). Se kòmsi jodi a, yon moun ta poze kesyon sa a : « Eske yon kretyen ka peye taks ? » Repons la t’ap konsa : « Wi, se pou li peye taks kote yo fè sa». Lajan taks la ak ofrann lan ki pral nan kès legliz la se menm, men yo pa gen menm objektif. Youn se pou akite dwa nou, lòt la se pou’n avansman travay Levanjil la. Kwake nou se kretyen, nou dwe peye taks pou’n onore devwa nou anvè Leta. La a ankò, sa pa vle di ke zafè wayòm sou latè a pa konsène kretyen yo.

3.      Pòl mande pou kretyen yo respekte otorite ki tabli yo

« Tout moun dwe soumèt devan otorite k’ap gouvène peyi a, paske nanpwen otorite ki pa sòti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Se poutèt sa, moun k’ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y’ap rale yon jijman sou tèt pa yo. » (Women 13.1-2). Nan deklarasyon sa a, nou ka konprann ke nan sosyete a, nan sa ki gen rapò ak lalwa, pa gen kretyen ak pa-kretyen. Tout moun dwe respekte sa otorite yo di.

4.      Kretyen dwe priye pou otorite yo

Nan ansèyman sou lapriyè, apot Pòl te mande Timote, pitit li nan lafwa, pou’l pa’t bliye otorite yo nan lapriyè: “ Se pou nou lapriyè Bondye pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo” (1 Timote 2.2a). Yon kretyen pa la pou pale polisye yo mal, oubyen kennenpòt moun ki gen otorite nan nan peyi a. Rezon an trè senp, e li nan avantaj tout kretyen: “ pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen”(1 Timote 2.2b). Se pa polisye yo k’ap fè nou viv trankil ak kè poze, men pwiske yo gen otorite, yo nan volonte Bondye, si sèlman yo byen itilize otorite sa a. Lè yon moun dezobeyi yon polisye, li dezobeyi lalwa, paske polisye yo se reprezantan lalwa.

Kisa “otorite” ye?

Mo “otorite” a soti nan grèk exousia  ki vle di “pouvwa ke lalwa rekonèt (lejitim)”. Se yon pouvwa ki egziste, e moun ki genyen li an ka aji ak tout libète. Pouvwa sa a bay moun sa a dwa pou’l posede, kontwole, itilize yon moun oubyen yon bagay. Se sèl otorite Bondye ki lejitim, paske Li Chèf tout chèf, Wa tout wa, Senyè tout senyè. Non sèlman pouvwa li pi wo pase tout lòt pouvwa, men sitou, li la pou tout tan.  Ni lòm ni Satan pa gen pouvwa pou tout tan(Revelasyon 20.10).

2 kalite otorite

Genyen otorite selès (ki nan syèl) ak otorite tèrès (ki sou latè).

Otorite selès yo se zanj yo ki siperyè ak lòm(2 Pyè 2.11). Se Jezi ki te kreye yo, se sa ki fè yo sou otorite Jezi (Kolosyen 1.16). Se pou rezon sa a kretyen yo gen pouvwa sou demon yo ki se zanj ki te dezobeyi Bondye nan syèl la (Mak 16.17a).

Otorite tèrès yo se otorite sivil ak militè yo (Women 13.1). Yo la pou fè lajistis aplike nan ankouraje moun obsève lalwa.

Poukisa otorite yo la ?

Dabò, rezon ki fè gen otorite nan yon peyi se pou ka gen lòd, pou evite diktati oubyen yon zòn kote moun ap viv tankou bèt. Imajine yon zòn tankou Lyankou san polis. Tout moun ka fè sa yo vle. Se sèlman konsyans yon moun ki pou fèl pa fè mal. Se rezon sa a tou ki fè anpil moun di ke Ayiti se yon peyi ki gen sekirite, paske malgre pa gen polisye tout kote, moun yo viv byen nan evite derapaj, gras ak amoni ki genyen ant abitan nan zòn nan. Si polisye yo pa la pou mete lòd, kretyen yo pa dwe pwofite fè dezòd paske Bondye ki se Pi Gran Otorite a nan syèl, anba tè ak sou latè pa nan dezòd (1 Korent 14.13).

Eske se Bondye ki mete tout otorite yo vre ?

Bondye te bay lòm otorite pou premye fwa nan Jaden Edenn, lè Li te di Adan konsa : « Mwen ba nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k’ap mache sou tè a. » (Jenèz 1.28). Se yon verite lè Pòl di : « nanpwen otorite ki pa sòti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo”. Sa pa vle di ke Bondye dakò ak tout otorite. Yon otorite k’ap fè lenjistis pa nan volonte Bondye. Wa David te gen kòm misyon veye sou pèp Izrayèl la, men, poutèt yon fanm, li te fè tiye Ouri, yon sòlda sensè ki te sou sèvis li. Bondye pa’t kite sa konsa. Men sa Bondye te di nan sèvitè li Natan : « Bondye sèl Mèt la p’ap pini ou pou sa ou fè a, ou p’ap mouri. Sèlman, ak sa ou fè la a, ou montre jan ou ka derespekte Senyè a. Se poutèt sa pitit ou fenk genyen an ap mouri » (2 Samyèl 12.13-14). Kisa nou dwe konprann ? Bondye kreyatè a, se Li menm ki te kreye tout bon bagay. Se Li menm tou ki inisye tout bon bagay, tankou : maryaj, ofrann [bèt], lanmou, ak anpil bèl bagay ke lòm ap jwi gras ak souf ki nan yo, ke Bondye sa a sèlman ka bay. Tout otorite soti nan Bondye paske se Li menm ki te mete yo avan menm ke lòm te fè’l. Sa pral rive nan wout listwa t’ap trase, lòm vin koronpi otorite sa a. Neron ki se senkyèm anperè Women (54-68) te gen 17tan lè li monte sou pouvwa a pou swiv anperè Claude. Rapid rapid, li anpwazone pitit Claude la, li fè tiye manman li Agrippine, ak pwòp madanm li Octavie. Lè yo leve kont li, li te tiye tèt li. San dout, paske li te konnen mal li te fè. Adolph Hitler(1889-1945) ki t’ap dirije Almay te lakoz non sèlman lanmò 6 milyon jwif(1942-1945), men sitou dezyèm Gè Mondyal (1939-1945). Pou listwa ankò, li te tiye tèt li nan dat 30 Avril 1945. Asireman, Bondye pa’t pran pa nan otorite sa yo paske Li di sa klèman nan 6e kòmandman an : « Piga nou touye moun » (Egzòd 20.13). Wi, se Bondye ki te mete tout otorite, men Li pa dakò ak tout.

Eske kretyen ka dezobeyi otorite yo ?

Gran Konsèy la (Sanhédrin) nan epòk Wòm te okipe Izrayèl la te la pou regle zafè lajistis ak relijyon. Se devan yo pwosè pou kloure Jezi sou kwa a te fèt (Matye 26.56-66). Yo menm ankò te bezwen defann apot yo evanjelize ak anseye nan non Jezi: “Apre sa, yo fè rele apot yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi. Fwa sa a, men sa mesye yo te reponn: “ Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye : Obeyi nou osinon obeyi Bondye ? (Travay 4.18-19). Pi devan, lè yo wè mesye yo pa obeyi, Granprèt la raple yo : « Eske nou pa’t defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a ? ...Pyè ansanm ak lòt apot yo reponn li : « Se pou’n obeyi Bondye pase pou’n obeyi nou. » (Travay 5.28-29). Ankò, nan Travay 23.1-5, apot Pòl pral sibi move tretman nan Gran Konsèy la akoz de yon enjistis yo pral fè li : « Pòl fikse je l sou manm Gran Konsèy yo, li di : Frèm yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jodi a. Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba’l yon souflèt. Lè sa a, Pòl di li: « Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho. Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k’ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape’m lan. Moun ki te toupre Pòl yo di li : « Apa w’ap joure Granprèt Bondye a ? Pòl reponn : « Eskize’m frèm, mwen pa’t konnen se granprèt misye te ye. Paske men sa yo di nan Liv la : Pinga ou pale chèf pèp ou a mal. » Sa fè’n konprann, lè chèf la pa respekte lalwa, otorite li ka aflebi. Men kreyen yo ki se limyè pa dwe nan konfli ak ni polisye ni lòt sitwayen.

Kisa Lapolis ye ?

Lapolis se enstitisyon an, tandike yon polisye  se ajan k’ap travay nan lapolis. Li se yon kò ki gen zam, ki sou lòd Lajistis. Yo rele li tou « oksilyè lajistis » (Art 273: Constitution amendée 9 Me 2011), sa vle di, yo la pou ede lajistis fè travay li. Se jij ki fè arete moun, men li sèvi ak polisye a pou egzekite arestasyon an (Art 24-1: Constitution amendée 9 Me 2011). Tout moun lib, se sa Konstitisyon an di (Art 24 : Constitution amendée 9 Me 2011) men libète sa a pa bay tout moun dwa pou yo fè sa yo vle. Dayè, se Leta ki pwoteje libète yon moun, ebyen moun sa a pa ka derespekte Leta oubyen yon reprezantan Leta.  Yo se menm moun ak tout moun, men yo pa gen menm fòmasyon ak menm objektif nan travay yo. Deviz yo se “Pwoteje ak sèvi”. Non sèlman y’ap pwoteje byen, yo pwoteje lavi popilasyon an tou kont danje (Art 269.-1: Constitution amendée 9 Me 2011).
Yon polisye la pou bay sekirite, evite dega ak arete moun k’ap fè vyolans. Nan ka sa a, jan Bib la di a : « Chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen  nou. Men si w’ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa pou pini moun. Lè sa a se sèvis Bondye y’ap fè tou. Y’ap fè nou wè kòlè Bondye lè y’ap pini moun ki fè sa ki mal.

Polisye ak chèf ?

Nan vrè sans la, pa gen twòp diferans ant polisye ak chèf. Polisye a se yon ajan nan  Lapolis, tandike chèf la se yon moun k’ap dirije. Antanke polisye, yon moun se yon chèf. Nan Efezyen 5.23-24, men sa nou li : « ...yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf Legliz la. Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan Legliz la soumèt devan Kris la ». Yon chèf se yon dirijan, yon pwotektè, yon kòmandan, yon moun ki la pou fè respekte lòd. Malerezman, anpil moun panse ke yon chèf se yon moun ki pa pran lòd e ki bay lòd san respekte lalwa: “Pa ranse ak Ti-Mak papa, misye se gwo chèf »(Diksyonè Lang Ayisyen, Pwofèt Jozèf).


Kiyès ki pou pè polisye yo ?

Bib la di: « Tande byen : moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k’ap gouvène yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf, ebyen fè sa ki byen. Se lwanj ase, wa resevwa nan men yo. » (Women 13.3) Yon chofè kretyen k’ap kondi moto oubyen machin ki kòrèk pa bezwen pè yon polisye. Yon kretyen pa bezwen pè yon polisye, amwenke li ta fè yon vye zak, paske tout moun fè yon sèl devan lajistis. Pa gen yon polisye pou kretyen epi yon lòt pou sila yo ki pa kretyen. Dayè, gen polisye kretyen. Yo p’ap epanye yon kretyen ki ta vle fè rebèl.

Konklizyon

Pòl di : « Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe gen respè » (Women 13.7). Tout kretyen dwe gen krentif pou polisye yo, sa vle di respekte yo antanke èd lajistis, reprezantan otorite ki tabli nan peyi a. Se pa paske li pè yo ni paske li pa nan zafè politik, oubyen ankò paske yo di lalwa pa respekte nan peyi a, men pou konsyans li (Women 13.5). Se lè yon moun devan tribinal l’ap konnen si lalwa pa respekte vre. Pwovèb yo di : « Ret trankil se remèd kò – Evite miyò pase mande padon – Si’m te konnen toujou dèyè -  Mache sou 13 ou pou’w pa pile 14 mwen – Zòrèy pa janm pi long ke tèt – Se mèt kò ki veye kò».  N’ap repete sa Pòl te di a : « Eske ou ta vle pa pè chèf, ebyen fè sa ki byen ». Pa di’w pa’t konnen !


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire