samedi 28 juin 2014

Le Gagneur, #4, 15 Jen 2014

Konpòtman yon KRETYEN
nan FOUTBÒL

Se sak fè, kit n’ap manje, kit n’ap bwè, nenpòt kisa n’ap fè, fè’l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye “ (1 Korent 10.31)

Fot de konesans nan Pawòl Bondye a ak meditasyon, gen anpil kretyen ki rive aji pi mal pase yon moun ki pa kretyen. Lè konsa, se pa de mal yo fè pale Levanjil ak Bondye. Aprè Pol fin ekri pawòl sa a, li kontinye pou’l di kretyen yo: “Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo [ki pa kretyen], ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche” (1 Korent 10.32). Kòm yon esklav lajistis (Women 6.18) kretyen an la pou Li fè Bondye plezi nan jan l’ap mennen vi li pami moun ki pa kretyen yo. Li la pou li briye tout kote li pase (Matye 5.8).

Nou pibliye atik sa a pou mete tout kretyen nan Legliz Bondye a klè sou sa ki konsène foutbòl, sitou zafè fanatik sa ki konn bay rezilta negatif. Nou espere ke tout kretyen ki sensè ap konprann enpòtans pratik Levanjil la nan tout domèn aprè yo fin fè lekti sa a.

MOTIVASYON MONDYAL
20tyèm edisyon Koupdimond la ap fèt soti 12 jwen pou rive 13 jiyè 2014, nan peyi Brezil  kote li te fèt deja nan lane 1950. Pwogram sa a ki fèt chak 4 lane nan yon peyi diferan nan mond lan motive tout kalite moun, nan tout kalite relijyon. Nan moman sa, gen biznis k’ap fè kòb, anpil piblisite, anpil chalè, anpil danje tou plane sou tèt fanatik k’ap kite pasyon foutbòl mennen yo pi lwen, jis konn rive gen lanmò.

ESKE OU SE YON KRETYEN ?
Li pa yon nouvèl ke tout moun konnen ke yon kretyen se patizan Kris, men konbyen fwa yon patizan Kris defann Kris (Matye 12.30) ? Eske ou se kretyen paske ou pote non an, oubyen paske ou viv tankou kretyen ?  Daprè 1 Korent 10.31 an, yon kretyen se yon moun k’ap viv pou Bondye nan jan li panse, jan li pale ak jan li aji pou fè lwanj pou Li.

KOMAN OU KA FE LWANJ POU BONDYE ?
Se pa lè ou ap chante, ou fè lwanj Bondye sèlman. Menm jan ak adorasyon an, chante se youn nan tout mwayen ki genyen pou fè lwanj Bondye. Si se te chante sèlman ki te ka fè lwanj Bondye, moun ki pa konn chante, sitou bèbè yo, pa t’ap ka fè lwanj Bondye. Nan 1 Korent 10.31 an, Pòl p’ap pale de « chante » pou fè lwanj, men de « sa kretyen an ap fè». Nan Jan 4.24 la tou, Jezi pa’t vle di ke se nan chante pou’n adore Bondye. Bib kreyòl la di : « Bondye se Lespri Li ye. Tout moun k’ap sèvi L se pou yo sèvi L nan lespri yo jan sa dwe fèt la. » (Jan 4.24). Pakont, nan Efezyen 5.19, Kolosyen 3.16 Pòl pale de kantik ak chante.  Nan Sòm 33.2-3, salmis la di : « Jwe enstriman mizik pou di Senyè a mèsi ! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou Li. Chante yon chante tou nèf pou Li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.» Pi gran prèv ke yon moun fè lwanj Bondye se lè l’ap mennen yon vi apa pou Li. Rezon an se paske yon moun ka chante, konpoze chante ak jwe mizik san li pa kretyen, tandike se sèlman moun ki gen Sentespri a rete nan li ki ka mennen yon lavi apa pou Bondye. (Women 8.5-8)

PANSE KRETYEN AN
Kòm premye e pi gran kòmandman, Jezi te reponn ak yon doktè lalwa konsa : « Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide [panse] ou» (Matye 22.37). Se panse nou yo, sa vle di lide n’ap fè ke moun pa konnen, ki pèmèt nou ka reflechi ak pran konsyans de aksyon nou ak pawòl nou. Tout moun ka fè move panse. Si li pa kretyen, konsyans li ka fè’l aji byen, men si li se kretyen, Sentespri a la pou konvenk li de vye panse l’ap fè. Yon moun ki p’ap panse avan li aji, ka nan regrè aprè paske vle ou pa, konsyans li ap jije’l. Kretyen an gen plis avantaj paske li gen Sentespri an plis ki depase sajès ke konsyans li te ka ba li. N’ap viv nan yon mond ki tèlman koronpi ke nou pa ka konte sou konsyans nou pou montre nou sa k’ap fè Bondye plezi ou pa. Pou lòm, se lè nou fè yon aksyon, nou peche. Poutan, Bondye pa wè’l konsa (Matye 5.28 ; 9.4 ; 12.34-35). Lè nou fin panse, ide nou yo rete nan kè nou. E se depi la tou, nou peche. Ou evite fè vye panse, tankou : joure ak frape yon moun ki pa fanatik ekip ou. Se depi nan panse ou pou’w retire vanjans, vye pawòl ki ka fwase fanatik yon lòt ekip. Plis ou panse ak vye aksyon, se plis ou aji mal.

PAWOL KRETYEN AN
Se pa sèlman lè ou nan yon sèvis kèlkonk ou ka/dwe di bon koze ak konpòte ou tankou moun de byen. Sa ka fè ou gen 2 pèsonalite : youn nan Legliz la ak yon lòt deyò a. Kòm foutbòl se zafè tout fanatik, ou oblije aji tankou tout fanatik aji. Ki diferans ki t’ap genyen ant ou menm ak yon moun ki pa kretyen ? Apot Pòl ekri kretyen nan Lavil Efèz pou’l di yo : “ Pa kite okenn move pawòl soti nan bouch nou.“ (Efezyen 4.29a). Li pale nan menm sans la ak kretyen Kolòs yo tou: « Lè n’ap pale, di bagay ki pou fè yo [moun ki pa kretyen yo] kontan, ki pou entèrese yo, konn kijan pou nou reponn chak moun » (Kolòs 4.6). Pi souvan, se pawòl ki mennen aksyon. Bon pawòl mennen bon aksyon, vye pawòl vye aksyon. Se sa ki fè li pi bon pou yon kretyen ta evite swiv yon match foutbòl kote ki gen vye pawòl k’ap site. Prefere ou pa gade yon match, menmsi se te ekip ou, olye pou’w fin gade li epi pou Sentespri Bondye gen lapenn (1 Tesalonisyen 5.19). Olye ou di sa’w pa ka fè oubyen sa Levanjil pa bò’w dwa fè, prefere ou pa nan plas pou’w fè’l. Se pou glwa Bondye !

AKSYON KRETYEN AN
Aksyon se sanse twazyèm bagay ki vini nan konpòtman lòm nan : 1)panse, 2)pale, 3)aji. Lè ou fin panse, ou di sa’w panse a, answit ou fè sa ou di a, finalman, ou reyalize’l. Pòl mande kretyen Kolòs yo pou yo mennen tèt yo byen avèk moun ki pa kretyen yo. (Kolosyen 4.5) Se fasil pou ou antoure ak moun ki pa konvèti k’ap gade match menm kote ak ou. Se pou ou toujou sonje ke ou se yon lòt moun (2 Korent 5.17). Si lontan, ou te konn aji mal nan zafè fanatik, se pou ou konnen ke vi sa a pa pou ou ankò paske Kris te vin pote yon chanjman jou ke ou te aksepte Li kòm Sovè ak Senyè ou. Chak fwa ou fè yon aksyon, ou ta dwe reflechi pou’w konnen si ou te byen aji daprè sa Bondye vle. Li pi bon ankò, si’w reflechi avan ou aji. Moun ki pa kretyen yo ap swiv ou, mwens vye jès ou fè, yo kritike ou : An ! Se pa entèl ki te konvèti lòdjou a k’ap fè sa a ? Kretyen sa yo !. Asireman, sa a pa fè lwanj Bondye, paske menm payen an jwenn bò pou pale lafwa ou mal. Se sa Pòl te vle fè kretyen Korent yo konprann (1 Korent 10.32). Si ou bezwen mennen yon moun bay Kris, se pou ou montre ke lavi ou chanje tout bon (Matye 3.8) nan konpòtman ou, e nan tout okazyon : « Pa kite okenn chans pase » (Kolosyen 4.6). Foutbòl pa legliz, men ou se kretyen tout kote paske Bondye w’ap sèvi a pa yon pwofesè ki bò’w yon egzamen e ki pa ka rann li kont ke se kopye ou te kopye ki fè ou fè nòt. Li Sòm 1 ak Sòm 139. Aksyon nou demontre si nou nan verite, paske se lè sa w’ap fè a koresponn ak sa w’ap di a, ou nan verite. Jezi te di : « N’a rekonèt yo sou sa y’ap fè. » (Matye 7.16). Konsa li pa difisil menm pou’w rekonet vrè kretyen an nan match foutbòl.

ESKE YON KRETYEN KA FANATIK FOUTBOL?
Lang kreyòl pale a fè nou pran anpil mo pou sa yo pa ye. Yon kretyen va bat lestomak li byen fò pou’l di : « Mwen se fanatik Ajantin ». Yon lòt va reponn li : « Brezil pi bon». Epi sa sifi pou louvri yon diskisyon ki fini mal, sa ke 2 fanatik yo pa t’ap janm swete. Poukisa ?

PASYON : YON SANTIMAN SAN LIMIT
Fanatik yon ekip se yon moun ki gen yon pasyon san limit pou ekip la, daprè vrè definisyon mo « fanatique » la nan lang fransè a (Dicos Encarta). Ou ka di tou ke se yon moun ki fou, damou pou ekip li. Si yon kretyen ta rive konsa, li depase limit li, paske li dwe renmen Bondye ak tout kè’l, nanm li ak panse li. Kòman pou yon moun renmen Bondye ak tout li menm, epi pou’l renmen yon lòt bagay k’ap fè li aji mal kont volonte Bondye sa a ? Li pa nòmal. Gen moun ki prè pou’l kraze yon zanmitay, dèfwa menm yon relasyon santimantal poutèt yon match foutbòl ki pa menm konsène li. Gen moun ki fè paryaj gwo kòb pou yon rezilta ke li pa menm konnen. Pasyon ou san limit lè ou pa ka kontwole emosyon ou devan fawouch, kritik ak defèt ekip ou. Yon kretyen pa dwe konsa. Youn nan fwi Sentespri a ki se “dousè” pa pèmèt yon kretyen gen pasyon san limit (Galat 5.22).

FIDEL E BYEN DESIDE
Yon fanatik se yon moun ki fidèl ak sa l’ap defann. Li prè pou li menm mouri pou sa. Li pa wè ni tande paske se sa ki nan lespri li a ki pou fèt. Deside pou’w fè yon aksyon malonèt, oubyen pou’w joure yon zanmi’w poutèt ekip ou ki pèdi, se pa konpòtman yon kretyen ki la pou fè lapè ak tout moun (1 Korent 10.33). Eske jwè oubyen ekip ou renmen an pi enpòtan pase yon bon zanmi ? Ankò plis pase Bondye ki te kreye syèl la ak tè a ? Siwi, repase lavi ou pou’w wè si se pa non kretyen yo bò’w pote!

PWEN FÈB FANATIK
Non sèlman fanatik la, jan yo dekri li, fè’w bliye tèt ou, aji tankou yon avèg, li fè’w kache laverite ak refize aksepte yon reyalite. Pou anpil fanatik, menmsi yon jwè nan ekip li oubyen yon fanatik parèy li ta fè yon bagay mal, li pa gen kouraj pou di « sa pa bon ». Senpleman, paske li se yon fanatik. Yon santiman ki anpeche ou pote bon jijman sou sa w’ap wè ka rive fè ou dakò ak vyolans, vanjans ak medyokrite. Bib la di : «  Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo. W’a pran move mès yo. W’a rale malè sou ou » (Pwovèb 22.24-25). Pa bliye ke foutbòl se yon jwèt li ye, byenke li bay kòb. Emosyon li bay pa dire. Kòman’w t’ap jije yon kretyen ki goumen ak zanmi  li poutèt diskisyon match? Ki rapò ki genyen ant zanmitay ak espò ? Ki sa ekip la ka regle de byen pou ou antanke fanatik ? Li pa yon mal ni sa pa vle di ou desann ou devan yon lòt fanatik lè ou aksepte ke ekip li a kale. Se pa sa ou ta swete, men se sa ki rive. Ou pa yon jwè, se yon espektatè ou ye, ou te gen kòm devwa chofe ekip la. Si chofe’w la pa’t pote fwi, ou pa ka chwazi fè mal. Moral yon moun ka bese poutèt yon defèt, men sa pa dwe mennen li fè vye zak ak vye panse.  

CHAK MOUN GEN YON CHWA
Toutotan n’ap viv, n’ap toujou bezwen fè yon chwa. Tout moun gen dwa sa. Bondye pa fòse pyès moun konvèti, paske yo tout fèt ak libète yo. Ou pa oblije ale nan sèvis Legliz ou poutèt yon match si ou pa fè sa ak tout kè’w. Men atann ak konsekans la tou. Gen kèk moun ki wè ke Bondye te responsab nan fwi a ke Adan te manje a paske Bondye antanke Omnisyan ( ki konn tout bagay) te dwe fè’l evite sa. Menm moun sa yo bliye si Bondye te entèdi Adan manje fwi a (Jenèz 2.16-17). Malgre Adan te konnen ke jou li manje li, li t’ap mouri, li te chwazi obeyi ak madanm li. Kòm Bondye pa konn bay manti, Li te fè sa Li te di L’ap fè a. Sa pa retire nan lanmou li pou lòm ki se kreyati li, kifè pita Li pral fè pwovizyon pou li ankò( Jenèz 3.15 ; Women 6.23). Ou ka chwazi aji kontrèman ak sa ki di nan atik sa a, sa p’ap fè’w pa pitit Bondye ankò, men gen konsekans ladan ki ka vin sou plizyè fòm (Ebre 12.5-11). Vrè kretyen an panse ak konsekans peche a avan li tante fè’l.

KONSEKANS FANATIK
Se yon chwa ou fè lè ou admèt ke ou se fanatik tèl ou tèl ekip. Se yon chwa tou, yon lòt moun fè lè li pa fanatik pyès ekip. Antanke fanatik, konnen ke gen konsekans regretab nan kite emosyon kontwole volonte ou.


FE YON CHWA POU FE LWANJ BONDYE
Bondye vle pou tout moun adore Li, e se pou sa Li te kreye nou. Atout sa, Li pa’p fòse pyès moun fè li. Li te ka chwazi zanj yo, oubyen fè yon lòt kategori moun ki t’ap sèvi Li. Lè sa a, Li pa t’ap fyè de glwa sa a, paske Bondye renmen lè yon moun fè yon chwa ak tout kè li (2 Korent 9.7). Si ou santi ke fanatik la ka fè’w manke ak devwa ou anvè Bondye ak frè ou, ou bezwen fè yon chwa. Se pap pou fè tèt ou plezi, men pou Senyè a. Lè ou te nan lemond, ou te konn abitye aji jan’w vle. Si ou vin kretyen, gen kouraj ke sa pa ka menm jan an. Si se sa, ou poko yon lòt moun. Konpòtman’w se youn nan prèv de chanjman Levanjil la fè nan lavi’w. Pwofite pou’w atire kèk nanm ki poko vin jwenn Kris.

PI GWO RANDEVOU A
Nan moman Koupdimond, prèske tout pwogram sibi deranjman paske se yon evenman ki konsène tout latè. Men, èske li saj pou yon kretyen kite sèvis Legliz li pou yon lòt aktivite ki pa gen enterè pou nanm li ? Li depann de kretyen an, selon wòl li jwe nan Legliz li ki pa afekte sèvis yo, pou’l chwazi ant fè Bondye plezi ak fè mond lan plezi. FIFA pran plizyè lane pou’l òganize yon chanpyona tandike nan kèk jou, kretyen an gentan pwograme pou’l swiv tout san manke youn. Eske sa fè lwanj Bondye? Si wi, èske pawòl sa a se pou ou ? « Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou L fè nou favè pou nou viv pou Li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini, Li p’ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou, ni nan nanm nou » (1 Tesalonisyen 5.23). Se pa kretyen an ki pral fè sa, jan anpil moun ta kwè li, men se Bondye nan fidelite Li : « Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske Li toujou kenbe pawòl li » (1 Tesalonisyen 5.24) Eske se paske yon moun pa kretyen ki fè l’ap viv mal oubyen paske Bondye pa fidèl nan pwomès li yo ? Pèsonn pa ka anpeche ou distrè ou, konsa tou, pyes moun pa ka anpeche Bondye akonpli volonte Li.

KONKLIZYON
Pwovèb Ayisyen an di : « Gade pa boule je ». Se vre, paske ou gen tout libète ou pou’w gade foutbòl, men konsèy pa janm twòp. Dèfwa, gade konn mennen lwen, sitou lè gen tantasyon ak konplis ki nan lavi kretyen an, plis anpil obstak ki konn bay okazyon pou louvri pòt pou peche. Men dènye konsèy nou pou ou :

Reflechi avan ou aji : Yon fanatik ka fasil fache lè ekip li [ap] pèdi. Atann ou ak plizyè reyaksyon : Li ka pale fò, joure, tchipe e menm fè’w menas. Bliye ki ran sosyal ou, richès ou, pèsonalite’w. Pito’w reyalize ke plas ou pa’t la. Pran prekosyon pou’w pa kite youn nan reyaksyon sa yo fè’w fache tou. Sil posib, prefere ou deplase. Bib la ankouraje kretyen yo nan chache gen konesans: “ Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men konesans ap sove moun k’ap mache dwat” (Pwovèb 11.9).

Mezire pawòl ou: Pwovèb 10.20 di : “Pawòl ki sòti nan bouch moun k’ap mache dwat, se lò. Men, lide k’ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen”. Pou byen Levanjil, fè atansyon ak sa k’ap sot nan bouch ou pou’w pa fè plis mal ke byen.


Nou kwè ke Levanjil ki mare nou ansanm nan p’ap kite nou nan konfizyon, paske nou se limyè, nou la pou klere moun ki pa konvèti yo, si sèlman nou konpòte nou tankou moun sove tout bon vre. Nou kwè ke Sentespri a gen plis kapasite pou eklere ou  nan konprann ak mete pawòl Bondye a an pratik (1 Tesalonisyen 4.8). Viv Levanjil pou tout tan! Pa di’w pa’t konnen...

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire